Zafè Legalize Avòtman Ann Ayiti

This post is also available in: English

Chak ane, 50,000 fanm, sitou nan Amerik Latin ak peyi Karayib la, mouri nan konsekans avòtman ki fèt anba chal.

Poto Mitan” se konsa yo rele yo an kreyòl ayisyen,  fanm reprezante 50,49 % popilasyon ayisyen an, epi se sou yo kay la repoze.  Soti nan komès pou rive nan edikasyon, ou pa ka nye kontribisyon fanm nan sosyete a. Kòm pwosperite yon nasyon chita sou byennèt  chak grenn sitwayen, sante fanm se yon priyorite sante piblik nan kesyon politik nasyonal sante espesyalman sante repwodiksyon. Malgre efò sa yo, avòtman nan move kondisyon rete yon pwoblèm reyèl k ap vale teren e ki mal adrese nan sistèm swen sante ann Ayiti.

Mwen sonje youn nan nwit sèvis mwen nan sant matènite Chancerelle twa zan de sa, yon tifi 16 lane ki ansent te vini lopital la avèk gwo doulè nan vant ak seyman nan vajen. Lè mwen poze li kesyon, pandan mwen t ap egzamine li, li pa te admèt ke li te pran okenn medikaman anvan sentòm li te prezante yo te kòmanse. Men mwen konsyan tout mistè ki genyen alantou anpil pratik fanm ansent ayisyenn yo konn angaje lè yo vinn konsilte doktè pou sentòm sa yo. Anpil fwa, yo konsome pwodwi avòtif tankou te ke yo prepare ak fèy espesifik, oswa yon pakèt grenn ke yo melanje ak alkòl. Menaj ti dam sa, ki se yon gason 30 lane, konfese mwen ke li te ba manmzèl ka grenn “Misoprostol” (Cytotec®), yon medikaman pou konbat ilsè men ke tout moun konnen ka sèvi tou pou pwovoke avòtman. Pou rezidan an jinekoloji mwen t ap travay ak yo, se te yon ka woutin. Men,  diskite kesyon avòtman an Ayiti jiska pa ankouraje ; li rete yon sijè tabou.

Daprè atik 262 nan kòd penal ayisyen an, pwovoke avòtman  kenpot kote, oswa moun ki fè li a, se yon zak kriminèl e legalman pini pa la lwa sou tout teritwa peyi a. Malgre lwa sila (oswa petèt a koz de li), konplikasyon nan kad avòtman an kachèt komen anpil, e lakòz anpil vizit nan swen jeneral ak obstetrik. Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS) mete klè ke tout pwosedi pou mete fen a yon gwosès ki fèt pa yon moun ki manke fòmasyon nesesè, oswa ki reyalize nan yon anviwònman ki pa konfòm ak estanda medikl minimal, oswa tou lè de, se avòtman ki pa an sekirite. Emoraji se yon konplikasyon ki rive souvan lè yon fanm ansent eseye mete fen a gwosès yo pa pwòp mwayen yo oswa nan klinik avòtman anba chal, e sa anpil fwa sa mennen a lanmò manman an. Chak ane, 50,000 fanm, sitou nan Amerik Latin ak peyi Karayib la, mouri nan konsekans avòtman ki fèt anba chal. Ann Ayiti, 102 sou 530 lanmò matènèl pou 100,000 abitan se konsekans avòtman ki pa an sekiritè.

Nan pale, Carole te di mwen ke si li te gen opsyon yon avòtman legal e an sekiritè, li pa t ap manke mouri konsa.

Carole, yon jèn fanm mwen egzamine de mwa de sa, t ap pase dezyèm avòtman li. Lè li tonbe ansent, difikilte ekonomik te mete pye, sa ki te pouse li pran desizyon avòte avèk konsantman mari li. Lopital li te vizite a pa te ka ba li sèvis sa, kòm la lwa entedi sa. Se konsa, li te vinn oblije al nan yon klinik klandesten, malgre frè yo te wo. Klinik la pa te difisil pou jwenn, yon sè carole ki te pase pa menm eksperyans la te refere li a yon doktè ke li konnen. Nan yon ti chanm tou pre Lopital Jeneral, Carole sibi yon kitaj, ki se yon pwosedi ki fèt pou retire fetis la nan matris la. Men, kondisyon pwòpte ak esterilizasyon yo te minim, e klinik la pat gen ekipman ase  pou pran swen Carole. Lè li deside al konsilte yon doktè 15 jou apre, li te pal e fèb, ak to emoglobin li ki rive nan nivo anemi grav. Nan pale, Carole te di mwen ke si li te gen opsyon yon avòtman legal e an sekiritè, li pa t ap manke mouri konsa.

Kèk jou apre yon jinekològ ak espesyalist swen VIH eksplike mwen ke pou kontwole konsekans ak danje ki genyen nan avòtman ki pa an sekiritè ann Ayiti, li t ap pi bon pou leta depenalize li. Erezman, nan senk dènye ane yo, Ministè Sante te debat sijè sa a ak plizyè gwoup sosyal nan lide pou pèmèt avòtman avèk total konsantman medam yo, ak swen medical apwopriye. Sa se yon pa ann avan nan kesyon modènizasyon sante fanm ann Ayiti. An reyalite, an Janvye 2016, yon komisyon prezidansyèl prezante yon pwopozisyon pou yon nouvo kòd penal ayisyen pap konsidere avòtman kom yon krim ankò, men gen anpil wout ki pou fèt toujou anvan chanm nan palman an vote e adopte li.

Ann Ayiti,  sanble se sitiyasyon sosyo-ekonomik ki kòz prensipal avòtman pwovoke, donk lwa ki pral vote yo dwe enkli ladan yo fanm ki vle mete fen a gwosès yo pou lòt rezon ke anomali konjenital oswa kadejak, moyenan  yo te bay plen konsantman yo. Li ta pi bon si tout fanm te kapab diskite sije a ak doktè yo san jèn. Se devwa leta pou garanti pi bon swen sante bay popilasyon an, e lasante pa enkli sèlman kò a ; sante gen ladan li tou mantal ak ak byennèt emosyonèl.

Ka pou avòtman mande yon maryaj aktivism ak kominikasyon sante efikas. Anpil fwa, baryè nou genyen pou amelyore sante fanm ann Ayiti gen rasin yo nan kwayans tradisyonèl ki pa kòrèk. Yon anfaz sou enpòtans ki genyen nan fè bon etid syantifik sou pwoblèm sante piblik sila, epi yon defans efikas sou fason ki pi bon pou anpeche konsekans yo dwe fèt. Apre tou, prevansyon koute mwens kòb pase jesyon konplikasyon ki lye a pwoblèm avòtman an, epi kòm estatistik ki fèk pibliye yo demontre, leta gen lontan li apovri.

Kenny Moise

Kenny Moise

Dr. Moise is a medical doctor, currently living and working in Haiti. He is the co-founder of IntregAction. He can be found on twitter @KennyMoise, where he tweets about his interests in public health, politics, social development and art.

No Comments Yet

Comment on this article