Anba Bèl Koulè Jalouzi

This post is also available in: English

Yon manman pitit avwe’m yon jou pandan li te sou tab konsiltasyon: “Tout pwoblèm mwen yo depase zafè bèl koulè kay.”

Mwen pap janm bliye jounen mwa Novanm sa, yo tap refè Ri Moyiz nan Petyonvil. Pousyè rantre nan tout tou nenm, lakòz mwen estènen plizyè fwa. Se te premye jou travay mwen nan Jalouzi kòm doktè. Jou sa, mwen deside ale la a pye, yon jan pou mwen ka fè konesans pi byen ak katye tout koulè sa. Tout sa ki te nan tèt mwen sou jalouzi se pakèt lodyans yon frè m’ toujou ap bay lè li ap konpare Jalouzi ak Kaboul lajounen oswa ak lavil New York nan lanwit.

Jalouzi se yon katye pòv, kap debòde ak moun; se sa medya entènasyonal yo ta rele yon bidonvil, ki nan Pòtoprens ak yon dividal kay youn sou lòt. Jalouzi, se menm parèy man ak lòt zòn tankou Kafou Fèy, Kafou, Laplènn etc. Sèl sa ki espesyal nan Jalouzi se ke li chita nan mitan Petyonvil. Lè touris, ekspatriye ak Ayisyen rich kanpe sou tèt bèl lotèl ak restoran kap mennen nan Petyonvil, se kay pil sou pil Jalouzi yo wè. Depi lè gouvènman ayisyen an lanse pwojè “Jalouzi en Couleurs” pou pentire tout kay nan Jalouzi ak koulè ki cho, sa gen kèk lane, je lemonn antye vire sou bidonvil sa. Kidonk, se pa ti kontan mwen te kontan al travay nan katye espesyal sa, pou m fè ekperyans lavi nan Jalouzi.

Prèske yon lane pita, memwa eksperyans la rete vivan nan lespri m.  Jouk jounen jodi a, Jalouzi rete yon chouchou pou medya yo; yo tèlman kole nan istwa Jalouzi ke sa pa gen lontan RYOT soti yon dokimantè ki dire 5 minit . Dokimantè sa rele “The Painter of Jalouzi” (Bòs Pent Jalouzi a) pou lansman nouvo telefòn selilè iPhone 6S Plus konpayi Apple la.  Mwen te dekouraje wè ki jan dokimantè sa simayen enfòmasyon ki pa korèk sou Jalouzi, ak yon reyalite ki depaman ak sa ki ap pase vre chak jou nan Jalouzi.

Se aprè yon vizit mwen te fè nan biwo achiv Petyonvil ak biwo pwoteksyon sivil pandan mwen t’ap fè rechèch pou yon liv m’ap ekri sou Jalouzi ke mwen aprann, pa gen moun ki konnen konbyen moun egzakteman ki abite nan Jalouzi. Mwen vin rann mwen kont ke menmsi pwojè Jalouzi en Couleurs la bay Jalouzi plis vizibilite, moun ki abite Jalouzi yo rete envizib pou leta. Moun k’ap viv nan Jalouzi louvri bra yo bay pwoje “Jalouzi en couleurs” an paske yo pa gen anyen. Sèl sa yo ka fè, se resevwa nenpòt sa yo lonje ba yo. Nou pa bezwen sezi si m di nou ke pou anpil malad ki diskite sou pwojè sa avè m, si yo te kite yo chwazi, premye chwa yo t’ap fè  t’ap nan domèn lasante ak dlo potab.

Kòmanse Desanm 2014, nou te ka jwenn 3 sant sante nan Ri Stenyo Vincent andedan Jalouzi.  Koulye a, sant Ministè Sante responsab la fèmen. Jodi a, tout devan sant la bare nèt ak bak ti machann. Yon lot menm ki se te yon biznis prive, mare pakèt li; koulye a se yon lòt kalite biznis ki lwe kay la. Plis sitiyasyon an ap dejenere konsa, plis peyi a bezwen yon sistèm sante ki pi djanm paske anpil lòt maladi ap parèt sou nou. Sa ki fè sa? Lamizè. Lamizè kraze tout rezistans moun.

Nan Jalouzi pa gen tiyo andedan kay. Se lè machin dlo vini, youn oswa de fwa pa semèn, pou moun vin bwote dlo pote lakay yo.  Mwen sonje lè m te konn rantre nan Jalouzi apye ki jan mach eskalye yo te glise; epoutan se sa medam yo ak timoun yo te konn ap grenpe ak tout bokit dlo sou tèt yo. Nan sezon lapli, la ri a tounen yon gwo poubèl tou long, plat pye moun yo bade ak fatra tounen machin pou transpòte mikwòb andan pwòp kay yo, pakèt kay youn sou lòt yo. Nan mache, machann ap vann manje atè mouch kouvri vyann yo, kondisyon sanitè nan Jalouzi grav anpil.

Yon manman pitit avwe’m yon jou pandan li te sou tab konsiltasyon: “Tout pwoblèm mwen yo depase zafè bèl koulè kay.” Pandan pwoblèm madanm sa ap monte len sou lòt, ata lajan pou peye lwaye li pa genyen, sèl espwa l chita sou fanmi l kap viv Ozetazini. Pwoblèm madanm sa, ki se eksperyans lavi pi fò moun nan Jalouzi, yon kout penso pa ta kapab chanje l–menm jan makiyaj ki te nan figi l jou sa, pat ka voye tèt fè mal li gen chak jou a ale bwa chat. Dokimantè RYOT la montre yon imaj de lavi nan Jalouzi, e malgre sa dokimantè a rakonte, Jalouzi pa pi gwo bidonvil ki egziste ann Ayiti. Transfòmasyon Jalouzi sipèfisyèl, e nan fen istwa a, moun ki benefisye plis de pwojè sa a se espektatè, etranje ak lokal, k’ap jwi bèl koulè Jalouzi yo a distans.

Dokimantè sa gen kapasite rive jwenn lemonn antye, men li pa reyisi reveye enterè pou vrè transfòmasyon sitwayen Jalouzi yo. Pou dokimantè sa ta pi onèt, yo te ka jis montre yon bòs pent ki se yon etranje, ki pa konn anyen sou lavi kotidyen nan Jalouzi. Yon moun ki lwen reyalite katye a ki travay nan bidonvil la lajounen, epi tounen al lonje pye li nan bèl chanm lotèl li nan Royal Oasis nan Petyonvil leswa. Pwojè sa rate yon chans espesyal pou sansibilize moun sou vrè pwoblèm Jalouzi tankou lasante, ledikasyon, dlo pwòp, enèji avèk diyite pèp Jalouzi a. Leta ayisyen pa fè travay li avèk pwojè Jalouzi en Couleurs la. Poukisa nou pa konstwi lekòl nan non ak memwa Prefète Duffault? Poukisa nou pa leve nan kò ministè sante pou li ka relouvri sant sante a? Eske li ede vreman lè nou mete fa sou tèt bouch yon kochon, oubyen degize mizè ak grangou moun ki pi vilnerab yo? Nan bouche je nou sou lòt moun ki ap soufri yo, yon jou nou ka viktim pwòp manti nou.

Photo credit: Edwin Bck Magloire
https://www.facebook.com/EBMDx
Kenny Moise

Kenny Moise

Dr. Moise is a medical doctor, currently living and working in Haiti. He is the co-founder of IntregAction. He can be found on twitter @KennyMoise, where he tweets about his interests in public health, politics, social development and art.

No Comments Yet

Comments are closed