Diminino Mamamouno: Nan Memwa Black Alex

This post is also available in: English

Black Alex se te son lari a, son bon jan lespri kanaval, son kreyòl.

Rimè sou lanmò Black Alex ap mache chak ane e chak fwa nou chita ap swiv ak kè sote si sa vreman rive. Fwa sa a lapèrèz nou gen plas li, Jamency Alex Pierre ke nou konnen sou non Black Alex, yon lejand nan mizik ayisyen an mouri a 39 lanne. Black Alex, yon ansyen timoun lari ki akonpli yon siksè ekstraòdinè nan zafè mizik, kite dèyè li yon so nan mizik ayisyen an ke nou paka neglije.

Chak fwa yon atis popilè Ayisyen mouri toujou gen menm diskisyon. Nan moman konsa, li vini klè kou dlo sous ke an menm tan Ayisyen renmen mizik, atis nou pi adore yo paka trase yon chimen fyab nan domèn lan. Nan moman konsa, nou sonje ke tout bèl vwa ki te ba nou rekonfò ak enspire sosyete ayisyen an pa kapab viv ak aplodisman sèlman. Nou sonje, anpil nan sa nou te venere yon lè yo ke nou bliye tankou yon plezi 2 minit. Jean Claude Martineau te ekri yon mizik sou listwa Lumane Casimir, yon chantè cheri ki mouri an 1953. Li vini nan Pòtoprens san fanmi san zanmi, “yon gita anba bra l ak yon espwa nan vwa l”. Mizik la esplike ke byen ke mizik li te fè nenpòt moun janbe nan yon lòt mond, li pase dènye jou li yo malad epi poukont li nan yon ti kay san kouran, ak ti kras manje. Li te resevwa yon lè konsa vizit yon moun ki t ap pran swen li pou voye je sou li.

Mizik la kontinye pou li di ke lè li mouri, tout moun ke Lumane te sèvi yo pa te prezan pou ba li yon dènye rèl. Men syèl la vin tou gri epi lapli tonbe pou fè dèy li pou nou. Dapre Martineau, anpil te sèmante ke jou sa a, ou te ka tande vwa Lumane a distans ki t ap chante “ Papa gede bèl gason” pou fòse pil ak pakèt moun ki te bliye li yo tande vwa li yon dènye fwa.

Mwen pa te vivan lè Lumane Casimir te ap feraye, men mwen te prezan pou Black Alex. Mwen sonje tout pil mizik kanaval ke stil vwa Black Alex ak dans dwòl li yo te bay lavi. Apa travay li nan gwoup “Rap n Ragga” King Posse a, Black Alex te patisipe nan yon dividal mizik popilè nan endistri misik ayisyen an. Mwen wè Black la tankou yon wa mizikal ki ka transfòme tout bagay ; nenpòt mizik Black Alex te fè gras ak vwa li te toujou san manti yon bonb. Tankou nan gwoup kou Sweet Micky, Mizik Mizik, Carimi, Papillon, Team Lòbèy, pati Black Alex la ap parèt tankou yon ti degi espesyal pou mete mizik la nan yon lòt nivo. Ak po li byen nwa, kreyòl rèk li epi vwa kri li, li te jan non li vle fè kwè a, san konplèks yon BLAK. Black Alex se te son lari a, son bon jan lespri kanaval, son kreyòl. E nou te renmen sa, e nou te fè li pa nou.

Sa vreman tris pou tout sa yo pa rive fè Black Alex gen yon vi ki fasil. Toujou te gen yon nouvèl ki ap kouri sou jan sante li te ap debat ak jan li te gen pwoblèm lajan. Nan mwa Avril, yon videyo tèt chaje kote pastè Muscadin nan legliz Shalom, on legliz popilè e ki fè anpil pale anpil, te ap fè yon priyè ak pwofetize sou tèt Black Alex, te anvayi medya sosyo yo. “Alelouya!” moun sou medya sosyal yo t ap voye monte paske frè ki te pèdi a resi jwenn wout Bondye.

Pandan mwen ap gade videyo sa kote Black Alex  t ap vide dlo sou tèt li pou li ka elve nanm li, mwen vin plen ak tristès. Sa mwen te wè nan videyo a se yon moun ki ap chache yon bagay. Kit li te yon gerizon fizik oubyen yon reyalizasyon pèsonèl, li te klè ke te gen yon twou vid nan lavi Black la ke li t ap chèche ranpli. Kèk jou apre, nan yon entèvyou ak Carel Pedre, Black Alex te esplike ke li te vle asire ke non li ekri nan liv la okazou Bondye tounen. Tankou chak fwa, li rete poze lè yo mande li pou moun ki ta va dwe li lajan oubyen ki ta va pwofite de talan li pandan li te ap debat : “Black la li menm g on travay li fè pou pèp la… mwen menm fè moun yo kontan. Se sa y ap chèche.” Black Alex te konnen sa moun yo te vle jwenn nan li e li te bay li. Otan sa ka bèl lè ou tande sa, men sanble sèl sa Black La te fè se bay. Jan Pedre te ajoute a “sanble ou toujou ap bay lòv, men ou pa janm jwenn lòv la back.”

Ayisyen aplodi epi di amen pandan lè Black la te konvèti a paske yo te vle kontinye chante epi danse mizik li yo san konsyans yo pa repwoche yo. Se sa Black la te fè. Li te ba w defi pou ou fè rezistans ak bon mizik li yo, mizik li te fawouche w, mizik yo ba w defi pou wè si ou ka fè tèt di w pou w pa danse. Eske ou pral kole di ak prejije relijye ou yo pou w pa amize w sou tèks monden li yo? Eske w’ap rete twò bout fè, twò serye pou w annit kite l mache epi chante kèk mo envante ki kole nan tèt? Eske w ap twò zuzu oubyen pretansye pou w lage bouch ou pou w chante “ Madmwazèl je vou zèm” nan kreyòl pa li a jan li pwononse li a? E Black la te genyen defi sa chak fwa. Pou yon ti bout tan, medam legliz yo byen ponponnen ak bib yo anba bra yo, granmoun lage cheve pou yo ka fè grimas jis pou detwa minit, epi tout klas sosyal lage koze pretansye a pou yon moman pou yo ka kreyòl tout bon anba pawòl Black Alex yo.

Black Alex pa rete ase lontan pou li aprann nou kisa “ diminino mamamouno” vle di men li make lavi nou ak anfans nou. Sa ka rive nan yon moman majik, nou menm tou nou va tande vwa Black Alex nan atmosfè a k ap chante pou nou on dènye fwa, menm jan ak pil lòt ki te bliye Lumane yo nan chante a. Men ann atandan, nou ap sonje Black Alex epi n ap chante mizik li yo pou li. Soti nan timoun lari yo, pase pran klas mwayèn lan, rive nan klas ki pi wo a … “Diminino Mamamouno.” Repoze ak fòs, Black la.

Photo via chokarella.com

 

Nathalie Cerin

Lead-editor for Woy Magazine. Philly-based Haitian musician and cultural creator.

No Comments Yet

Comments are closed