BIT Haiti, Teyat Envizib ak Yon Lamarye Yo Abandone

This post is also available in: English

This post is also available in: English

Dènye jou sa yo, tout kote sou rezo sosyal ayisyen, moun ap pataje istwa yon jèn fanm ke yon gason abandone devan legliz jou maryaj li. Videyo yo, atik yo ak foto yo montre yon bèl dam ak yon wòb blan ak vwal ki endispoze pandan de moun ap pote li nan mitan yon gwo foul moun. “Yon si bèl fanm konsa?” yon premye moun konmante anba yon atik, “Ou pa janm konnen” yon lòt reponn, “Li ka b**zen.”

An reyalite, istwa a se te yon twoup teyat ki gen sis aktè ladann ki rele BIT Haiti ki t’ap fè yon pèfòmans. Yo espesyalize nan sa yo rele “teyat lari” avèk “teyat envizib.” Mwen te gen chans fè yon ti pale ansanm ak Eliezér Guerismé, youn nan fondatè ak aktè nan BIT Haiti.

Pale nou de BIT Haiti, ki jan inisyatif sa konmanse?

Nou se yon konpayi teyat ki pran nesans an 2011 aprè yon fòmasyon ke nou te fè avèk 2 metè an sèn fransè nan kad festival teyat ki rele Festival “quatre chemins”. De Fransè sa yo gen yon konpayi teyat ki rele Theatre de l’Unité. Nou 8 komedyen ki te patisipe nan fòmasyon an nou te deside tou kenbe e monte yon konpayi teyat. Nou chak te sòti yon kote, te gen nan nou ki te on ti jan zanmi men nou pat gen pwojè teyat ansanm. Men se la nou konmanse, e jiskaprezan nou egziste sa fè 4 an. Gen moun ki lache nan wout, men nou toujou rete solid. Nan moun ki te nan pwojè a depi konmansman, se nou 5 ki la toujou, e konya la konpayi a gen 6 moun.

Lè n’ap jwe nan teyat envizib sa a, nou pa mèt spektak la ankò se vrèman spektatè yo ki mèt spektak la, e spektatè yo vin aktè tou.

Ki kalite teyat nou fè? E kisa nou konte akonpli avèk konpayi sa?

Nou se yon konpayi teyat “de rue” Lè’m di nan “lari” sa vle di tout kote ki pa fèt pou teyat. Objektif nou se fè teyat “de rue” vin on bagay ki vin pi striktire ann ayiti, pou ta gen plis pwojè teyat de rue, e rive fè pwojè ase serye. Pa egzanp, konya la nap travay nan prizon fanm Petyonvil. Nou travay avèk yo, nou antrene yo, nou fè repetisyon, e nou monte spektak avèk yo.

Nan ka sèn maryaj la, se yon fòm ki rele “Teyat envizib” sa vle di, ou nan yon spektak san ou pa menm rann ou konte ke ou nan yon spektak. Moun lan ap patisipe nan on bagay ke nan tèt li vrè e poutan se pa vre. Nou pati de yon sijè ki vrèman nan reyalite a e nou envesti nan espas reyèl la. Se pa yon espas ki fabrike, nou itilize dekò reyèl ki se lari a, ki se machin k’ap pase, ki se on moun ki kanpe,ki se yon machann kap vann, epi nou atrape tout sitiyasyon sa yo. Nou atrap yo, e nou foure yo anndan spektak la. Lè n’ap jwe nan teyat envizib sa a, nou pa mèt spektak la ankò se vrèman spektatè yo ki mèt spektak la, e spektatè yo vin aktè tou.

Pale nou de pyès maryaj la? Ki jan nou vini ak ide a?

11889556_1637780236493216_750317941625845238_nSe de Fransè ki te ba nou fòmasyon a ki te ba nou ide sa, e nou bati sou li selon kontèks sosyal pa nou. Nan pyès sa, lamarye deside desann machin kote li te chita devan St Pierre la. Lè manmzèl remake fiyanse li  pa la, nou resevwa yon kout fil pou di nou sou Plas Bwaye ap bwè kleren ansanm ak on ekip nèg paske li di li p’ap marye ankò. Epi nou menm, nou fè wout pou Place Boyer pou nou al kontre ak misye. Yo rive, mesye avèk dam l’an fè yon ti goumen ant yo, e manmzèl tonbe li endispoze. Apre sa nou pote li, nou soti avek li. Gen 2 moun ki ap pote manmzel aprè li tonbe a, se mwen menm ki avek vès gri a epi on lòt moun. Lòt moun k’ap ede’m pote manmzèl la se yon spektatè ki pa konnen ke se yon teyat.

Sa fè katriyèm fwa nou fè teyat sa. Premye fwa se te Aken an 2013, yon fwa nan Bwa Vèna, e on fwa Avenue Christophe. Epi ane sa nou fè li pou Carifesta. Sa Petyonvil la te vin fè yon foul de apeprè 2,000 moun dapre sa yon jounalis gwadloupeyen ki te la fè’m komprann.

Objektif la se vreman rive poze kesyon, e m panse jou mwen pa jwenn kesyon ankò pou’m poze sou sosyete a, m panse m’ap kite teyat al f’on lòt bagay. 

Ki kalite enpak ou panse pyès nou yo genyen sou spekatè yo?

Objektif tout komedyen se vreman poze kesyon. E nou menm, nan chak pwojè 11923226_1637781919826381_3199536448887705047_npwojè ke n’ap mennen, se vreman poze dè kesyon sou sosyete, sou bagay ki ka problematik, e bay moun yo posibilite vreman pou kestyone bagay sa yo avek nou.

Pa egzanp, nan sèn maryaj la, moun yo panse se demwazel la yo pral ridikilize, yo panse yo pral trip sou manmzèl. Men nan fen spektak la, yo reyalize ke se sou tèt yo y’ap trip. Lè y’ap swiv demwazèl la, y’ap kenbe telefòn yo, y’ap fè foto, y’ap joure, y’ap ri, y’ap fè dè diskou, se vrèman tèt yo y’ap joure. Teyat envizib la se OU MENM. Moun yo ap gade tèt yo. Objektif la se vreman rive poze kesyon, e m panse jou mwen pa jwenn kesyon ankò pou’m poze sou sosyete a, m panse m’ap kite teyat al f’on lòt bagay.  

Ki leson ou ta swete moun tire de pèfòman sa?

Mwen trè mal plase pou’m bay leson. Mwen pa kwè g’on leson vrèman. Sa ki enpòtan pou nou menm se ke nou envesti nan lari a, nou pa fè anyen ankò. Se kòmsi nou di moun yo, men afè nou deside sa nou pral fè avèk li. E se la sosyete ap deside : men ki refleksyon mwen pral fè, men ki leson mwen pral tire nan sitiyasyon sa.

Entrodiksyon rezo sosyal nan kilti ayisyen se yon fenomèn enteresan, ki kèk fwa maladwat men puisan an menm tan. Se yon moulen ki tou jou ap vide videyo ak pèsonaj popilè e komik ba nou. Fenomèn sa bay nou plezi ak videyo tankou Fofo e Bye Bye Nicole, e menm jan ak teyat envizib la, li se yon miwa ki aprann nou anpil bagay sou tèt nou ak sosyete a atravè ak kisa nou pran plezi ladann. Dèfwa sa miwa a montre nou sou tèt nou pa vrèman pwofon. Men lòt fwa tou, li montre nou dè bagay lakay nou ki dwòl e ki ta dwe menm twouble nou, e pyès teyat tankou pa BIT Haiti a ba nou yon chans pou nou reflechi sou bagay sa yo.

Yon ti dam ki te sou sèn lan di “Hehey! Mwen pral poste sou face la!” Li di sa an riyan ak kamera li nan men li, pandan l’ap kouri dèyè yon fanm dezole ki, nan tèt pa’l, abandone devan legliz jou maryaj li. Guerismé avèk rès twoup BIT  Haiti a ka poko reyalize sa, men pèfòmans lan pat fini jou sa sou Plas Bwaye a. Pyès la rete an vi toujou atravè foròm, Facebook, Twitter elatriye. Èske nou pral pran tan pou nou reflechi sou kesyon pyès sa poze sou sosyete nou?

Ou ka jwenn BIT Haiti sou Facebook. Pwochen spektak BIT Haiti se jedi 3 Septanm devan FOKAL (Avenue Christophe) a 4 è nan apremidi.

Cast: Régina Lazarre ( la marye ), Chelson Ermoza ( le marye ), Eliezér Guérismé (parèn maryaj), Jenny Cadet, Sachernka Anacassis, Clorette Jacinthe ( fanmi ak zanmi )

Photo Credit: Yves Osner Dorvil

Nathalie Cerin

Lead-editor for Woy Magazine. Philly-based Haitian musician and cultural creator.

No Comments Yet

Comments are closed