Omaj Pou Erick Charles

Ki moun ou ye ki renmen mizik pou w pa ta konn vwa sila a ki fè lontan ap chante lajwa ak lagete, limyè kou blakawout?

“Jou ale, jou tounen men yo pa janm sanble. Yo chak pote koulè pa yo, konsa tou yo vini ak nouvèl ki sanble yo; dèfwa yon katastwòf ki mete dlo nan  je.”  Mizik la pran yon lòt koub ankò jou mèkredi 24 fevriye nan maten. Moun Ayiti kou nan dyaspora aprann ke yon vwa ki te konn fè li plezi pa la ankò. Tankou yon zenglendo lanmò kase men lavi a pran li.

Ki moun ou ye ki renmen mizik pou w pa ta konn vwa sila a ki fè lontan ap chante lajwa ak lagete, limyè kou blakawout? Se te yon epòk kote Ti Manno te fin fè firè nan peyi Dayiti! Medam yo te fou pou li, e ti mesye yo te vle menm jan avèk li. Ti Manno mouri trè jèn malerezman, e li kite yon vid nan mond mizikal la dèyè li. Se nan epòk sa a jèn chantè tankou Erick Charles te ap jwenn enspirasyon e kòmanse parèt sou sèn lan.

Nou vin kòmanse konnen Erick avèk Siwo Dayiti nan ane 1990, ki te soti albòm ki rele “E braceros yo.” Felix Lamy,  gwo animatè radyo, te konn mande nou pou nou koute byen vwa jenn chantè sa a.  Tit tankou Conversation, Braceros, Zenglendo te fè chimen pa yo sou albòm sa. Erick vin kite Siwo Dayiti an 1991, epi li ale nan DP expres. Ansanm yo te lanse 11èm e dènye albòm DP Express. Albòm lan te rele « DP Tounen » avèk tit tankou « Sa ka mòde », « W ale », ak  « DP Tounen ». Se te yon sipèb albòm, e se la tout moun kòmanse vreman wè Erick Charles.

Se te yon fwa an 1994 nan Senmak, Manno ak Vardy  pa te disponib pou pèfòme ak Mizik Mizik. Sou  konsèy Choupit Jacquet ki te konn kapasite li, mayestwo Fabrice Rouzier jwe pou premye fwa avèk Erick Charles sou sèn, Kay Pè Yoyo. Istwa damou  Erick Charles avèk Mizik Mizik kòmanse jou sa a. An 1997, sou albòm “Ki Moun Ou Ye” Erick Charles vin entegre Mizik Mizik ofisyèlman.

Lè Erick te fèk kòmanse ap chante avèk Mizik Mizik, mwen te tèlman abitye ak vwa Manno Obas ak Vardy  nan djaz la, mwen pat finn dakò ak direksyon nèg yo te vle pran ak nouvo vwa sa. E pou tan, se konprann mwen pa te konprann sa ki t ap fèt la. Paske pran yon nèg ki sot nan DP Express lè nouvo jenerasyon an te kòmanse abitye ak vwa nèg tankou Sweet Micky, Papach, se te yon risk. Lè Kanaval rive se te wololoy, Erick Charles montre ke li ka anime tout yon foul san mizik, li montre ke li te gen yon kapasite ekstraòdinè pou enpwovize e anime. Se lè sa mwen konprann ke Erick Charles te gen yon vwa klè ak yon enèji san parèy. Fabrice, Keke, ak Choupit yon lòt fwa ankò montre jeni yo nan chwa sa a.  Depi lè sa kiryozite mwen pouse mwen koute Erick Charles plis. Men lè Erick Charles pran m nèt, vòlè m, ale avè m se nan “Ayizan”. Nan vèsyon twoubadou a, Jude Jean te mete yon bèl touch sou “Ayizan”, e Paul Beaubrun tou fè yon bèl travay ak vèsyon akoustik li a an 2014, men pap janm gen parèy, pap gen lòt ki ap kapab idantifye li a mizik sa, sèlman Erick Charles. Avèk kokennchenn talan li te genyen an, li te gen kapasite chante nenpòt stil. Erik chante konpa, li chante yanvalou, li menm arive rap nan piblisite. 

Erick se youn nan chantè konpa ki te plis angaje li. Li te toujou ap voye Ayiti monte. Gilbert Ravix ki te nan Mizik Mizik ansanm ak Erick Charles eksplike nou “Erick te gen yon gran rèv pou peyi li… petèt li t ap viv nan on rèv tou. Lanmou li te genyen an te tèlman sensè, ke gen anpil moun ki pa te konprann li, gen moun ki te menm pase li nan betiz tou. Se yon moun ki te toujou panse ak kè li.”  Lè ou chita tande pawòl li te chante sou mizik li yo, ou ka wè lanmou sa, ou ka wè rèv sa li te genyen pou peyi li. Men li pat konsène nan koze Ayiti nan mizik li sèlman. Erik te fè travay pou ede moun. Li te monte yon Fondasyon ki te rele FEED (Fondation Erick pour Enfants Démunis) pou mete kòz la epi chache plis wout solisyon a pwoblem timoun kou granmoun.

Anpil ki te tou pre li, viv ak li, tande li, pale de li tankou yon frè, yon moun ki toujou ap ankouraje moun, yon gason vanyan, djanm pou batay ak lavi a. Gilbert Ravix raple’l de konsèy Erick te bay li “Jwe ak kè w. Kite w ale. Fè kòmsi se nan twalèt lakay ou w ap chante.”

Erick Charles plante  tankou mapou nan tè kilti lakay, yon ideyalis, yon Ayisyen ki te reve pote kole nan fè peyi li bèl. Pou anpil nan nou fanmi, zanmi, mond mizik la, absans ou pral fè nou santi nou tankou yon bato ki a la deriv. Men nou remèsye li pou enfliyans li kite sou mizik Ayisyen, e pou dividal bèl mizik li kite dèyè pou nou danse, pou nou chante. Repoze an pè, Erick Charles.

Photo via chokarella.com
Madjiny Ladonis

Madjiny Ladonis

Mwen fèt Ayiti nan Petyonvil. Depi timoun mwen renmen teknoloji, mizik, comic book ak sinema. Mwen se yon enfòmatisyen, yon antreprenè, e yon fanatik malad mizik ayisyen.

5 Comments