Pran swen tèt ou, yon devwa!

This post is also available in: English

Mwen leve yon jou mwen di moun lakay mwen fòk mwen ale Okap. Mwen vle ale e fwa sa a mwen ap mize anpil nan wout. Mwen damou Okap paske se yon bò nan eritaj familyal mwen, pou listwa ki prezan nan tout vil la,  men sa nan Okap ki fè kè mwen makònen avè l, se lanmè a ke mwen gen lenpresyon ki ap mache kòt a kòt avè m. Eske mwen oblije raple nou ke li pi abòdab pa bò isit ke nan kapital la kote mwen soti ? non! Aswè a pandan ke mwen te kouche nan fè nwa ap tande bri lanmè a (mwen gen chans fè ladesant  tou pre li) mwen fèmen je mwen pou mwen te ka kite kè poze sa a rantre nan mwen. E se konsa mwen rann mwen kont kijan tèt mwen, kò mwen, nanm mwen te bezwen yon ti moman pou li, kote li ap resouse l. Apre yon tan mwen vin ap reflechi a yon dividal sijè epi yon kestyon monte nan tèt mwen: èske lakay yo aprann nou pran swen tèt nou?

èske lakay yo aprann nou pran swen tèt nou?

Lè mwen monte wo nan souvni dantan m, mwen wè granmoun ki chita sou dodin oubyen ti chèz ba sou galeri oubyen anba yon pyebwa pou li fè yon kabicha, fimen pip li, bwè yon kafe, yon te, elatriye. Sèn sa a se ti moman pa granmoun lan kote li ka ap vwayaje, sonje oubyen kalkile . E yo te toujou vle pou timoun pran yon moman nan jounen an pou yo dòmi pou yo ka grandi byen, se ka pou granmoun yo te ka gen repo ak yo tou. Kelkeswa vre rezon an se yon bon abitid fè ti kabicha sila a pou rebalanse pou rès jounen an. Men kisa ki rive lè kò a, sitou lespri a bezwen yon poz?

Jounen jodi a, reyalite a vini yon lòt jan. Moun pa gen tan pou fè anyen, youn nan pi gwo manti nou bay tèt nou.  Pa gen tan pou manje byen, pa gen tan pou dòmi byen, pa gen tan pou pale ak moun, pa gen tan pou li, pa gen tan pou menm respire men o mwen nou jwenn yon ti tan pou plenn ou sinon sa ta va mal nèt. Chak plenn kay yon ayisyen se yon tout tribilasyon soufrans desepsyon ki sòti nan yon son. Lè ou rive nan limit kote ou pa janm byen li lè li tan pou w pran swen tèt ou. Pran swen tèt la kòmanse pa pran konsyans ke ti kò sa w ap viv ladann lan se sèl ou ki mèt li e se sèl ou ki pou pwoteje li ou ba li tan sa pa vle di ou egoyis pou sa.

Nan moman kote anpil move nouvèl ap vin jwenn nou pasi pala menm nan pwòp peyi nou, ak estrès lavi di, konplikasyon nan fanmi, ak konba pèsonèl, li enpòtan pou sante fizik ak mantal nou pou nou resouse nou pou nou ka kontinye batay lavi a pi djanm. ou ka kòmanse pa:

– tande mwens nouvèl, enplike w mwens nan politik nasyonal kou entènasyonal pou yon moman. Fè yon ti kanpe sou sa pa vle di ke ou dezenterese a limanite.

– Leve bonè pou w al mache pandan solèy la ap leve si bò lakay ou sekirize. oubyen fè yon jan chita lè zapremidi gade li ki ap kouche.

– tounen nan sa ou te renmen fè. Pa egzanp: li yon liv, tande plis mizik, gade bèl film, ekri panse w.

– kreye yon tan pou w chita pa fè anyen ap dodine kou granmoun lontan oubyen kouche pa fè anyen pou w repoze w’.

– chwazi yon kote pou w fè yon reyini fanmi w oubyen zanmi w.

– fè plat manje ke ou te anvi fè depi kèk tan an. Vhita manje kont zaboka ak kasav ou, manje mango pou sòs la anvayi w. tiye tèt ou nan kenèp ak pistach.

– pran machin ou oubyen mobilize moun ki gen machin pou w al nan mòn monte cheval, chita manje ansanm, bay blag.

– deside ponponnen kò w de la tèt o pye, benyen nan pafen, mete w bwòdè kou pan, menm si se pou w chita lakay ou.

– pran yon beny fèy nan mitan lakou lakay ou kote w ap koule tout tèt ou, fwote tout kò w.

– achte yon kado pou selebre akonplisman w.

– kreye yon nouvo aktivite pou distrè w’ oubyen pou anrichi lespri w.

– travay plis sou espirityalite w. mete w an amoni ak tèt ou. rele lanmou, lapè ak limyè nan ou.

– al kay yon espikològ si w santi ke w bezwen èd pou w monte yon pant ke w paka grenpe poukont ou. Sonje, demen ap miyò ak yon bon tretman.

– simaye lanmou bay moun ki toujou la avè w ak pou ou. lanmou sa a ap tounen jwenn ou.

– block and report as spam/ unfriend ni sou rezo sosye ni nan lavi reyèl mezi se moun ki toksik nan lavi w. Pa neglije paske ou te ba yo ase nan tan w deja e yo detwi l kounya se tou pa w pou w vanse.

– Elimine mizik ki fè w anvi tounen al jwenn ex sa a ki te maltrete w.

– kite vye mennaj sa a ki plis fè w mal ke ede w vanse ak ba w lanmou. ou merite plis ke sa.

– pran ti randevou pou w aprann konn nouvo moun. oubyen ak ansyen moun ou pou ti moman siwo myèl.

– pran tan pou w dekouvri tout emosyon ak diferan pèsonalite ki nan ou.

– kanpe devan glas di tèt ou ke ou renmen l menm si nan kòmansman an li ap parèt yon jan dwòl nan zòrèy ou men fè li.

Deside pran swen tèt ou se yon demach ki difisil paske presyon lòt moun ka fè w panse ke ou egoyis, ke ou paresèz, oubyen pi mal ke ou gen foli. Wi ou gen foli menm. Ou chwazi gen foli aprann renmen moun ou ye a, sa vle di renmen pran swen li chak jou. Li difisil tou paske nou pi fasilo ka lonje men bay lòt ke lonje men bay tèt nou lè nou nan bezwen. Nou panse nou fèb si nou kanpe nan wout pou pran souf, nou panse ke nou pa ekselan si sa nou fè pa pafè, nou panse nou pa vo anyen paske nou diferan de lòt moun yo.

Pran swen tèt ou, sitou nan yon peyi kou pa nou an ki toujou gen yon kouri se yon zak ki mande anpil kouray, paske nan mitan tout blakawout sa a ou deside leve kanpe pou w chache solèy pa w la!

 

Doris Lapommeray

Doris Lapommeray

Doris Lapommeray (Pommeris) is a Haitian architect and co-founder of Woy Magazine. Doris is a creative and lover of the arts, a painter, drawer, and jewelry maker.

No Comments Yet

Comments are closed