“Florida Water” rekreye souvni Ayiti yon reyalizatè

This post is also available in: English

Se yon kolaj vizyèl de memwa ak imajinasyon

Numa Perrier, ki se yon reyalizatè ayisyèn-ameriken, aktris ak kofondatè “Black&SexyTV” mete deyò fim tou kout li “Florida water” nan Art Basel 2015 nan lakou Miami. Nan 6 minit, Numa Perrier akouche souvni li, komanse pa yon ansyen foto manman l nan Pòtoprens, Ayiti.

Foto a montre manman Perrier nan yon seremoni tradisyonèl, ki kanpe avèk de lòt fanm ki abiye an swa koulè wouj. Perrier ki rekonèt manman byolojik li jouk lè li te 17 ane fin vye granmoun di ke li te chwazi jwe wòl manman l’ “pou ka pi pwòch li epi pi byen konprann li.” Konbinezon plizyè mòso nan memwa li, e sa li te kapab ranmase a pati de yon ansyen foto ki finn pèdi koulè, louvri pou nou yon bèl fenèt nan lespri Perrier, e yon mayifik prezantasyon de kilti ayisyen an.  “Se yon kolaj vizyèl de memwa ak imajinasyon,” selon Perrier.

via houseofnuma.com

 

 

This post is also available in: English

Team Woy

Team Woy

Haiti through our voices. Ayiti nan vwa pa nou.

No Comments Yet

Comments are closed