Ki Jan Pou w Pran Plezi w Nan Yon Bal Konpa San Konpayon

This post is also available in: English

Mizik konpa ap diskrimine kont moun san menaj depi 60 an ! Woy Magazine vle ede ou si ou janm twouve w nan yon bal san konpayon. Chita, vin pran nòt. 

FullSizeRender-8

1. Premye bagay pou w konnen se ki bal ou ka ale poukont ou. Pa janm mete pye w, pa egzanp, nan yon bal Harmonik san yon konpanyon, sa a se djaz moun ki fin damou ki p ap kite. Nan tan lontan, te gen K-Dans ke ou pa te ka ale poukont ou non plis. Vwa Jude Jean twò bèl, twò dous pou se poukont ou w ap bay gwouyad. 

 sa pa ladann.

Kanta pou Tropicana a se bliye sa. Lè bolewo a lage, granmoun kou jèn moun nan ploge, donk li pap posib pou w parèt anndan an poukont ou. Bal ki bon pou ale poukont ou se: Djakout #1, T-vice, Kreyòl la…e ale tou ekipe ak bòt timberland + boutèy dlo + sèvyèt

2. Pa rive twò bònè pou je pa tonbe sou ou sitou si w vini san baz.

3. Konsèy sa a mache pi byen pou medam yo, men mesye yo ka toujou eseye si yo vle : si ou san boubout pou sware a, ou ka al kanpe devan djaz la. Ou ka fè li ak yon gwoup zanmi oubyen ak yon ti koulè nan tèt ou (si w majè). Si w vrèman pa kyè ou ka toujou fè tankou moun sa a:

(Petèt koulè pa’l la twò fò. )

Men si w vle bwè epi kanpe devan djaz la, fè yon jan pou w pa fè tankou 2 moun sa yo. Pa bliye ke entènèt la pa efase anyen, epi Ayisyen ak blag yo ap rann ou san souf.

gazman3-2 ah non, mezanmi

4. Pa bliye mache ak kòb o mwen yon Prestige pou ou pa pèdi chèlbè w !

image1-6 swèg.

5. Pa pè mande yon moun danse lè mizik prefere w la lage. Respekte repons li si li di ‘ non. Chak bal g on ti tonton ki toujou sou kou pipirit sou pis la k ap mande tout ti medam nan bal la dans avè l…kouri, tanpri. Ou ka regrèt sa tout lavi w !

(non vle di non)

6. Si w pa gen woulib / machin ou byen ou sòti ak 2 zanmoure ki ka byen bliye w nan fim lanmou yo a, toujou ale nan bal kote ki gen estasyon moto. Tankou: bò djoumbala, bò simityè Petyon Vil, bò randevou 33 etc… kote pou ou pa ale: Tara’s, Florville, Rustik, etc… ou la pou jis demen.

IMG_9158

Pou dyaspora mwen yo, gen vil ki gen tren ki mache tout lannwit ki pap lage w. Mesye dam ki Nouyòk yo pap gen pwoblèm. Men moun Florida mwen yo, nou paka di ke Woy Magazine pat avèti nou.

7. Mache ak telefòn ou chaje pou w ka tweet/ snap chat/ Instagram: ” #Tènòp !! M ap byen pase la a !” (Menm si nou konnen ou raz.)

8. Avètisman: li trè posib ke w ap wè yon ansyen menaj ou nan fèt la. Li trè posib tou ke ansyen menaj sa pap poukont li nan fèt sa menm jan avè w. Si ou gentan fè on afè anndan an, ou tou bon! Si non, kenbe telefòn ou pou okipe w, kenbe bwason ou nan men w, epi yon lòt fwa n ap sipliye w pa al danse avèk tonton sou kou pipirit la ki nan bal la. Sèl bagay ki pi tris pase yon ansyen menaj kap gade w  kap kanpe poukont ou nan mitan on bèl mizik Arly Lariviere, se si menm ansyen menaj sa ta wè w k ap danse avèk tonton sou a. 

di non. tanpri.

9. Bliye tout moun k ap jije w yo epi pran pis la pou ou ! Lavi twò kout pou w ap tann konpayon pou w danse !

10. Rete chita lakay ou!

IMG_9156

Team Woy

Team Woy

Haiti through our voices. Ayiti nan vwa pa nou.

1 Comment