29 Novanm 1987: Mwen te la, Se Vote M te Vle Vote

This post is also available in: English

29 Novanm 1987 pèp ayisyen ta pral vote nouvo ta pral vote nouvo lidè apre rejim Duvalier te fin tonbe. Yo te oblije anile eleksyon sa yo paske lame ayisyen te toupizi plizyè santèn elektè ki te sòti al vote jou sa. Lunise Jules jan li te viv evènman sa.

An 1987, moun ki te gen aparèy leta yo nan men yo pat fen tankou nèg jounen jodi a. Mesyedam 1987 yo pat kontante yo aplike teknik vòlè vòt pèp la. Nèg 1987 yo te pi fò nan anpeche pèp vote, touye moun e fizye moun, epi entimide moun avèk cha lagè ki te nan men yo.  

An jeneral, lè map rantre lakay mwen Ann Ayiti, si map soti Petyonvil, mwen rayi pase sou wout frè akoz blokis ki pratikman deklare lapèmanans nan zòn sa. San konprann pouki, Vandredi 20 Novanm ki sot pase a, nan apremidi, mwen deside pase pa wout frè  pou m soti Petyonvil rive nan Jakè. Kek minit apre mwen fin rantre nan lakou lakay mwen, mwen aprann ke delma 95 , wout nòmal lakay mwen te enposib, wòch, kawotchou k ap boule, lòbey. Se te premye fwa manifestasyon kont eleksyon 2015  yo te vyolan konsa. Erezman lide mwen te di m pa pase sou Dèlma. Mwen soulaje, kontan ke mwen te an sekirite. Pèsonn pa ta imajine ke madanm sa ki pè konsa jou 20 Novanm 2015 la te nan lari  Pòtoprens 29 Novanm 1987, tankou yon anjandre, ap chache wout pou li ale vote premye fwa nan vi li.

7 Fevriye 86, lè pouvwa Divalye a kraze, mwen te kwè mwen t ap reve. Mwen te kontan rejim sa te al bwa chat. Mwen pat kapab sipòte awogans makout yo, mwen te rayi jan nenpòt moun te ka disparèt san chèf yo pat gen pou rann kont pou la vi yo tap detwi. Rèv mwen te chaje ak kochma sou zanmi manman m ak papa m yo ki te disparèt, moun rejim nan te fè fizye epi oblije  moun al aplodi sou chalmas Okap lè mwen te timoun. Moun tankou Max Péan, oswa devan la bank repiblik dayiti nan Okap tankou nèg fou sa ki te joure manman Divalye yon jou. Bagay sa yo te fini! Sa ki pi bèl la, nou tap ka al vote pou chwazi moun nou vle ki pou dirije nou. Anmwey! Mwen pral vote pou premye fwa nan vi m! Ak ventnèf rekòt lane sou tèt mwen, pèsonn pat ka kondane mwen si m danse chak fwa m sonje sa.

An 1987, moun ki te gen aparèy leta yo nan men yo pat fen tankou nèg jounen jodi a.  Mesyedam 1987 yo pat kontante yo aplike teknik vòlè vòt pèp la. Yo te pi fò nan anpeche pèp vote, touye moun, fizye moun, epi entimide moun avèk cha lagè ki te nan men yo.  

Nou te chofe kon vè lanp pou n al vote. Nou te kwè ak tout kè nou ke se te sèl mwayen pou nou fè revandikasyon nou pase, epitou pou prèske nou tout, se te premye fwa, premye fwa nou ta pral vote. Tout lannwit 28 Novanm zam tap chante. Mwen te kwè se sekirite lame Dayiti tap prepare; se te avètisman yo tap bay atoufè ki ta vle fè dezòd pou anpeche pep la vote nan lòd. Lame ap veye, n ap kapab vote byen bonè. Anyen pap ka kenbe m. Se sa mwen te di nan tèt mwen.

Sa te gen apèn 10 jou, depi mwen te akouche yon bèl ti bebe. Manmzèl te vini anvan eleksyon pou manman l kapab vote. Depi mwa septanm m tap eseye konvenk doktè Jean Louis pou li pran timoun nan anvan eleksyon pou mwen , men li te di m “Lunise nou pa nan fè politik nan zafè akouchman.”  Wouch! kote sa l pat ka konprann la?!

Bondje fè Talie se yon bon timoun, aktivis depi nan vant. Depi le 16 Novanm li pwente. 20 Novanm mwen te deja lakay mwen, ap eseye mache dwat poum kapab al vote. Lè 29, pansman sezaryèn te anba vant mwen toujou men sa pat kapab anpeche m mache al vote premye fwa nan vi m.

29 Novanm, byen bonè, nou desann nan kafou Kris-wa sou Nazon. Lame te deja poste yon gwo cha lagè la. Premye sezisman:  tou pre cha a, mwen gade, mwen wè yon kò atè a, yon dezyèm lòt tou pre, yon twazyèm. Yo anpeche machin nou pase.  Gen yonn nan kadav yo ki ta sanble ak yon jounalis mwen konnen. Vant mwen pran bouyi, mwen kase yon kout rèl pou m pa toufe. Men, mwen pa mande tounen lakay. Yo pap anpeche m al vote.  Kilès ki dwe te fè zak sa? Ki jan militè yo te fè kite yo fè sa?

Nou kontinye vanse, nou vire yon jan pou nou pa kraze kò yo. Nou vire rantre nan avni Poupla. Se la nou ta pral vote, nan lekòl nasyonal la. Depi delwen mwen te wè yon liy kap fòme. Soudènman nou te tande de twa kout bal tire, epi liy nan gaye. Tout moun kouri abrite yo pou yo pa pran katouch, men yo tounen ankò, yo refòme liy nan. Se la pou m ale. Men m anba tivant mwen, paske doulè a te la toujou, men li pat fò ase pou l anpeche m vote.

Lanmò tab bay lavi bèl kout dan. E mwen menm, mwen te pote tèt mwen ba li, nan vale lanmò lame dayiti ak tout zakolit li yo te trase pou nayif ak inosan ki te kwè demokrasi te posib ann Ayiti lè sa.

Toudenkou yon gwoup ti mesye vin bare machin nou. Yo te vle nou ede yon madanm ki te atè a ak on pakèt san sou li, janm dwat li te plen ak bal. Fok li te ale lopital. Li ta pral nan travay li Kwadèpre epi li pran bal.   Se lè sa mwen resi reveye, mwen pran konsyans ke mwen te nan lagè. Se lè sa mwen reyalize lari a pat gen anpil moun epi pa te gen okenn lot machin non plis. Sant bal te tou patou. Lanmò tab bay lavi bèl kout dan. E mwen menm, mwen te pote tèt mwen ba li, nan vale lanmò lame dayiti ak tout zakolit li yo te trase pou nayif ak inosan ki te kwè demokrasi te posib ann Ayiti lè sa.

Machin nou te genyen de pòt sèlman. Si m desann m pran bal men fok nou te sove madanm nan. Touswit mwen dikte yon estrateji e pèsonn pa gen tan pou diskite: map konte en-de-twa! Sou “en” map desann, sou “de” map desann chèz mwen, sou “twa” n ap foure madanm lan nan machine nan! Ti lame enpwovize a te mache byen. Sou “twa” madanm nan te nan machin nan. Trap de nou rive Lopital Jeneral paske lari Potoprens te blanch. Rive Lopital Jeneral, touswit yo akeyi madanm nan pou yo mete nou deyò kon chen. Yo rele sou nou jis nou egare. Yo pa te vle nou wè kantite moun yo tap resevwa.

Ti kantite machin nou te rankontre yo, yo tout se te djip menm jan ak pa nou a. Nan tan sa, se militè ak ONG ki te gen sa yo te rele machine do wo. Gen yon mesye ki te fenk sot pran bal nan yon bò tet li, san ap devide koule sou zepòl li. Li gade machin nou epi li ranmase yon denye fos pou l kouri paske se machin djip ki tap tire sou  moun. Li pat konnen se te inosan parèy li ki tap vini fwa sa.  

Mwen t ap tranble kou fèy bwa. Motivasyon pou vote ale,  motivasyon pou sove lavi madanm lan fini. Yo  kite nou ak yon laperèz.  Ki wout ki pi bon? Ki kote yo pap tire moun? Eske map gen tan rive lakay mwen? Eske map gen chans anbrase kat pitit mwen yo? Eske map gen chans kenbe ti bebe m nan ankò?

Finalman, nou rive lakay nou, mèsi Bondye. Mwen kouri dwat al devan bèso nouvo pitit fi m. Mwen gade li epi mwen pote li plent ak tout dlo ki te nan je m ak nan vwa m, tankou yon timoun piti: Se vote m te vle vote wi, Talie…pou premye fwa.

Lunise Jules

Lunise Jules

Lunise Jules fèt Plezans nan Nò Ayiti Toma, e li grandi Okap. Li se direktris yon ONG entènasyonal ki travay nan devlòpman ekonomik an Ayiti. Lunise se manman senk pitit. Depi li tou piti, Lunise pa janm wè lavi li san jwe mizik, ekri teyat ak pwezi.

No Comments Yet

Comments are closed