Yon Ti Pale Avèk Ibi Zoboi

This post is also available in: English

Pou anpil moun ann Ayiti, maji se reyalite, reyalite se maji. Liy yo pa klè. Mwen ekri baze sou pèspektiv sila a.

Ibi Zoboi se yon otè Ayisyen ki abite Nouyòk. Ti listwa li yo te pibliye nan Dark Matter: Reading Bones, Haiti Noir ak The Caribbean Writer. Premye liv pou adolesan li ki rele American Street, pral pibliye fen ane 2017. Li te fè yon ti echanj lide ak nou nan Woy Magazine, sou jan li wè literati ann Ayiti ak ekri sou yon ang espirityèl.

 

WOY: Premyèman, n ap felisite ou pou nouvo woman ou ke HarperCollins / Balzer + Bray ki pral sòti nan jou ki ap vini yo! Kisa ki enspire istwa sa a ki pale de Fabiola, yon jèn ayisyen ki ap travay pou fè lage manman li ki fèmen nan yon sant detansyon imigrasyon ozetazini ?

I.Z.: Istwa Fabiola sanble yon ti kal a istwa pa mwen ak istwa anpil lòt Ayisyen mwen konnen. Mwen fèt ann Ayiti e mwen rantre nan peyi Etazini ak manman mwen lè mwen te gen kat lane. Malgre ke Fabiola se yon adolesan, mwen pataje anpil nan opinyon li yo ak jan li wè mond lan lè mwen te timoun. Manman m pa te janm nan prizon, men apre yon vwayaj ann Ayiti lè mwen te gen 8 lane mwen pat otorize retounen sou sòl peyi Etazini. Manman mwen te fè tout sa li te kapab pou mwen te ka retounen jwenn li. Jis jounen jodi a, mwen genyen frè, sè ak fanmi ki ap viv Ayiti toujou e ki te eseye jwenn viza men yo toujou jwenn refi. Avèk tout sa k ap pase ann Ayiti kounye a, mwen si ke anpil fanmi ap fè fas ak menm pwoblèm sila a. Mwen te vle mete aksan sou eksperyans yon jèn ti fi 10 lane, men istwa sila a plis pase istwa yon imigran.

 

WOY: Kisa ki te mennen ou a ekri estil literati yo rele “reyalism majik” la ?

I.Z.: Sa mwen ekri toujou sòti nan yon mond espirityèl ak majik. Anvan tout bagay,mwen se yon ekriven fiksyon abstrè. Sa vle di, mwen renmen ajoute yon ti gout  maji ak mistik nan tout istwa mwen ekri. Mwen pa panse “reyalism majik” se yon estil literati li ye, li se yon vizyon. Si mwen ajoute espirityalite nan istwa mwen, se konsa pèsonaj yo eksperimante mond lan. Konsa maji a mawonnen ak reyalite a.

 

WOY : Eske ou panse le fè ke ou sòti Ayiti, yon peyi kote moun pa fè diferans ant reyalite ak maji anpil fwa, ba ou yon pèspektif espesyal nan jan sa a ?

I.Z. : Wi, byen si! Yon lòt fwa ankò, mwen panse tèm “reyalism majik” la se yon bagay yo enpoze sou ekriven kap rakonte istwa a nan yon pespektiv patikilye. Paske, pou anpil moun ann Ayiti, maji se reyalite, reyalite se maji. Liy yo pa klè. Mwen ekri baze sou pèspektiv sila a. E maji sila a, se sa mwen konsidere espirityalite a. Pèsonaj nan liv mwen yo se toujou moun ki priye, e kèk fwa priyè sa yo ekzose. Moman sa yo majik e vre an menm tan. Antan ke ekriven, mwen pa eksplike lektè yo sa.

Mwen, esansyèlman ap ekri pou timoun ki kache andedan mwen an

WOY : Eske se timoun ou yo ki te enspire ou kòmanse ekri liv pou timoun ak adolesan nan moman sa nan karyè ou ? Oswa, èske ou te santi liv konsa te manke lè ou menm ou te ap grandi ?

I.Z. : Se tou lòt jou la mwen deside ekri pou timoun. Se la mwen vrèman panse mwen ka eksplore lide majik ak mistik yo pi byen. Mwen se yon timoun nan kè mwen, yon timoun 13 oswa 16 lane petèt ki p’ap janm grandi. Kidonk ekri nan sans sa a fè ke se pa pitit mwen ki enspire mwen. Menm lè yo vinn granmoun, mwen ap toujou ekri pou timoun. Mwen, esansyèlman ap ekri pou timoun ki kache andedan mwen an. Lè mwen te ap grandi nan Brooklyn ak Queens, mwen te santi ti aspè maji sila a te manke nan anfans mwen.

 

WOY : Si ou te gen chans sa, kiyès nan zèv ou yo ou ta renmen wè tounen yon fim ? E ki aktè ou ta renmen wè jwe wòl prensipal la ?

I.Z. : Mwen ta renmen wè AMERICAN STREET sou gran ekran. Mwen pa ko wè ki moun ki ta ka jwe wòl Fabiola a. Men mwen ta pito yon talan ke moun poko dekouvri ki sòti ann Ayiti oubyen Detroit. Sa t ap ekstraòdinè !

 

WOY : Sou blog ou, ou te ekri “Gen ase literati sou Ayiti apre tranbleman tè a pou fè tout yon seri kou nan inivèsite!” Dapre tout sa ou li yo, èske ou panse nouvo mòd ekriti sila a fè Ayiti lonnè ?

I.Z. : Wi. Tout bon, anpil nan yo fe peyi a lonnè. Eksepte youn. Gen anpil liv ki pibliye sou Ayiti depi 2010. Haiti Noir se sa ki pi enpotan an, mwen panse. Se yon koleksyon plizyè ekriven ayisyen ke Edwidge Danticat edite. Tout talan sa yo nan yon sèl liv. Mwen ekri yon istwa ki rele “The Harem” e sete pandan goudou goudou a. Nenpòt ki liv oswa istwa ki mete aksan sou pèp Ayisyen ak kilti nou ki ekri ak lanmou ak verite fè peyi a lonnè.

 

WOY: Dapre ou, antan ke otè, poukisa li enpòtan pou nou genyen istwa ayisyen sa yo ki reflete pi souvan nan literati?

I.Z.: Nou gen yon tradisyon enpresyonan de Ayisyen ki ap konte listwa depi djab te kaporal. De nan ekriven fanm nwa ozetazini se ayisyen dorijin yo ye : Edwidge Danticat ak Roxane Gay. Sa montre jan istwa nou yo pwofon. Menm moun ki pa Ayisyen yo ekri sou Ayiti avèk anpil gras ak bote, tankou nan liv Island Beneath the Sea ke Isabel Allende ekri. Ka pa gen gwo chantè pòp oswa gwo aktè sinema ki Ayisyen isit, men kado nou se nan literati nou li ye.

 

WOY: Kiyès ki otè prefere ou ? Ki liv w ap li nan moman an ?

I.Z.: Otè prefere mwen se Octavia Butler, Edwidge Danticat, Nancy Farmer, Ayi Kwei Armah. Mwen ap li nan moman, Bone Gap de Laura Ruby ak The Alphabet vs. The Goddess de Leonard Shlain.

Team Woy

Team Woy

Haiti through our voices. Ayiti nan vwa pa nou.

No Comments Yet

Comments are closed