Lespri Yo Ap Brase. Al Vote, Ayiti!

This post is also available in: English

This post is also available in: English

Te gen yon politisyen popilè ki te renmen repete pawòl de pèsonaj ki soti nan yon pyès teyat William Shakespeare te ekri : “Henri IV” nan premye pati a. Pati sa nan teyat la, Glendower deklare “Mwen ka rele lespri yo jouk nan fon kote yo ye a.” Hotspur reponn li, “Mwen ka fè sa tou, nenpòt moun ka fè sa. Men èske lespri yo vini vre, lè ou rele yo?” Nan yon sans, mesaj ki pase nan echanj sa a senbolize prosesis elektoral la.

E nou menm Ayisyen, nou abitye ak moun ki deklare ke yo gen kapasite pou rele lespri yo.

Pandan sezon eleksyon sa ann Ayiti, mwen jwenn pawòl Shakespeare sa yon ti jan sanble ak sa kap pase la yo, nan diferan slogan kandida yo itilize. Paske pa genyen okèn sistèm sondaj solid nan peyi a, anpil nan kandida yo deklare yo devan nan kous lan e kwè ke se yo kap genyen.

Steven Benoit deklare “Tout moun dakò“; Jean-Henry Ceant afime ke “Tout moun ladan’l“; Jovenel Moise kareman di li se “nèg bannann lan” e Jude Celestin di li se “chwa pèp la.”

Gen kèk lot bon slogan. Men si youn moun ta pran tan li vwayaje nan tout peyi a, mande moun ki pral vote yo kiyès yo chwazi, mwen panse repons lan tap fè nou tout sezi. Men mpa kwè majorite moun pral vote. An plis, elektè ka pa gen chans pou yo vote. Pi gran feblès eleksyon ann Ayiti–poutèt yon pakèt rezon–se mank patisipasyon elektè yo.

Vote nan yon sistèm demokrasi se yon dwa sakre. Mwen konnen pèp ayisyen atache anpil ak gouvènman yo. Nenpot moun ki janm mete pye yo Ayiti ka di ou sa.

Men pandan twò lontan, Ayisyen oblije sibi twòp mechanste, entimidasyon ak vyolans pou fè tande vwa yo lè sa vreman enpòtan.

Pou Dimanch ka reyisi, sa pral mande pou Ayisyen ini yo, pou yo atache yo ak prensip demokrasi ak la lwa. Zafè eleksyon se zafè jistis ak respè. Fok Ayisyen konnen ke genyen yon diferans fondamantal ant opozisyon ak ènmi. Se vre, pasyon nou ka mete nou nan diferan kan pandan n’ap chwazi pwochen lidè nou an, men sa pa dwe kraze inite nou.

Chak kandida plede ka yo. Lis pwomès la long, soti sou refòm nan agrikilti, travay, enèji, rive nan refòm nan enfrastrikti. Pa gen dout ke kandida yo reyisi jwenn atansyon nou. Nou fè senk lane ap tann eleksyon sa yo, e lespri yo ap brase ankò jouk nan nan fon kote yo a.  Dimanch, se nou ki pral gen pou di yo ki kote pou yo ale.

Mwen swete nou al vote nan lapè Dimanch! Al vote, Ayiti!!!

 

Wesley Lainé

Wesley Lainé

Wesley can be reached on twitter @WesleyLaine.

No Comments Yet

Comments are closed