Nou Bezwen Yon Nouvo Apwòch Pou Trete Maladi SIDA Ann Ayiti

This post is also available in: English

This post is also available in: English

Ak 28 lanne sou tèt li, Mariette se yon fanm vanyan ki chaje rèv plen lespwa pou pitit li. Li ap pote dèy mari li kli mouri lòt jou la a ak SIDA. Li menm tou li enfekte ak viris la, li oblije resevwa yon terapi 3 dwòg regilyèman nan lopital Justinien nan Okap. Souvan, Mariette ak pitit fi li fè 45 minit vwayaj sot nan peyi li Lenbe rive Okap, ki se dezyèm pi gwo vil peyi dAyiti, pou li resevwa tretman an. Tankou Mariette, anpil nan moun ki enfekte ak VIH la ki ap viv ozalantou Okap, fè vwayaj la pou rive nan lopital Justinien an pou fè swivi nan klinik.  

Mariette se youn nan moun ki gen chans pou benefisye de tretman antiretwoviral. Pandan ke dwòg antiretwoviral yo te gentan aksesib nan peyi endistriyalize yo depi lanne 1996, se jis an 2002 ke Global Fund fè Ayiti yon don pou konbat SIDA, tibèkiloz ak malaria, sa ki te mennen premye pwogram pou tretman ke de òganizasyon te ap lite kont maladi sou teren depi premye lanne yo. Nan menm ane sila a, Oganizasyon Mondyal pou Sante mete deyò yon gid pou tretman VIH/SIDA pou premye fwa nan listwa.

Malgre tout kalite pwogrè sa yo, se pa tout pasyan ki enfekte ki te ka benefisye de terapi a touswit apre yo fè diagnostik la, tout sa paske tretman an koute chè e pa gen asirans sante.  Jan pwogram NasyonZini sou VIH/SIDA te fè wè li, “ an 1998, pandan ke 95 pousan moun ki enfekte ak VIH te ap viv nan peyi pòv yo, preske okenn nan yo pa te gen aksè a terapi antiretwoviral la, ki te koute nan epòk sa a ant $12,000 a $16,000 pa an pou yon pasyan.” Pami lòt rezon, ta sanble se konsa ke World Health detèmine ki pasyan ki te ka jwenn tretman an paske li te twò chè pou jwenn pou tout moun; kidonk yo chwazi moun ki te vanse anpil ak maladi a, sa ki te pi malad yo. Se sa ki fè, se lè Mariette byen mal ke yo te resi etène li lopital la epi yo te deklare ke li te pare pou fè tretman a dapre òdonans gid 2010 la, sa ke yo itilize kounye a ann Ayiti. Delè ant lè diagnostik la ak lè pou pasyan an kòmanse tretman an, fè risk pou transmèt viris la an plis de lòt konsekans sou sante li. Malerezman se listwa plizyè milyon moun ki enfekte ak VIH la.

Pou nou ta rive bese sou jan VIH/SIDA a ap pwopaje epi elimine li pou 2020, esyantifik yo ap planifye yon pi bon estrateji ki rele “ teste-epi-trete”. Estratji sa a vle ke yo kòmanse terapi touswit apre yo jwenn tès VIH la pozitif, kelkeswa paramèt byolojik ak klinik moun lan jan li te ye anvan. Apwopo nouvo apwòch sa a, yon piblikasyon resan nan jounal medikal THE LANCET di:” olye nou nan jere presyon tout la sent jounen sou nouvo moun ki ap enfekte, fòk to lanmò a bese… Transmisyon maladi a ta ka redwi nèt jis epidemi an ta rive nan stad li elimine nèt.” “teste-epi-trete” reprezante nannan estrateji OMS la pou tretman VIH la e gade li pibliye nan mwa septanb 2015, trèz lanne apre piblikasyon orijinal la. Kidonk si gouvènman an travay pou aplike sa a nan yon plan nasyonal pou elimine VIH/SIDA ann Ayiti, plis moun tankou Mariette te ap kapab kòmanse terapi a pi bonè ke li te kòmanse e yo te ap gen plis chans pou siviv san yo pa pase viris la bay yon lòt jenerasyon.

Jodi a, Ayiti nan yon pwen malouk nan trant lanne maladi sa a genyen li ap pwopaje, men li fè fas kare ak anpil tchalenj pou li rive onjektif nou. Nan lide pou rive akonpli tout gwo pwomès “teste-epi-trete” a, fòk gouvènman an ta travay pou ranfòse sistèm sante a pou evite pèdi plis doktè ayisyen ki pati kite peyi a chak ane. Batay kont diskriminasyon ak estigma dwe tounen yon priyorite paske lavi chak grenn moun gen valè, kelkeswa estati sosyal li. Nonb sant pou al fè tès ann Ayiti yo dwe ogmante pou nou ka detekte maladi a pi vit. Nou dwe tou, kontinye edike jenès la sou viris la. Marie-Ange, pitit fi Mariette la, gen douz lanne sèlman, men Mariette fè yon jan pou li transmèt li konesans li ak eksperyans li sou jan li ap goumen ak maladi a. Nan fen jounen an, pandan solèy la ap kouche, Mariette monte kamyonèt la ak pitit fi li pou li tounen nan peyi li, Lenbe. Akòz de tretman antiretwoviral la, Mariette kontinye gen lespwa.

Kenny Moise

Kenny Moise

Dr. Moise is a medical doctor, currently living and working in Haiti. He is the co-founder of IntregAction. He can be found on twitter @KennyMoise, where he tweets about his interests in public health, politics, social development and art.

No Comments Yet

Comment on this article