Fanm Fò Alaso!

This post is also available in: English

Bonjou, mwen rele Cristele e mwen adikte a foutbòl.

Kòm se Ayisyen mwen ye, sa pa tèlman dwòl. Apre tou, foutbòl se aktivite prefere nou (fòk mwen ajoute ke foutbòl se aktivite prefere anpil moun nan lemond, avèk 3,3 milya fanatik). Mwen devwe anpil tan a foutbòl, men menm la pa gen ase tan pou mwen prete atansyon a tout bèl mèvèy k ap fèt nan mond foutbòl la, tèlman yo anpil. Mwen menm konn rive rate bèl nouvèl k ap fèt nan pwòp lakou pa nou! An nou pran kòm egzanp ekip nasyonal la, Grenadye yo,  ki ap fè anpil pale anpil ane sa, mete sou tèt sa, sanble medam Grenadye yo tou ap lage baton dènye jou sa yo nan foutbòl. Nan moman an, jèn ti medam nou yo ap patisipe nan chanpyona CONCACAF U17 nan peyi Grenad.

Lòt peyi ki ap patisipe nan chanpyona sa se : Grenad, Gwatemala, ak Kanada nan gwoup A (ansanm avèk Ayiti) epi Etazini, Kostarika, Meksik, ak Jamayik nan gwoup B. Jiska Konya, ekip Ayiti a pase faz gwoup la san pwoblèm, yo bat Gwatemala (3-2), Kanada (2-1), e yo ranmase yon viktwa tèt chaje 13-0 kont Grenad, nan pwòp peyi yo. Konya la, Ayiti genyen premye plas pou gwoup A, Kanada pran dezyèm plas. Etazini pran pemye plas pou gwoup B avèk Meksik nan dezyèm plas.

Pwochen 2 match yo enpòtan anpil pou medam Grenadye yo pou yo ka pote koup la tounen Ayiti. Semifinal yo pral pran plas Vandredi 11 mas 2016 avèk Ayiti (A1) kont Meksik (B2), epi Etazini (B1) kont Kanada (A2). Final la avèk match ki pral bay twazyèm plas pral pran plas dimanch 13 Mas 2016. Sou tèt sa, medam yo ap jwe pou yo kalifye pou Koup di Mond U17 2016 la ki ap fèt nan peyi Jouden. Selon règleman FIFA yo, twa premye ekip nan chanpyona CONCACAF la kalifye otomatikman pou Koup di Mond lan. Sa vle di de chanpyon semi final yo avèk ekip ki genyen match twazyèm plas la. Alò, medam Grenadye yo gen yon gwo chans pou yo fè listwa ane sa.

Kapab se chans ki fè ke pandan n ap selebre Fanm Fò pandan mwa mas, mwa listwa fanm, ke medam Grenadye yo ap bay nou tout rezon sa yo pou nou pi fyè drapo tou. Kapab tou ke se destine. Petèt sa te predi pou nou te ka genyen okazyon sa a pou nou selebre jèn ti medam sa yo jodiya. Tout jan, ochan pou nou medam, jodiya, pandan rès mwa sa, e pou tout tan. Mèsi paske nou pote drapo wouj e ble a lwen konsa. Ou rann nou fyè anpil. Grenadières à l’assaut!

 

Photo via concacaf.com

Christele Felix

Christele Felix

Christele Felix is passionate about all things biology and medicine, and is an aspiring Lupus advocate. Christele is 100% Haitian, except with regards to international soccer, when she sometimes identifies as half Brazilian.

No Comments Yet

Comments are closed