Michel DeGraff: Wi, Kreyòl La Se Yon Lang Tout Bon Vre!

This post is also available in: English

Sa se dènye pati entèvyou Woy Magazine te fè avèk Michel DeGraff, gran Kreyolis, pwofesè lengwistik nan Enstiti Teknoloji Massachusetts, epi manm fondatè Akademi Kreyòl Ayisyen. (Ou ka li premye pati a avèk dezyèm pati a sou lyen sa yo.)

Se vyole ke lekòl yo ap vyole dwa timoun sa yo tou lè jou.  Timoun sa yo pa an sekirite.

Woy Magazine: Sa fè lontan depi n ap diskrimine kont kreyòl.  Ki konsekans sa vin genyen kont Ayiti? Ki sa nou ka fè pou nou rezoud pwoblèm sa a?

Kesyon sa yo se yon defi pou tout popilasyon an.  Sèl jan pwoblèm sa a ka rezoud se si nou tout Ayisyen kole zepòl ansanm pou nou fè yon konbit nasyonal pou nou atake pwoblèm sa a.  Men anpil, tèt anpil, chay pa lou.

Frantz Fanon te byen esplike pwoblèm sa a nan analiz li yo: chenn MANTAL sa yo ki ret mare nan lespri nou apre peryòd kolonyal la, yo pi solid pase chenn metal ke blan franse yo te mete nan pye zansèt nou yo anba lakoloni. Frantz Fanon epi Jean Price-Mars te ekri liv (an “bon franse”!) pou yo kase chenn sa yo.  Price-Mars te menm pale de yon foli kolektif ki fin pran tèt entelektyèl ayisyen k ap aji tankou “Madan Bovary” nan woman Gustave Flaubert. Kalite prejije sa yo makonnen ak goumen ant klas sosyal epi yo mare lespri nou. Se yo ki fè anpil moun panse ke se franse ki dwe sèvi kòm sèl lang ki “ofisyèl” tout bon vre nan peyi a.  Epi tou, se chenn mantal sa yo ki fè “edikasyon” tounen “zonbifikasyon” lè lekòl, tribinal, jounal, biwo leta, elatriye, ap plede sèvi ak franse sèlman alòske pifò Ayisyen pale kreyòl sèlman. Se menm kalite trajedi sa a k ap fèt ann angle nan anpil nan ansyen koloni Britanik yo.

Sa ki tris anpil nan magouy entelektyèl sa a, sè ke li rive pran anpil Ayisyen nan blòf, fè yo tounen viktim lekòl tèt an ba, jenerasyon apre jenerasyon, depi 1804.  Sa ki pi tris se lè nou wè ke pifò moun ann Ayiti ki pase lekòl, ata entèlektyèl k ap goumen pou jistis sosyal, ata gwo òganizasyon k ap fè pwomosyon  “libète”, “konesans” ak “edikasyon pou tout moun” ann Ayiti, ap patisipe nan magouy kolektif sa a k ap plede fè popilasyon an konprann ke kreyòl pa lang tout bon e ke kreyòl la ap kenbe Ayiti nan yon “geto” lengwistik. Nou patisipe nan magouy kolektif sa a chak fwa nou anpeche popilasyon an jwenn sèvis oswa enfòmasyon nan lang ke tout Ayisyen pale, ki se kreyòl.

Imajine ki kalite blokaj ke move pratik sa yo vin kreye nan sèvèl ak nanm timoun yo.  Imajine kokennchenn vyolans sikolojik k ap toupizi moral timoun yo. Imajine yon sistèm lekòl kote yon pakèt timoun, jenerasyon apre jenerasyon, ap plede tande, dirèkteman oswa endirèkteman, depi premye jou sou ban lekòl, ke lang natif natal yo se pa lang tout bon.  Ki vle di, timoun yo, depi nan jaden d anfan, ap tande pawòl k ap desann valè yo kòm moun, pawòl k ap demounize yo. (Mo “demounize” sa a, yon mo ki byen dekri pwoblèm la, se nan bouch powèt Patrick Sylvain ke mwen tande li.)

Imajine kalite twoma ke timoun yo ap sibi anba demounizasyon sa a, lè y ap plede tande ke lang ke y ap tande depi nan vant manman, lang ke tout moun lakay yo pale, ke lang sa a se yon move kalite franse ki pa merite okenn respè nan lekòl la. Epi kounyea, an n mande tèt nou si timoun sa yo ka aprann, apre moral yo fin kraze, lè y ap aprann nan yon lang ke yo pa pale, yon lang ke pèsòn pa pale nan kominote yo.

Se vyole ke lekòl yo ap vyole dwa timoun sa yo tou lè jou.  Timoun sa yo pa an sekirite.

Woy! Minis Manigat.  Se yon ijans wi: nou bezwen “yon lòt kalite lekòl” tout bon vre!

Woy Magazine: Tanpri, ban nou egzanp kote kreyòl la sèvi kòm sa dwa, egzanp “lòt kalite lekòl” ki montre ki jan nou ka mete peyi a tèt an wo.

Nan rechèch ke m ap fè nan lekòl ann Ayiti depi mwen te kòmanse kolabore ak Pwofesè Yves Dejean nan ane 1990 yo, mwen te gen chans pou mwen travay avèk timoun ki te jwenn bèl ankourajman pou yo vin fyè de lang natif natal yo kòm lang ki lang tout bon, kòm lang ki sèvi kòm zouti prensipal pou ansèyman depi nan jaden d anfan, pandan ke y ap aprann franse kòm yon dezyèm lang.  E yo toujou kòmanse aprann franse ALORAL anvan yo pase nan aprann franse alekri. Sa se bon jan pratik ansèyman lang selon lasyans.

Timoun sa yo, tankou timoun nan Lekòl Kominotè Matènwa (LKM) nan Lagonav kote m ap travay depi an 2010, aprann nan kè kontan, nan diyite; yo vin fè tèt yo konfyans. Yo konn li ak ekri pi byen pase ti kanmarad yo ki nan lòt lekòl, epi yo konprann sa y ap li a. Yo jwenn bon jan opòtinite pou yo vin maton nan tout lòt matyè (syans, matematik, franse,  elatriye) pandan ti kanmarad yo nan lòt lekòl ap koule lekòl. Ane pase a (2014), tou lè 25 timoun LKM ki te ale nan sètifika (100%) te pase alòske se 71% timoun ki pase nan tout peyi a.

LKM montre nou sa ki posib lè kreyòl sèvi kòm lang ki lang tout bon epi kòm fondasyon lengwistik pou bon jan konesans ak libète ann Ayiti. 

(N ap jwenn plis detay sou LKM nan sit entènèt  Fondasyon Nasyonal pou Lasyans oz Etazini.  Se yo ki te finanse pwojè mwen nan LKM.)

Se eksperyans sa a ke mwen te fè nan LKM ki ti vin mennen mwen vin kreye Inisyativ MIT-Ayiti kote n ap devlopè materyèl ansanm ak aktivite pou aprantisaj aktif nan syans ak matematik.  Nan Inisyativ MIT-Ayiti sa a, se an kreyòl ke nou prezante tout materyèl nou yo, tout aktivite nou yo. Gen yon pwofesè ki esplike nou ke lè li sèvi ak materyèl sa yo nan klas fizik li, timoun yo tèlman kontan, yo tèlman konprann, pafwa yo konn pale twòp tèlman yo chofe, tèlman y ap poze kesyon. Lè kon sa, pou pwofesè a fè timoun yo kalme, li konn oblije retounen nan … pale franse! Sa montre nou aklè ke, pou timoun sa yo, pale kreyòl se liberasyon epi pale franse se zonbifikasyon!  Ki fè, kreyòl se yon zouti ki nesesè nan pedagoji patisipatif.

Lang kreyòl la, ki djanm menm jan ak tout lang, deja rive pwodui literati ki bèl anpil, ki fè nou reve. Nou gen anpil ekriven, powèt, chantè ki deja montre jan lang lan se yon lang ki ka esprime tout bèl kalite panse.  Wi, nou ka “esprime” nanm nou an kreyòl. Lang kreyòl la, ki djanm menm jan ak tout lang, ka sèvi nan politik, nan rechèch sou istwa e nan tout rechèch sou moun, sou travay atis, elatriye.  Fòk nou sonje ke youn nan premye tèks ofisyèl sa yo ki te ekri an kreyòl, se Napoleon Bonaparte nan 18yèm syèk ki te mande pou yo ekri l lè Lafrans t ap anonse fen esklavaj nan koloni franse yo.

Woy Magazine: Detay sa yo enteresan anpil. Èske ou ka pataje yon egzanp ki montre ke kreyòl se pa “franse mawon” oswa yon kalite franse ki pi senp pase franse ke yo pale an Frans?

Èske w ta renmen wè yon egzanp byen senp ki pou montre w jan lang kreyòl la gen sentaks pa li?  Ti egzanp sa a pral montre w jan chapant sentaks kreyòl pa menm ak chapant franse.  An franse, atik yo (“un”, “une”, “des”, “le”, “la”, “les”) vini anvan non yo.  Pa egzanp, atik defini feminen an se “la” epi nou di “la table” an franse.  An kreyòl, atik defini a vin apre non an epi atik endefini a vin devan non an. Nou pa di “la tab”; nou di “tab la”.  Men, nou di “yon tab”; nou pa di “tab yon”.  Ti egzanp sa a montre ke kreyòl la gen pwòp règ gramatikal pa li ki pa menm ak franse.

Kounyea an nou gade diferan fòm atik defini a an kreyòl. Nou di: “tab la”, “sant lan, “machin nan”, “dra a”, “ban an.” Donk, kreyòl la gen règ pa li pou pwononsyasyon atik defini an.   Epi tou, nou gen 5 fòm diferan pou atik defini an: “la, lan, a, an, nan”. Kounyea, ki moun serye ki ka vin di m kreyòl la pa lang? Si kreyòl la pa lang, franse a pa lang non plis. An kreyòl, grenn ti atik defini sa a gen senk jan pou w di l. Senk fòm sa yo pa o aza non: pwononsyasyon chak atik sa yo depann de pwononsyasyon mo ki vin anvan an. Gen yon seri règ ki trè espesifik pou konnen ki lè pou n di la, ki lè pou n di lan, ki lè pou n di a, ki lè pou n di an epi ki lè pou n di nan.

Woy Magazine: Gen anpil Ayisyen ki pase lekòl epi ki di yo pa li ak ekri kreyòl.  Èske se paske òtograf kreyòl la difisil pase òtograf franse?

Kòm lengwis, mwen ka pale w de bèlte òtograf kreyòl la.  Epi kòm edikatè, mwen ka pataje kèk konsèy sou pou ki sa epi ki jan fòk nou aprann òtograf la.

Genlè pifò Ayisyen ki pase lekòl pa ka ekri kreyòl san yo pa fè yon pakèt fot. Menm Ayisyen sa yo ka ekri 2-3 lòt lang alèz. E poutan, òtograf ofisyèl Kreyòl la pi lojik pase òtograf franse ak angle. Annik konpare jan ou ekri “automatic” ann angle, “automatique” an franse epi “otomatik” an kreyòl.   Ki òtograf ki pli fasil?  Son ke nou reprezante ak grenn lèt “k” an kreyòl, nou ekri l ak 3 twa lèt an franse: “q”, “u” epi “e”.  Son ke nou toujou ekri ak yon grenn lèt “o” an kreyòl, òtograf franse a ekri “au” oswa “o” (nan mo “automatique” la) epi “aud” oswa “aux” oswa “eau” oswa “eaux” oswa “ault”, oswa “ôt”, elatriye.  An kreyòl, son “o” a toujou ekri “o”.  Bingo!

Òtograf lang kreyòl la se youn pami òtograf sa yo ki pli fasil pou moun aprann paske, vreman vre, òtograf kreyòl la gen yon lojik ki djanm nan relasyon ki egziste ant son lang lan epi lèt ki reprezante son sa yo.  Se sa yo rele yon òtograf “mòfo-fonemik” ki fè relasyon ki egziste ant ansanm son yo ak ansanm lèt yo se yon relasyon ki “transparan”.  Sa se yon kokennchenn avantaj pou timoun ayisyen. Sa ede yo aprann lekti ak ekriti nan lang natif natal yo pli vit, pli byen, pase moun k ap aprann nan yon lang ki pa gen òtograf mòfo-fonemik sa a. Sa a se yon avantaj ki byen dokimante pou òtograf transparan sa yo:  timoun yo rive li pi fasil si lang ke yo pale a gen yon òtograf ki transparan menm jan ak kreyòl olye pou li gen yon òtograf ki opak menm jan ak franse.  Si ou gen maladi sèvo ki bay pwoblèm nan lekti (pa egzanp, maladi ki rele “disleksya”), ou pral chaje ak pwoblèm si òtograf lang ou gen opsyon sa a pou li ekri yon senp vwayel tankou “o” avèk 10 senbòl ki diferan, tankou an franse. Sa a se yon lòt rezon syantifik pou nou ankouraje lekòl yo sèvi ak kreyòl pou montre timoun yo li ak ekri nan yon lang (kreyòl) ki rele yo chè mèt chè metrès olye pou y ap plede fòse yo echwe nan yon lang (franse) ke yo pa menm pale.

Epi, kounyea, pou premye fwa nan istwa lang kreyòl la, nou menm gen 2 bèl chante ansanm ak videyo pou ede nou aprann alfabè ofisyèl kreyòl la ansanm ak prensip lengwistik sa yo ki fondamantal nan òtograf Kreyòl la.  M ap remèsye Mandaly Louis-Charles pou travay ann ekip ke nou fè pou devlope chante sa yo selon lwa 1979 sou grafi lang kreyòl la.

Si w pa gen lang, ou pa moun vre. Ki fè, si kreyòl pa lang, ki sa n ap di sou Ayisyen sa yo ki pale kreyòl sèlman? Èske se bèt yo ye?

WOY MAGAZINE:  Toujou gen moun k ap plede di ke kreyòl pa lang tout bon.  Ki sa w ap reponn yo?

Woy!  Mwen byen kontan ke sa se dènye kesyon an.  M espere ke repons lan ap ka ede nou kase chenn mantal sa yo k ap plede fè sèvèl nou wòwòt.  M espere n ava rive libere nanm nou pou nou pa janm bezwen poze kalite kesyon sa yo ankò.  Se nan kole zepòl kòm konpatriyòt ke n ap rive genyen dezyèm batay Vètyè sa a—pou nou “libere lang nou epi nanm nou”, selon bèl pawòl Pastè Pauris Jean-Baptiste, prezidan Akademi Kreyòl Ayisyen.

An n gade jan ou menm avè m sèvi ak kreyòl la pou nou pale de tout sa nou sot pale kounyea la a. Nou pale sou yon pakèt koze ki enteresan anpil, epi nou pale tout koze sa yo an kreyòl: politik, istwa, syans, lengwistik, elatriye. Si kreyòl la pa te lang, nou pa t ap fouti fè sa.  Si kreyòl pa te lang, ou pa t ap fouti poze m tout bèl kesyon sa yo an kreyòl!

Gen plis pase 10 milyon Ayisyen ki pale kreyòl.  Gen plis pase 9 milyon Ayisyen ki pale kreyòl sèlman.  Nou viv nan lang kreyòl nou an. Se an kreyòl ke nou kominike rèv nou.   An kreyòl, nou fè politik, nou fè lanmou, nou jwe foutbòl, nou danse kanaval, nou fè mekanik, nou lapriyè, nou plante mayi, nou plante mango, elatriye. An kreyòl, nou ka fè syans, matematik, filozofi, literati. 

Si w pa gen lang, ou pa moun vre. Ki fè, si kreyòl pa lang, ki sa n ap di sou Ayisyen sa yo ki pale kreyòl sèlman? Èske se bèt yo ye? Si kreyòl pa lang, pifò Ayisyen PA moun, yo demounize! Èske se sa nou vle, plis pase 200 lane apre yon endepandans ke zansèt nou yo te bati sou prensip libète ak egalite?

Erezman gen bon nouvèl: gen yon nouvo jenerasyon entelektyèl ak aktivis k ap demaske gwo magouy entelektyèl sa a.  Gen anpil jèn tankou ou menm, Nathalie, epi jounal  tankou “Woy! Magazine” k ap pibliye an kreyòl.  Gen enstitisyon tankou Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) k ap ankouraje leta sèvi ak lang kreyòl la pou sèvi popilasyon an kòm sa dwa.  AKA deja fòme alyans estratejik avèk Ministè Edikasyon Nasyonal, Ministè Kilti, Inivèsite Leta d Ayiti, ansanm ak lòt enstitisyon k ap jere konesans epi libète ann Ayiti.

Epi tou, nou gen yon nouvo jenerasyon anseyan, tankou sa yo ki nan Inisyativ MIT-Ayiti a, ki kounye a byen konprann jan yo ka anseye pi byen lè yo gen materyèl an kreyòl pandan y ap anseye an kreyòl selon mètod pedagoji patisipatif ki respekte entelijans ak diyite timoun yo e k ap bati bèl konesans nan sèvèl timoun yo. Kounyea, nou gen yon bèl opòtinite pou nou chape soti nan move sistèm lekòl sa a k ap alyene timoun yo e k ap vyole dwa  timoun yo depi nan jaden d anfan.

Wi, timoun yo ansanm ak pwofesè pral fè manti kaba.  

Nou menm Ayisyen, nou tout se moun tout bon vre.  Ki fè nou tout gen yon lang tout bon vre. Lang sa a se kreyòl e se yon lang ki djanm djanm. Chans pou nou, se nou tout Ayisyen ki pale lang sa a.  Atik 5 nan Konstitisyon 1987 di sa byen: Kreyòl se sèl lang ki simante nou tout Ayisyen ansanm.  Ki fè, nou se yon nasyon ki ka pwofite de yon grenn lang sa a ke nou tout pale.  Lang sa a dwe “ofisyèl” tout bon vre menm jan ak franse.  An nou valorize sa ki pa nou.  An n goumen pou tout moun ka jwenn, kòm sa dwa.  

Photo credit: Gio Jules

Palmisapparel.com 

Team Woy

Team Woy

Haiti through our voices. Ayiti nan vwa pa nou.

No Comments Yet

Comments are closed