Yon Reyalite Rasis Nan Sendomeng

This post is also available in: English

This post is also available in: English

“Tout Ayisyen Djab ki nan bis la desann pou bay verifye papye nou” konsa yon ajan imigrasyon dominiken kanpe bis mwen t’ap vwayaje soti Perdenales pou rantre Barahona. Ak yon vizaj meprizan ajan imigrasyon a fè tout moun ki nwa nan machin nan desann pou tcheke papye yo.

dominiken_1-2Nan 6 zè vwayaj, Imigrasyon dominiken kanpe bis mwen t’ap vwayaje soti Perdenales pou rive Barahona 4 fwa, e soti Barahona pou rive Sen Domeng 3 fwa. Pwen sekirite sa yo se pou Ayisyen espesyal yo fèt, e se yon gwo sous koripsyon paske Solda Dominiken ak ajan Imigrasyon pa janm rate yon opòtinite pou fòse imigran Ayisyen peye yo lajan malgre paye yo legal.

Ensidan sa pase pandan bis la rive nan dènye pwen sekirite ant Perdenales ak Barahona. Mwen konnen tout papye te kòrèk paske nou te deja pase pliszyè pwen sekirite san pwoblèm. Yon ajan imigrasyon ame, deklare papye yon timoun nan bis la ba bon. Yon timoun 5 lane ki t’ap vwayaje ak paran li. Ajan an pran batistè timoun nan e desann bis, lè li retounen li mande pou paran timoun nan peye li 100 Pesos pou kite yo ale. Bis la fè plis pase 25 minit kanpe nan diskisyon. Aprè diskisyon  bis la ale san peye paske paran timoun nan refize peye. Sa ki te grav nan istwa se jan tout moun reyaji, chofè machin nan pa di anyen Dominiken nan machin nan padi anyen malgre yo konnen papye a bon e ajan an tap fè yon bagay ilegal.

Pandan tout vwayaj la tout mon ki nwa nan machin nan te sijè a verifikasyon e kesyonman, chak kanpe yo kanpe bis la se dirèkteman sou moun ki nwa nan bis la yo ale pou poze kesyon e verifye papye yo. Se yon sitiyasyon vrèman fristran, e sa se lavi plizyè santèn milye  moun k’ap vwayaje ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn.

Jasmin Paul 41, ap vann bannann, zaboka, ak fig nan Sendomeng “tout jounen, bandi ak imigrasyon nan kò nou, se tankou se pou yo m’ap travay. Malgre mwen nan pwosesis regilarizasyon e ap tann rezilta ki soti a, sa pa anpeche mwen resevwa menas depòtasyon chak jou. Kèk fwa se peye mwen peye pou yo pa arete’m.”

Depi nan lè mwen kòmanse travay sou fontyè yo li te klè lespri anti-Ayisyen se yon konstan nan Repiblik Dominikèn. Nan travèse fontyè ak kòlèg jounalis ki travay an Ayit yo, sa ki blan yo pami nou pase sou fontyè san okenn moun poze yo kesyon. Men mwen menm kòm yon Nwa e Ayisyen, yo kanpe mwen plizyè fwa pou montre papye mwen e eksplike sa mwen ap fè malgre mwen ap fè menm travay ak ekip mwen.

IMG_8821Sou rezo sosyal yo lespri anti Ayisyen sa vrènman prezan, kote politisyen Dominiken pwofite de kriz imigratwa a pou pwòp ajanda politik yo. Yon Pati ki nan tèt bagay sa a se FNP, Fon Nasyonal Pwogresis ki gen nan tèt li Depite anti Ayisyen Vincio Castillo. Depite Castillo se yon kandida pou senatè nan pwochen eleksyon e mesaj prensipal li se “bati yon miray pou separe Ayiti ansanm ak Repiblik Dominikèn.” Li ak pati li a deja kolekte plis pase 266 mil siyati nan 2 semèn, e plan yo se pou yo ramase yon milyon pou fòse gouvènman Repiblik Dominikèn nan bati miray sa a.

Demen 23 Septanb pou dezyèm anivèsè lwa Anti Ayisyen an, anpil gwoup pral manifeste sipò yo pou lwa 168-13 la e mande plis depòtasyon paske yo pa satisfè ak jan gouvènman an ap depòte Ayisyen pa dizèn ak santèn nan. yo vle depòtasyon masiv e yon Miray separasyon ant de peyi yo.

Sitiyasyon Ayisyen nan Repiblik Dominikèn konplike anpil, sitou depi aprè lwa denasyonalizyon 2013 la, ki afekte plizyè santèn milye moun. 2 lane depi lwa sa a egziste diskriminasyon enstitisyonalize nan Repiblik Dominikèn. Repiblik Dominikèn gen dwa regile Imigrasyon ilegal, men nan respè pou nòm entènasyonal ak dwa moun.

Lwa 168-13 2013 la se yon lwa ki ogmante lespri anti Ayisyen an e kreye yon zouti legal pou diskriminasyon.  Lwa pa sèlman retire nasyonalite, li gen lòt efè espesyal sou jan Ayisyen ap viktim zak vyolans ak diskriminasyon rasyal nan Repiblik Dominikèn. Vwayaj mwen nan Perdenales pou rive Sen Domeng montre mwen yon nouvo chapit nan kriz Ayiti ak Sen Domeng. Anpil moun ap viktim e yo pa gen okenn pwoteksyon ak rekou legal. Tretman mwen resevwa nan men ajan imigrasyon ak militè dominiken se yon tretman rasis e diskriminatwa, men mwen pa la la pou lontan–se pase mwen ap pase. Fanmi sa sou bis la ke solda ak ajan imigrasyon te vle fòse peye lajan malgre yo legal la, ki te peye lajan transpò yo e pa menm jwenn chofè bis la defann yo viv nan Repiblik Dominikèn. Timoun nan ke yo deklare papye li pa bon an se yon Dominiken desandan Ayisyen, li ak fanmi li la pou anpil tan, sa se reyalite pa yo chak jou ke yo pap ka echape.

 

Etant Dupain

Etant Dupain

Etant Dupain is a journalist, filmmaker, and community organizer. For over a decade, he has worked as a producer on documentaries and for international news media outlets including Al Jazeera, TeleSur, BBC, CNN, Netflix, PBS, and Vice. Etant founded an alternative media project in Haiti to enable citizen journalists to provide access to information in Haitian Creole for and about internally-displaced people, aid accountability, and politics. Now, moved by the strength of his mother and the women known as the Madan Sara who make Haiti’s economy run, he’s making his first personal film.

No Comments Yet

Comments are closed