La Politique du “Bèl Moun”

Nou vin kreye yon ekip baryè ki fè nou paka apresye richès chak tip bote ki fè NOU BÈL kòm pèp.

Degre bote yon moun diferan selon moun ki ap gade li a. Chak moun gen kritè bote pa yo ki chita sou kote yo sòti, jan yo leve yo ak jan yo wè tèt pa yo. Nan tan kolonizasyon kote ni fanm ni gason te konsidere tankou mèb e te fè menm travay, sèl egzanp bote fanm ke fanm nwa yo te genyen se madan kolon yo paske yo menm yo pa te konsidere yo kou fan; sof lè yo fè pitit ak lè kolon yo bezwen vyole yo. Yo aprann moun nwa a ke li lèd de nati se sa ki fè anpil fwa lè yo di moun nwa: ” ou se yon bèl fanm/gason pou yon moun nwa”; Nan tèt moun ki di sa a, moun nwa paka bèl, li se yon eksepsyon. Kidonk fraz m sot di la a, tounen yon konpliman rasis ki souvan pase inapèsi men ki trennen tout yon seri de panse, estereyotip ak diskriminasyon dèyè li. Ki plizè, adjektif ke yo itilize pou dekri nou fizikman se tout sa ki gen rapò ak jeng oubyen ki degradan anpil. Sistèm rasis sa a ki ap feraye jis jounen jodi a men ke nou ap eseye konbat nan mond lan, vin mete nwa yo nan yon pozisyon kote yo panse ke fòk yo pi pre blan an pou yo “akseptab”. Nou vin panse ke li esansyèl pou nou panse, aji, pale ak sanble tèt pou tèt ak blan an pou nou s’on bèl moun, yon moun “valab”. Blanchiman lespri sa a fè ke nan peyi ki te e ki toujou koloni yo pèdi nannan yo. Kilti nou pran nan kloròks la, menm jan ak espirityalite, konesans nou. San konte richès materyèl nou ke yo detwi men sa a se yon lòt deba an nou tounen nan koze nou.

Kòm eritaj blanchiman lespri a, nou vin rete ak yon kolorism ki vin ap separe moun nan sosyete a pa sèlman nan estetik men nan tout lòt aspè yo. Kolorism lan, se yon sistèm ki, nan mitan menm gwoup etnik la, mete moun ki pi klè yo anwo epi moun nwa fonse pi ba. Ou toujou wè ke yo sèvi ak trè fizik ki raple desandans afriken nou yo kòm jouman, oubyen pou fè de vye blag: “gade fèy zèl nen mouche a” “Tifi a nwa kou chabon li  panse li s’on bèl fanm”. Sa ki konn pi rèd la se lè menm nan fanmi moun lan, depi li piti, yo aprann li ke fòk li fè yon jan jwenn yon moun ki pi klè pase li pou pitit li pa sanble avèk li. Oubyen chache tèl pwodwi ki ka fè li “pi bèl” sa ki vle di an reyalite “ki ka ede li chanje koulè po li”. Malgre tout risk maladi po grav ke chanje koulè po a ka bay moun yo, yo pito riske vi yo pou yo te ka wè si yo va gen yon ti valè nan sosyete a. Kidonk nou ap evolye nan yon anviwònman kote depi andedan kay nou, yo aprann nou pa apresye jan nou ye, yo desann konfyans nan tèt nou, yo pase anba pye bote pa nou.

Kontinye edike timoun yo nan menm lespri kolon an se yon pwazon pou avni sosyete a. Ou vin gen yon kategori ki panse li dwe fè di milyon pou yo wè li, ak yon lòt ki konnen ke li pa bezwen fè anyen pou li devan estann espektak lavi a. E nan lekòl, legliz, administrasyon yo, yo toujou gen yon tretman espesyal pou chak tip moun. “Bèl moun” anpil fwa lakay nou vle di, yon moun ki konvansyonèl nan jan li pote kò li ak jan li byen rantre nan bwat yo ta renmen mete tout moun lan. Kou plas li pa andedan bwat sa a ou byen li kraze baryè bote fanm ak bote gason an, li posib pou pi fò moun pa ka apresye bote li a kòz de lide tou fèt  ke yo genyen sou dosye sa yo. Tèlman gen de detay ki fè ke nou paka wè jan yon moun Bèl Moun: andikap, maladi fizik ak mantal, koulè, gwosè, pozisyon sosyal, siyati, elatriye. Nou vin kreye yon ekip baryè ki fè nou paka apresye richès chak tip bote ki fè NOU BÈL kòm pèp.

Moun ki plis viktim nòm bote sa yo se fanm. Yon fanm dwe bèl e dwe fè yo anvi li dapre yon ekip règ tankou TOUT fanm dwe menm jan an. Li pa dwe twò nwa, pi klè pi bon, cheve li dwe long e si cheve yo natirèl fòk li boukle li paka gen cheve grenn lan. Nen yo pa dwe twò parèt, li paka ni twò kout ni twò wo, li dwè gen dèyè men vant li dwe plat, li paka depase tay medium. Se de bagay ki ka rive nan ka sa yo: swa yo diskrimine w’ swa yo seksyalize w’. Fanm vin tounen yon akseswa bote ke moun yo bezwen pou yo gen bò kote yo menm jan ak yon mont nan bra yo. E kòm yo deja klase w’ san ou poko menm montre moun ou ye a, ou pa menm ka epanouyi nan lavi ou, sitou si sa kòmanse depi ou timoun. Lè w’ap grandi, ou bezwen gen konfyans nan tèt ou, e konfyans lan vini ak byen nan po w’ , renmen kò ou ap viv ladann lan ,renmen moun ou ye a.

Bote pa chita sou sa medya yo vle fè ou kwè ki bèl la.  Chak moun kreye bote pa yo pandan li ap mete an valè sa li renmen lakay li pou li briye. Men nan yon mond kote yo vle aplike yon sèl levanjil bote pou tout moun, li ka difisil pou yon moun ki pa jwenn tèt li nan youn nan estanda sa yo apresye jan li ye. Estanda bote sa yo, kreye de dezas terib nan mantalite tout yon pèp. Paske lè nan yon sosyete tout valè yo ka ba w’ se si bote eksteryè w’ reponn a yon lis byen defini, fòk nou remete an kestyon ledikasyon ak prensip ke yo ap ba nou. E lè sa deranje w’ jis ou pèsekite yon moun ki deside vire do bay estanda sa yo epi valorize bote pa li,  konnen ke ou dwe poze tèt ou kestyon tou.

Ou bèl, mwen bèl, NOU BÈL. E se sa ki fè tout bote nou !

Photo credit: Vladim Vilain
Instagram: Vladespicable
Doris Lapommeray

Doris Lapommeray

Doris Lapommeray (Pommeris) is a Haitian architect and co-founder of Woy Magazine. Doris is a creative and lover of the arts, a painter, drawer, and jewelry maker.

No Comments Yet

Comments are closed