Kisa w fè ak 2015 la, Tonton Nwèl?

Ki tenten sa Tonton Nwèl ?
Tonton Nwèl sa fè 3 lane depi mwen ekri w, ou pa janm fè m repons.
Mwen fristre, mwen fache, ou pa janm di way.
Ane sa a pa gen wout pa bwa ou oblije fè menm yon onons.
San sa, mwen pa kache di’w m’ap pete deblozay.
Mèsi pou ale ak Lamòt pou nou, men pouki ou voye Opont?
Kisa nou ka fè ak Opont lè menm granmoun pa mete kilòt ponpon ?
Tonton Nwèl, fè yon bagay paske nou pran nan pongongon.
Ane sa a, menm si se pa gwo, pote ti rad pou nou ka abiye ton sou ton.
Tonton Nwèl,  eske se ou ki bay Moises J. Charles chwal  sa a ?
Eskize m paske m ap poze anpil kesyon, men mwen bezwen repons pou kesyon sila a.
Soti Okap pou rive Petyon Vil, Moises fè chwal la tounen yon cha.
Monchè si ou pa ka reponn mwen ti kesyon senp sa a, konnen ou nan chacha.
Tonton Nwèl, ou kite Wyclef dechire Im Nasyonal la, sa se mechanste.
Ou konnen Ayisyen renmen’w menmjan nou renmen te.
Nou bwè, te nou bwè te, men anpil kontinye gen dyare anba kolera enpòte.
Tonton Nwèl, pou tout moun ki mouri nan kolera yo, jitis ak reparasyon n’ap mande.
Micheal Guirand tande yo pral fè yon nouvo konsèy elektoral, li kite Carimi.
Misye nan menm dayèt ak zanmi m ki nan Primati.
Tonton Nwèl, twòp atis nan politik, bagay sa a kreye plis lavi di.
Ou ka wè bannann yo se pou enpòte, pèp la oblije lage nan manje pitimi.
Tonton Nwèl, ki relasyon ou genye ak mandatè? 
Nan eleksyon ki sot pase a, yo fè manda yo tounen yon move matyè.
Mwen pa konprann ou Tonton Nwèl, ou pran Black la nan men nou epi ou ba nou LAPEH.
Ale an pè Black La, mwen swete yo antere ou ak yon meday menmsi se youn an fè.
Tonton Nwèl, Bannann pa tonmtonm e yo vle fè nou vale l san kalalou.
E jan yo kanpe a, mwen panse yo pap gen pitye, menm pou moun ak maklouklou.
Ou oblije di yon mo paske sanble tout moun yo sou kou.
Mèsi Tonton Nwèl Donald Trump pa Ayisyen, men kote ou jwenn salopri yo rele Luco Desir a ?
Eske ou ka di m kote w jwenn bann kandida k ap mande popilasyon an pou “apwoche bò bòt la”?
Tout kandida omofòb, men tout ap fè je dou nan postè kanpay.
Jan bagay la ye la a sanble Ayiti ap pote dechay.
Tonton Nwèl sa fè 3 lane depi mwen ekri w ou pa janm fè m repons
Mwen fristre, mwen fache, ou pa janm di way.
Etant Dupain

Etant Dupain

Fearless and adversarial journalism

No Comments Yet

Comments are closed