Rezistans Kont Medikaman: Sa Nou Ka Fè?

This post is also available in: English

This post is also available in: English

Imajine yon mond kote nenpòt moun ka mouri a kòz de yon ti blese. Imajine yon peyi tankou Ayiti, san medikaman pou trete malarya ak Sida. 

A travè listwa, lèzòm soufri anba plizyè gwo epidemi a kòz de viris, mikwòb, bakteri ak lòt òganism ki lakòz maladi (patojèn). Menm la bib pale de epidemi tankou lèp ak tibèkiloz ki te rive nan tan lontan. Pami sa ki te touye plis moun yo, epidemi plèg lan, ki te pase ant 1347 ak 1351 te touye mwatye popilasyon moun an Ewòp. Kèk syèk apre, grip Panyòl la, nan ane 1918-1919 pote ale plis moun ke premyè gè mondyal. Nan kontinan Ameriken an, toujou nan menm epòk sa a, epidemi Polyo te touye 600,000 mil moun Ozetazini. Pandan anpil lane la a, yo rekonèt Ayiti kòm yon peyi ki pwopaje epidemi mikwòb ki touye moun e jiska prezan li ap goumen ak anpil ka tibèkiloz, VIH/SIDA (malgre kantite ka nan popilasyon an bese ) ak malaria nan zòn lan.

Sepandan, epòk epidemi mikwòb lan fè yon ti kanpe depi yo te kòmanse fè medikaman kont mikwòb, kòmanse pa penisilin, yon antibyotik ke Alexander Fleming te dekouvri an 1928. Menm lè sa a, nan diskou Nobel li te fè a 1945, li te prevni nou: ” gen yon lè nenpòt moun ap ka achete penisilin nan magazen. Sa ap danje paske moun ki pa konnen an ka bay tèt li mwens dòz ke li ta sipoze, sa vini fè ke, lè mikwòb lan kontre ak yon dòz ki pa touye li nèt li vin reziste kont medikaman an”.

Sa nou rele rezistans kont medikaman an se lè medikaman an pa fè anyen ankò kont patojèn yo, lè li paka ni touye yo ni anpache yo grandi. Se yon fenomèn natirèl, men lèzòm kreye li tou nan pran twòp dòz ou nan mal itilize medikaman yo. Jan Fleming te di li a, rezistans kont mikwòb se yon bagay ki klè e yon pwoblèm sante global sitou nan epòk nou ap viv la, epòk globalizasyon ak komès pa pil ak pa pakèt. A kòz de bagay sa yo, nan yon tan ki pa twò lwen, nou ka pa gen medikaman ki pi esansyèl yo pou geri enfeksyon ki pi senp yo.

Kijan sa ye jodiya? Nan rapò WHO te bay an 2014, li te revele ke viris Grip A ( ki ka lakòz grip la ) reziste kont tout medikaman ki te la pou prevansyon. Toupatou nan mond lan, yo repòte 450,000 nouvo ka kote tibèkiloz reziste a medikaman yo. E an Afrik, depi an 2009 yo ap obsève rezistans yon medikaman pa rapò ak tretman SIDA. Pou ka malarya menm, anpil peyi sou diferan kontinan jwenn kèk ka kote klorokin pa mache ( medikaman ki plis itilize pou trete maladi sa a).

Imajine yon mond kote nenpòt moun ka mouri a kòz de yon ti blese, kote anpil timoun, pi piti ke senk lane mouri a kòz nemoni. Imajine yon peyi tankou Ayiti, san medikaman pou trete malarya ak Sida. Imajine yon mond kote tibèkiloz se yon maladi ki paka trete, kote doktè paka fè operasyon paske anpil fwa pa gen operasyon san antibyotik e kote timoun mouri akòz enfeksyon yo pran depi nan vant manman yo. Pou evite katastwòf sa yo, gen de bagay kle ki rekòmande pou fè fas ak nouvo epidemi global sa a ki se rezistans mikwòb kont medikaman. An nou fè yon lis tou kout de kat prekosyon reyèl ak fyab nou ka adopte an Ayiti.

Ankouraje moun manje manje lokal

Pifò vyann nou manje an Ayiti se Sendomeng ak Ozetazini yo sòti. Nan gwo peyi yo, yo bay bèt yo antibyotik, menm lè WHO mande pou yo sispann fè sa (kominike WHO/39. 11 Septanb, 2001). Lè yon moun manje vyan ki gen antibyotik ladan li, li tou pran nan medikaman an. Move itilizasyon antibyotik kontribye a jan bakteri reziste a medikaman nan kò nou. Lè konsa, medikaman yo paka fè sa yo sipoze fè nan kò moun ki malad yo. Pwodwi ki fèt an Ayiti yo pa gen antibyotik, se youn nan avantaj lè nou achete lokal. Pou nou redwi afè rezistans kont antibyotik lan, li ta bon pou nou manje manje lokal.

Goumen kont medikaman san preskripsyon

Otorite konsène yo ta sipoze pran responsabilite yo pandan ke yo ap ranfòse atik 19 ki nan lwa 10 Dawout 1955 lan ki entèdi vant antibyotik san preskripsyon doktè. Mwen te fè yon etid an 2015 nan klinik egzeyat Lopital Jeneral  Potoprens lan, preske mwatye pasyan yo (45.4% nan yo) achete antibyotik yo san preskripsyon yon doktè nan men moun ki ap vann remèd nan kivèt yo nan lari a, ou byen pandan yo nan machin piblik ou byen dèfwa nan famasi. Pandan nou ap tann lwa ki pi modèn sou sektè famasetik an Ayiti la, yo ta sipoze enpoze lwa mwen site pi wo a.

Pratike pi bon swen sante

Sòti depi nan doktè yo, li enpòtan ke yo diminye fason neglijan ke yo itilize antibyotik ak lòt medikaman kont mikwòb. Fòk yo chwazi antibyotik ki pi bon pou trete kelkeswa enfeksyon an, ak bon dòz epi nan tan ki nesesè, yo dwe fè sa ak anpil swen. Nan tout sikonstans, aprè yon bon egzamen fisikal, jijman klinik doktè yo dwe bon. Men, li toujou pi bon pou yo sènen yon enfeksyon ki ap jèmen anvan yo kòmanse tretman an, menm si nan anpil ka, kò medikal la fè fas a pasyan ki pa gen mwayen pou yo peye egzamen yo. Kelkeswa jan bagay yo limite, se travay doktè a pou li pran bon desizyon pou pasyan li yo e pou sosyete a an jeneral, selon jijman li ak prèv syantifik.

Ogmante sansibilizasyon ak konesans sante

Jan yo toujou di an, prevansyon pi bon ke tretman. Li nan enterè tout moun alawonnbadè pou yo ogmante sansibilizasyon ak konesans medikal yo pa rapò ak sitiyasyon sa. Malerezman an Ayiti, enfòmasyon ak edikasyon sou zafè sante fèt selman lè gen yon gwo pwoblèm sante e yo fèt nan yon langaj ak yon jan ki pa rive sou pi fò popilasyon an. Konesans sou zafè sante ta sipoze fèt toutan moun ap viv, depi nan lekòl primè. Mwen fonde yon òganizasyon, IntegrAction, e nou angaje nou nan batay sa a ki se pou nou gen yon popilasyon ki byen enfòme sou koze sante an Ayiti.

Sansibilizasyon ak yon kilti ki baze sou konesans sante, melanje ak bon swen medikal ka pote yon gwo diferans nan sitiyasyon grav sa a. Leta ak otorite lokal yo ta sipoze mete men yo nan pat la pou enpoze lwa ki la deja epi ankouraje moun manje manje lakay. Ak ase volonte politik ansanm ak sansibilizasyon global li posib pou nou rive fè fas kare kont avni dramatik sa a. An nou chanje konpòtman nou youn a la fwa, an nou tout, Ayisyèn, met tèt nou ansanm pou kòz sa a.

Kenny Moise

Kenny Moise

Dr. Moise is a medical doctor, currently living and working in Haiti. He is the co-founder of IntregAction. He can be found on twitter @KennyMoise, where he tweets about his interests in public health, politics, social development and art.

No Comments Yet

Comment on this article