Woy Mizik : RAM 6 Manman M Se Ginen

This post is also available in: English

“RAM 6” la transpòte ou, ou ta di w ap viv yon pèfomans RAM jedi swa nan Otèl Oloffson.

Pandan lespri ou te okipe ak ensètitid politik ak kesyon kanaval an Ayiti, RAM lage yon albòm aprè 12 lane. “Li te lè, li te tan !” Morse , chantè prensipal gwoup RAM te pran tan pale de moman yo chwazi pou lage albòm lan. “RAM 6” se yon pwojè ki gen 12 mizik ke Lunise, Richard ak yon koral 5 moun chante sou li. Pou kontinye avèk tradisyon an ki se fè nouvo entèpretasyon ansyen mizik foklorik ayisyen, RAM 6 revizite kèk melodi  ki familye swa paske nou tande yo deja nan repetwa ansyen mizik RAM ou ankò paske nou tande son sa yo nan kanaval ki pase yo.

Albòm lan konmanse ak “Papa Loko”, yon chante an lonè premye prèt Vodou a, ke RAM te deja mete pwòp touch pa l nan kanaval 2014 yo “Se pa sa w te di mwen“. Aranjman nan Papa Loko sou RAM 6 kenbe menm enèji mereng kanaval la, men ranplase solo Tanbou a pa yon solo batri. Lunise li menm te deja  fè  nou tout chante lapriyè ke nou jwenn sou “Koulou Koulou” a nan Kanaval RAM 2013 la, “Men bwa w“. Apre sa, gwoup la mete pwòp touch li sou yon klasik Koupe Cloue ” Jije m Byen “. Malgrekèk nan melodi sa yo gen dwa pa nouvo pou nou , mizik la rete ekstrèman enteresan.

Richard Morse di konsènan son ke li prezante nan pwojè a ” nou konprann pi byen konya kijan nou kapab mete filing “live” la sou yon anrejistreman.” E vreman, se pa manti li fè. Gwoup la ak aranjman rara ki sou “RAM 6” la transpòte ou, ou ta di w ap viv yon pèfomans RAM jedi swa nan Otèl Oloffson. Kit ou se yon Ayisyen k’ap viv a letranje ki nostaljik oswa k ap viv nan peyi a ki ta renmen yon repi de klima politik aktyèl la, ou ankò yon moun ki pa twò konesè de mizik ayisye, ou ta dwe tande dènye album RAM sa. MÈSI anpil pou bèl sipriz sila, RAM !

Ou kapab achete album nan sou iTunes  ak Amazon 

Li disponib tou pou tande sou Spotify  :


 

Team Woy

Team Woy

Haiti through our voices. Ayiti nan vwa pa nou.

No Comments Yet

Comments are closed