6 Obsèvasyon Sou Fontyè Malpas ant Ayiti ak Sendomeng

This post is also available in: English

This post is also available in: English

Pa gen depòtasyon masiv oubyen li poko kòmanse. Gen yon depòtasyon makiye ki ap fèt swa nan maten bonè lè pa gen anpil moun, oubyen nan aswè lè sòlda dominiken pa wè gen jounalis ak lòt je k’ap gade.

Malpas se pi gwo fontyè ant Ayiti ak Sendomeng. Malpas se 1 ed tan de Pòtoprens se la majorite biznis fét ant de peyi yo. Mwen rive sou fontyè a 17 jen nan aswè aprè dat anrejistreman imigrasyon te bay imigran ilegal ayisyen yo ekspire. Mwen sou fontyè ap travay ansanm ak ekip mwen Kombit Productions ki travay ak divès medya entènasyonal.

Sa se 6 bagay mwen obsève nan kèlke jou mwen fè sou fontyè a:

Depòtasyon: Pa gen depòtasyon masiv oubyen li poko kòmanse. Gen yon depòtasyon makiye ki ap fèt swa nan maten bonè lè pa gen anpil moun, oubyen nan aswè lè sòlda dominiken pa wè gen jounalis ak lòt je k’ap gade. Moun ki depòte sa yo soti nan zòn Baraona ak Neyba. Gen moun yo arete lakay yo, epi gen moun se Dominiken sivil ki kouri dèyè yo epi vòlè bagay yo. Gwoup Jezwit ki travay ak imigran yo deja resanse yon trantèn moun yo depòte kèk èd tan avan ekspirasyon dat anrejistreman an jou 17 jen an. Gen anpil moun ki deside ale Ayiti poukont yo san yo pa fòse yo. Pa tout moun ki depòte yo se Ayisyen, gen ladan yo se Dominiken ki fèt sendomeng. Youn ladan yo di’m yon solda chire papye li nan moman yo arete li nan Neyba.

 

IMG_7513

Kèk nan depòte yo ap rete nan yon lekòl nan zon lan tou pre Malpas.

Sekirite: Fontyè a vrèman mal òganize espesyalman nan jou mache. Gen plis sekirite nan zòn dominiken yo kote lame dominiken okipe tout ti espas. Ekipman kamera fiksè sou rantre a a chak 200 mèt gen yon patwouy militè. Nan pati ayisyen an pa gen anpil lapolis. Yè mwen konte sèlman 3 polisye nan rantre a. Jodi a li ogmante, gen yon dizèn.

 

IMG_7514

Jounalis k’ap tann deyò biwo fontyè sou bò dominiken an pou aprann plis enfòmasyon sou pwosesis depòtasyon an. 

Bizniz: Machan ayisyen yo sibi abi anba militè dominiken an. Pou travèse fontyè a, yo oblije peye militè yo, e kèk fwa menm bandi dominiken yo, pou yo ka sikile san pwoblèm. Malgre gen yon kriz imigrasyon nan moman an, biznis fonksyone nòmalman ant de peyi yo. Jou mache yo tout bagay fonksyone jan sa toujou fèt: Ayisyen rantre vin achte e Dominiken vin vann. Plizyè santèn kontenè machandiz kanpe sou liy pou rantre Ayiti jan sa toujou fèt preske chak jou.

 

IMG_7510

 

Sant detansyon: Lame Dominiken gen yon sant detasyon kote yo mete moun yo avan yo depòte yo. Se yon baz militè ki te yon ansyen prizon. Malgre tout efò pou gen aksè pou rantre andedan sant detansyon sa, militè dominiken refize jounalis aksè ak espas la.

IMG_7473

Sant detansyon anndan yon baz militè nan Jimani kote leta dominiken an mete moun tann anvan yo depòte yo. 

Sitiyasyon Repatriye: Pa gen okenn enstans legal pou resevwa refije yo. Kote leta ayisyen an di li pral resevwa moun yo an konstriksyon toujou, e pa gen prè swen pou si ta gen moun ki gen pwoblèm sante, oubyen pou bay sipò emosyonèl ak repatriye yo. Se sèvis Jezwit ki se yon gwoup dapwi pou refije ki resevwa yon gwoup 26 refije ke solda Dominiken te lage sou fontyè 17 jen an.  Gwoup Jezwit yo ede moun ki gen paran retounen al jwenn paran, e mete sa ki pa gen kote pou ale yo nan yon lekòl kominotè nan zòn nan. Se yon espas ki pa gen okenn estrikti pou resevwa moun, se atè a moun yo dòmi san dlo trete, ak manje.

  IMG_7474 IMG_7511

Sitiyasyon aktyèl: Fontyè Malpas la ap fonksyone nòmalman, men nenpòt bagay ka rive nèpòt lè. Laprès dominiken prezan sou fontyè ansanm ak près entènasyonal, tankou AP, Reuters, Aljazeera gen kèk pres Ayisyen tou men pa anpil. Mwen konte rete sou fontyè a e vizite lòt fontyè ki pi izole paske li posib y’ap voye plis moun tounen nan fontyè kote pa gen jounalis k’ap gade, epi gen mwens komès tankou nan zòn Pènal, Eliaspinas ak Dajabon.

IMG_7475 IMG_7476 IMG_7477 IMG_7478

Espas leta ayisyen chwazi pou repatriye yo. Li toujou an konstriksyon. 

Etant Dupain

Etant Dupain

Fearless and adversarial journalism

No Comments Yet

Comments are closed