Jan Ayisyen Leve Timoun : Maltretman Oswa Disiplin ?

This post is also available in: English

Jiskaprezan, mwen sonje jan yo te konn leve mwen nan mitan lannwit bik kout rigwaz nan mitan rèl do m paske mwen pa te pote mwayèn ke yo te vle a.

Lè w ap grandi nan yon fanmi ayisyen, ou gen anpil chans pou ou te sibi anpil pinisyon fizik. Nou tout konnen paran ayisyen anpil fwa, kòm paran ki malgre yo gen bon entansyon, ka itilize move metòd pou bay disiplin. Anpil paran estime ke baton ap korije konpòtman negatif oubyen vyolan pitit yo. Jiskaprezan, mwen sonje jan yo te konn leve mwen nan mitan lannwit ak kout rigwaz nan mitan rèl do m paske mwen pa te pote mwayèn ke yo te vle a. Jou aprè baton sa yo, inifòm lekòl mwen te konn kole sou mak kou ki te konn fè mwen mal anpil. Mwen sonje tou yo te konn kite m ajenou pou yon pakèt tan  avèk de gwo wòch nan chak men anba yon gwo solèy samdi apremidi. Kounya ke mwen ap travay nan child welfare (Byenèt sosyal), mwen oblije ap poze tèt mwen kestyon sou vre definisyon maltretman. Eske nou ka konsidere pinisyon fizik tankou maltretman Ozetazini e ann Ayiti? Kisa ki definisyon pa w pou maltretman ?

Definisyon maltretman sou timoun se “nenpòt akt entansyon ke paran oubyen moun ki ap pran swen timoun lan fè sou li ki ka mennen lanmò, domaj fizik oubyen emosyonèl, abi seksyèl oubyen eksplwatasyon.” Oubyen “yon akt oubyen entansyon pou fè yon bagay ki montre risk ki ka fè mal.” Definisyon maltretman ak neglijans sou timoun, fè referans ak paran ak lòt moun ki pran swen timoun yo. Yon timoun ke yo ka mete an kategori sa a se yon moun ki gen mwens ke 18 lanne oubyen ki se yon minè ki emansipe. Sou baz definisyon sila a, èske nou ka di ke pi fò nou menm Ayisyen te sibi maltretman nan yon jan kou yon lòt? Kounya plis pase tout tan, nou wè yon ogmantasyon nan kantite timoun Ayisyen ki ap antre nan sistèm swen pou maltretman, neglijans ak abandon ap ogmante. Sa a se konsekans mank edikasyon ak konesans sou metòd pou bay disiplin.

Gen 4 tip paran: sa ki otoritè, sa kip ran lòd, sa ki chita ap gad ale timoun lan, ak sa ki pa bay timoun lan regle anyen pou li. Nan kominote Ayisyen an nou plis panche sou stil paran otoritè a. Paran otoritè a fè timoun lan vin obeyi epi gen konpetans men yo pa ere, yo  gen difikilte pou yo alèz nan sosyete a, e anpil fwa pa gen konfyans nan tèt yo. Konbyen nan nou ki ka di ke pinisyon sa yo ke yo te enpoze nou yo kite nou san okenn siy anksyete oubyen  estrès apre yon tromatis? Pandan mwen tonbe sou yon videyo pwodiksyon Ayisyen Ameriken, kòmantè chak moun ki te gade li yo te sanble anpil. Se kòmsi paran nou tout te pran kou menm kote a. Manman ak papa fè kont joure oubyen frape, aprè sa yo pase raj yo sou timoun lan. Ou pa mete vyann lan deyò pou li deglaze anvan yo soti travay, ou preske si ke yo pral bat ou oubyen rele sou ou. Yo kite w’siveye ti frè ak tisè w antan ke pi gran, epi youn nan timoun yo mal konpòte li, se ou yo pase men pran. Ou pa rive lakay a lè, yo bimen w anba baton. Ou pa fè bèl nòt yo bimen w ankò. Chanm ou tèt anba, yo bat ou. Jan yo reprezante li nan kèk videyo, kèk paran chèche yon eskiz pou bay baton paske yo te pase yon move jounen nan travay yo. Kounya nou se yon pèp ki gen kòm kilti « sa ki fèt nan kay la ret nan kay la ». Erezman, lwa Ozetazini mete timoun anba siveyans pwofesè, chofè bis, enfimyè ak apre espesyalis laswenyay. Kenpòt mak oubyen maleng parèt sispèk e ka yon ka maltretman. Yon rapò maltretman dwe fèt paske lalwa egzije moun nan pozisyon sa yo rapòte siy maltretman bay leta.

Anpil Ayisyen kwè ke abi seksyèl se yon bagay Blan, pandan ke abi seksyèl nan kilti nou fèt osi souvan ke Ozetazini;  sèl diferans lan sè ke nou pa pale de sa.

Deklarasyon sou ka Ayisyen yo jeneralman gen pou wè ak maltretman fizik, abi seksyèl ak vyolans anndedan kay. Abi seksyèl komen anpil pou plizyè rezon. Pou youn, se yon tabou kiltirèl. Sèks se yon sijè tèlman sansib ki fè nou echwe devan timoun yo toutan. Nou echwe devan timoun yo paske nou pa aprann yo ke yo pa dwe manyen okenn pati nan kò yo ki mete yo enkonfòtab. Nou echwe devan timoun yo paske nou pa tande yo, e lè nou resi tande yo a nou doute sa yo di nou an e nou pa kwè yo. Moun ki ap fè mal sa yo anpil fwa se yon manb fanmi an oubyen yon zanmi fanmi an. Se konn anpil fwa yon moun ke timoun lan fè konfyans. Paran yo pa mete baryè ant pitit yo ak granmoun nan fanmi an. Nou kite tifi chita sou janm monnonk oubyen pataje menm chanm ak yon kouzen oubyen yon zanmi fanmi an ki  soti Ayiti e ki rete ak nou. Tout sa yo se kote ke yon timoun ka viktim manyen endesan. Anpil Ayisyen kwè ke abi seksyèl se yon bagay Blan, pandan ke abi seksyèl nan kilti nou fèt osi souvan ke Ozetazini;  sèl diferans lan sè ke nou pa pale de sa.

Nou ap viv nan yon sosyete kote konpòtman opozisyonel, ipèaktif, agresif nan anfans timoun nan anpil fwa fè prediksyon sou pwoblèm sante mantal pita nan lavi li tankou : echèk lekòl, dwoge, ak kriminalite. Lè timoun yo pa jwenn lwanj nan men paran yo, sa ka mennen ak konpòtman tankou retrè sosyal ak anksyete.  Mankman nan chalè ak sipo lye ak move estim ak difiklite pou yo kontwole emosyon yo, tankou fè rechinya, tèt di, ak rebelyon.  Mankman nan chalè lanmou paran ak patisipasyon pozitif ka kontribiye nan devlopman move konpòtman. Gen etid ki demontre ke paran ki konte sou fòm disiplin agresif pou kontwole pitit yo, gen chans gen timoun ki vin devlope konpòtman agresif tou.

Atik sa a ekri pou leve konsyans kominote Ayisyen an ke enpe nan jan nou elve timoun nou yo e ki te konn fet Ayiti paka fèt Ozetazini paske yo konsidere yo tankou maltretman selon lalwa isit ni lalwa Ayiti tou. Fòk nou pale de sa pandan ke nou ap kenbe lespri nou louvri pou nou aprann epi ajiste jan nou leve timoun. Nou dwe pale de sa nan legliz nou yo, nan òganizasyon lokal nan nivo kominotè ak inivèsite paske nou tounen paran  ke nou te genyen si nou pa idantifye defo ak defèt jan yo elve nou. Sa pa vle di ke nou bezwen pote boure sou paran Ayisyen yo. Atik sa a vle komanse yon konvèsasyon ant nou menm pou nou wè kijan nou ka kase sik timoun ki sibi maltretman sa yo e ki ap viv ak twomatis nan lavi granmoun yo, oubyen sa ki pèdi nan sistèm fanmi dakèy san bousòl.

 

Photo Credit : Gio Jules

Barbara Alcena

Born and raised in Haiti, Barbara moved to Florida when she was 13 to live with her father. At age 15, she entered the foster care system, until she aged out. Barbara is a social worker in child welfare advocating for abused and neglected children. Barbara believes that no children should become the adults spending a lifetime trying to forget a few minutes of their childhood.

No Comments Yet

Comment on this article