Istwa Kache: Mwen Boule Kawotchou e Patisipe Nan Manifestasyon Pou Lajan

This post is also available in: English

Mwen te yon teknisyen nan teleko, men jodi a mwen se yon teknisyen beton. Se sa peyi a ka ofri yon moun tankou’m, e mwen anbrase li pou’m viv.

Patisipe nan manifestasyon se yon travay pou mwen. Mwen pèdi travay mwen an 2005 aprè leta ayisyen privatize teleko. Depi aprè sa mwen pa janm jwenn anyen pou’m fè. Andedan katye defavorize, nou fatige ak politisyen ki pran nou pou enbesil. Se pou sa mwen deside depi yo pa peye’m, mwen pap al nan mouvman okenn moun. Mwen pap vòlè, mwen pap touye moun, men tout sa ki vini apre sa, m’ap fè li. Bloke lari, boule kawotchou–depi mwen gen enterè pou mwen ladann, m’ap la.

Kòm ansyen anplwaye teleko, mwen te vote René Preval pou te ede anplwaye revoke yo touche lajan leta dwe yo, sa pa janm fèt. Men Michel Martelly ap pase la, menm anyen yo pa bay nou. Mwen se yon viktim. Mwen konn pase plizyè jou mwen pa manje, e sa se sitiyasyon majorite jèn andedan geto yo ann Ayiti. Reyalite sosyal ak politik nan peyi’m kondane’m pou’m pa pwogwese. Andedan geto yo, moun sèvi ak nou kòm zouti pou regle bagay politik. Akòz de sitiyasyon ekonomik mwen, mwen patisipe nan manifestasyon pou lajan. Tout Ayisyen konnen sa m’ap di a : se pa tout mouvman ou wè nan lari a ki se volontè, anpil ladan yo se moun yo peye.

Moman tankou sèjousi, nan epòk eleksyon sa, se moman kote anpil kòb ap brase. Tout kandida bezwen òganize manifestasyon ak reyinyon pou montre yo gen moun. Mwen pap fè yon pa san mwen pa touche yon ti lajan, paske se sèl epòk lè yo bezwen nou yo vin chache nou. Moman eleksyon mwen konnen map jwenn yon ti lajan wè pa wè. Si yo te ka fè plizyè eleksyon chak ane, li t’ap byen bon pou mwen paske plis kandida t’ap bezwen sèvis nou ofri yo.

Anpil nan moun ki bezwen nou yo pa janm mete pye nan geto a, men yo gen kontak pa yo pou rasanble mwen menm ak rès sòlda yo. Andedan zòn mwen viv la, tout moun konnen kiyès ki kiyès, gen tèt de pon ki konekte sòlda ak pati politik, lidè popilik, ak bizisman ki fè kontak ak yo. Menm si sa piblik nan geto a, mwen pa ka site non okenn moun mwen fonksyone ak yo paske bagay yo gen prensip. Gen danje nan bagay yo, se pa yon bagay ou fè konsa konsa. Mwen dwe pridan.

IMG_6820Pwosesis boule kawotchou se pa lasyans, men ou dwe konnen li pou fè’l. Si nenpòt moun te ka fè’l, moun pa t’ap envesti ladann. Pwosesis la senp : se mete gaz nan kawotchou a, oubyen itilize nenpòt sa ki ka boule vit pou limen kawotchou a, pase alimèt epi mete dife. Ou paka boule kawotchou poukont ou, ou bezwen plizyè moun pou sa pase vit, e pou yo pa kenbe nou. De sòlda ap pote kawotchou a, de lòt pote gaz, yon lòt pou limen alimèt. Moun ki  fè biznis repare kawotchou toujou viktim lè gen mouvman bloke lari, boule kawotchou.  Malerezman sa pase konsa, men yo se yon sous pou jwenn kawotchou pou boule. Mouvman sa yo trè danje mwen gen mak sou mwen ke mwen pran nan boule kawotchou deja.

Pou bloke lari a menm, li fasil. Gen anpil zòn nan Pòtoprens la ki gen anpil machin ki boule, vye machin ki kanpe, gwo bwa ki tonbe. Nou kenbe materyèl sa yo nan zòn estratejik pou yo ka disponib lè nou bezwen yo. Pòtoprens se yon ti vil, li pa mande anpil bagay pou bloke li, depi ou bloke zòn Chanmas, LaLue, vil la paralize. Li pa mande anpil efò, esansyèl la se konnen zòn estratejik yo epi  pran aksyon.

Mwen pa fyè de sa m’ap fè a, men an reyalite, pa gen anyen k’ap vin jwenn mwen kote mwen ye a si se pa yon mouvman ki bezwen moun. Manifeste pou afè lòt moun, bloke lari, boule kawotchou pa yon bon bagay, men fòk mwen chache lavi. Mwen gen madanm ak pitit pou okipe. Se pa nou menm jenès la ki chwazi bagay sa yo. Se jan yo kofre nou an ki pa ba nou chwa, se yon sistèm ki kont nou. Mwen te yon teknisyen nan teleko, men jodi a mwen se yon teknisyen beton. Se sa peyi a ka ofri yon moun tankou’m, e mwen anbrase li pou’m viv.

Photo credit: Etant Dupain
www.kombitproductions.com
1 Comment
  1. Se yon bagay ki tris pou li jan de ave sa yo, li tris men se reyalite nou. Ou pa sel moun ke yo itilize pou fe mouvman pesonel mache, yo itilizew paske ou bezwen lajan pou viv men gen anpil lot moun tou yo itilize pa paske yo pral benefisye yon bagay vre, yo itilize yo pou inyorans yo; yo fe yo kwe nan yon seri de bagay ki ofon pa ekziste vre jus pou yo ka antre nan yon seri de batay san benefis ni pou yo ni pou peyi a. Yo itilize moun ki pa al lekol, yo itilize moun ki al lekol men ki pa gen mwayen pou viv…. Yo kreye kondisyon pou nou menm ki soti nan klas defavorize, nan klas moun ki pat gen anpil mwayen, pou ke menm si nou fe sakris al lekol, gen metye e ap travay, pou nou pa janm fe pwogre; yo kreye kondisyon pou tikras pa tikras nou pedi sans nou, pedi fyete nou, pedi lafwa nou kom pep, paske yo vle nou rete pi mal pou yo ka pwofite de nou… Ann kite kinsyans nou ak ke nou gide nou…