Gessica Généus Vle Fè Yon Ti Koze Ak Nou

Ane 2016 la, aktè senaris pwodiktè, Gessica Généus ap ofri nou yon lòt fwa yon pwodwi nanm li ki se yon liv ki rele: Yon Ti Koze Ak Sè M. Liv sila a se yon seri refleksyon sou diferan gran sijè ki toujou okipe lespri jèn yo sitou jèn tifi. Nan sosyete nou an kote fanm reprezante plis pase 50% popilasyon an li enpòtan pou moun ki pase wout la deja sipòte sa ki pi piti yo. Se yon liv kote yon gran sè vle akonpanye ti sè li nan etap difisil adolesans, kote anpil fwa jèn yo poukont yo. Gessica Généus ekri liv sa a, ki se yon temwanyaj de lavi pa li pa rapò a jan li vin konstwi tèt li. Menm si liv sila a plis fèt pou jèn adolesan, kèlkeswa moun ki ap li li a ka jwenn yon fraz, yon tèks antye ki pèmèt li wè bagay yo sou yon lòt ang.

Pou moun ki pa t gentan achte liv sa nan vant siyati yo, ou ka jwenn liv sa nan Asterix nan Petyonvil. E nan fen mwa a, moun Monreyal ka al pran pa yo nan vant siyati ke Gessica Généus pral fè.

Annatandan, men yon ekstrè ki sot nan liv Yon Ti Koze Ak Sè M :

Eske ou vle pami moun k ap trase chimen, oubyen ou vle mache sèlman sou chimen lòt moun fè deja?

Ki moun ou ye? An nou di pito, ki moun ou vle ye? Se vre bon pati nan pèsonalite nou pran rasin nan paran nou ak sosyete n ap viv ladann nan. Men kan menm, gen plas pou nou evolye. Ki moun ou vle ye? Se yon kestyon ki pèmèt ou elimine yon bann aksyon ak relasyon ki nan ou. Eske ou vle pami moun k ap trase chimen oubyen ou vle mache sèlman sou chimen lòt moun fè deja? Eske ou vle mete moun devan lè ou ap mache pou yo ka klere pou ou? Oubyen ou vle brave fè nwa pou ou ka aprann kenbe direksyon ou vle a menm lè pa gen limyè? Eske ou vle kite pase ou defini avni ou? Oubyen ou ap sèvi ak li kòm baz eksperyans ki pral pèmèt ou pran pi bon desizyon? Piti kou li ye, gen espas pou nou konstwi karaktè nou. Anyen pa definitif. Pa chita ap di se konsa mwen ye, moun toujou ap pran avantaj sou ou, moun toujou ap itilize ou, tout sa ou fè pa janm reyisi, ou pa ka fè anyen kont sa… Atitid reziye sa a se li ki pwoblèm nan, tout sa ou ap sibi yo se paske ou aksepte pwoblèm sa a pa gen solisyon. M ap pran responsabilite di ou se manti. Si ou vle pran kontwòl ou ka chanje wòl ou ap jwe nan teyat lavi ou a. Wi ou gen pouvwa sa a. Se pa yon chanjman ki ka fèt jodi pou demen. Men lè ou vle yon bagay tout bon, se pa kantite tan ou ap pran pou jwenn li an ki dwe enterese ou, men se santi nan ou menm ou sou wout kap fè ou jwenn li yon jou kanmenm, se sa ki dwe priyorite w.

 

 

 

Photo credit: Gessica Geneus

Team Woy

Team Woy

Haiti through our voices. Ayiti nan vwa pa nou.

No Comments Yet

Comments are closed