Medam Symbi Roots Yo: Mizik Rara Yon Lòt Jan

This post is also available in: English

Woy Magazine te gen plezi pale avèk Symbi Roots, yon gwoup jèn fanm ki ap fè mizik rara avèk yon nouvo apwòch atistik.

Nou pa ni dyab, nou pa ni gen foli gason…Nou  jis vle bay rara a yon dimansyon pi atistik epi montre ke egalite fanm ak gason an ka egziste nan tradisyon kiltirèl yo tou.  

Ki lè gwoup Symbi Roots la fonde? Ki kote nou te rankontre?

Symbi Roots egziste depi an 2005.  Medam ki atis nan Symbi Roots yo reponn a  ”apèl pou vin manm” ke administrasyon gwoup la lanse preske chak ane. Sa vle di, tout moun se enskri yo te enskri, ranpli fòmalite pou yo vin manm. Sa vle di, yo sòti tout kote.  Atis ki te sou pakou a ane sa, majorite nan yo gen 6 zan depi yo manm gwoup la. Symbi Roots gen 10 zan depi li egziste.

Èske nou te leve nan kilti rara a? Ki kote nou te aprann jwe enstriman yo?

Medam kap jwe nan Symbi Roots yo pa vrèman leve nan mizik rara. Men nou konnen ke tout Ayisyen, menm lè li ta leve nan yon fanmi kretyèn, gen rara a nan san yo. Se andedan Symbi Roots ke tout atis Symbi Roots yo fòme, aprann danse, jwe pèkisyon, jwe teyat, aprann apresye mizik rara a. Sa fèt gras ak diferan atelye fòmasyon (art workshop) ke direktris ak propriyetèz gwoup la toujou met sou pye. Tout moun, san prejije, ka vin atis nan Symbi Roots. Sa se youn nan fasèt sosyal ak edikatif nou. Anpil jèn fanm antre nan Symbi Roots sèlman ak volonte yo kòm zam, answit yo vin yon atis. Fòmasyon yo bay gratis e tout atis ki fòme nan Symbi Roots touche nòmalman pou tout spektak yo jwe.

Kiyès ki modèl nou nan mizik rara a?

Symbi Roots pa gen yon modèl nan mizik rara a paske sa n ap fè yo trè orijinal. Kòm nou se premye gwoup rara eksklizivman fanm nan peyi a, anpil lòt gwoup fanm vin swiv nou  nan chimen sa.  Nou se premye gwoup ki eseye depase degizman ak koregrafi tradisyonel yo poul pote inovasyon atistik nan kote « visuel » rara a. Symbi Roots se premye gwoup tou ki vrèman marye koregrafi kontanporen, teyat, fashion ak mizik rara a. Symbi Roots se yon gwoup « street art » ki gen anpil respè pou tout bann rara, ansyen ak nouvo. Nou enspire de tout bann rara ki egziste paske travay n ap fè a baze sou rechèch ak inovasyon.

Kiyès ki te panse a konsèp degizman kanaval nou an? Kisa nou te vle senbolize avèk degizman Kanaval sa?

Se Dieuvela Etienne, fondatris, direktris atistik, ak chantèz gwoup la ki fè konsèp degizman Kanaval 2016 la. Se li ki toujou siyen tout kreyasyon gwoup la. Sa nou te prezante a se yon pati nan yon espektak n ap devlope ki rele :  “Sol-Mi-Tole ou Bri lari a”. Se yon pèfòmans “street art”  ou ankò yon « spectacle de rue » ki vle senbolize plizyè tradisyon ak mès peyi Dayiti. Ann site sèlman : skilpti “Fè Dekoupe”, aliminyòm (pou degizman an), zen kap pete nan lari a ( pou jès yo), tout kalite bri kap pase nan lari a (pou son yo).

Pale nou on ti kras de ki jan sa ye pou nou kòm yon gwoup rara fanm? Ki jan sa afekte travay nou?

Premye denominasyon « Symbi Roots » se te « Rara Fanm ». Nou adopte non Symbi Roots la an janvye 2014. Rara Fanm (Symbi Roots) se te kareman yon revolysyon nan peyizaj kiltirèl ayisyen an, moun yo potko janm wè sa nan Pòtoprens. Nou te jwenn anpil pèsekisyon lè nou te fèk parèt. Pèsekisyon seksist (sak deside ke se foli gason nou genyen paske se gason ki te konn jwe rara), pèsekisyon relijye (sak deside se dyab nou ye paske nap jwe enstriman tradisyonèl), prejije sosyal ( sak panse ke nou se ti fanm andeyò, ke nou pa entelektyèl paske n ap fè kilti popilè). Antouka, nou pa ni dyab, nou pa ni gen foli gason, epi anpil nan nou gen nivo inivèsitè. Nou  jis vle bay rara a yon dimansyon pi atistik epi montre ke egalite fanm ak gason an ka egziste nan tradisyon kiltirèl yo tou.  

Ou ka like paj Symbi Roots sou Facebook

Photos via: PleziKanaval 

Feature Photo: Dieuvela Etienne
Team Woy

Team Woy

Haiti through our voices. Ayiti nan vwa pa nou.

No Comments Yet

Comments are closed