Relasyon konplike Ayisyen genyen avèk remèd tradisyonèl e remèd oksidantal

This post is also available in: English

This post is also available in: English

Nou tout konn tande pale de efikasite sa nou menm Ayisyen nou rele Asowosi a. Kwayans lan se li ka geri anpil maladi tankou pwoblèm bann, maladi sik, maladi tansyon, kolestewòl, ak lòt pwoblèm dijestif. Nou menm konn fè blag sou jan lwil maskreti/maskriti se remèd ki geri tout bagay: kòmanse sou moun ki fè chit, rive sou grip. Pandan mwen ap ekri atik sa, mwen raple’m eksperyans mwen lè mwen te timoun ann Ayiti kote ni grann mwen, ni manman mwen te toujou genyen yon te espesyal ki koresponn ak tout sitiyasyon. Jisakprezan, chak fwa mwen panse ak te asowosi, figi mwen mare. Si’w bwè te sa deja, ou konnen jan li gen move gou. Nenpòt maltèt oubyen fyèv mwen te genyen, mwen te deja konnen te asowosi a te nan wout. Mwen pa te renmen’l, mwen te kwè ke li t’ap fè’m refè. Remèd lakay se toujou premye e pafwa sèl grenn liy tretman nan kominote ayisyen an. Kesyon ki devan nou jodia se: èske tretman sa yo mache vre? Eske yo san danje? Eske poukont yo yo ka trete/geri yon moun ki malad? Epi, poukisa anpil Ayisyen pa vle resevwa swen medikal oksidantal (modèn)?

Nan domèn medikal la, yo konsidere trètman majorite doktè itilize kòm remèd konvansyonèl. Remèd konplemantè ak altènatif se yon gwoup de pratik medikal e pwodwi ki pa soti de lòdinè. Yon tretman ki pa soti de lòdinè ap tonbe nan kategori konplemantè a si ou itilize li avèk remèd konvansyonèl. Yon egzanp se lè yon moun bwè kafe amè ansanm avèk konprime pou doulè. Yon tretman ap vin tonbe nan kategori altènatif la, si ou itilize li nan plas remèd konvansyonèl. Yon egzanp se lè yon moun itilize kafe amè kòm sèl tretman pou yon maltèt. Anpil moun kwè ke majorite Ayisyen tonbe nan dènye kategori a paske pou nou gen 2 kalite maladi: se swa li se maladi Bondye (natirèl), oubyen li se move maladi (move lespri/dyab). Maladi natirèl an jeneral pa dire lontan. Maladi sa yo ka rive souvan e se anviwonman nou ki koz yo tankou: manje ki mal prepare, dlo ki pa potab, lè ki polye elatriye. Nou konsidere maladi ki parèt bridsoukou e ke nou paka eksplike kòm maladi mistik e trè serye. Nan ka sa yo, anpil al ka yon Ougan pou al chèche konnen ki tretman lwa yo genyen.

zansèt nou yo pat konn ekri pratik sa yo, ki vle di pa te genyen yon apwòch sistemik. Ki vle di ke anpil nan pratik ak remèd lakay nou yo pase de bouch an bouch. Pi bon memwa ke nou kapab raple nou se lè grann te konn bouyi yon ti bonm te jenjanm pou fanmi an.

Anpil nan remèd tradisyonèl/altènatif yo ke nou konnen yo se tradisyon kiltirèl ki pase de yon jenerasyon a yon lòt. Kondi yon kòlèg mwen, Sherley Accime, yon terapis lisansye e ekspè nan domèn sante konplemantè, “zansèt nou yo pat konn ekri pratik sa yo, ki vle di pa te genyen yon apwòch sistemik. Ki vle di ke anpil nan pratik ak remèd lakay nou yo pase de bouch an bouch. Pi bon memwa ke nou kapab raple nou se lè grann te konn bouyi yon ti bonm te jenjanm pou fanmi an. Malgre peyi oksidantal yo konsome anpil manje ki pa natirèl, te jenjanm se remèd ki pwoteje kò a kont bakteri, ede avèk dijesyon, e ede kò a degaje enèji. Yon lòt tradisyon ke nou pa janm bliye, se jan depi tou piti, yo te pale nou pou nou pa manje kay moun, men manje lakay ou pito. Lasyans modèn konfime benefis ke moun jwenn nan jenjanm, yon konesans ke Ayisyen te genyen depi dik dantan; manje lakay siyifye manje manje ki prepare avèk entansyon, lanmou, swen e epis ki bon pou lasante.

Image-1 (1)

Nan yon etid ke Memorial Sloan-Kettering Cancer Center a fè, yo jwenn ke Asowosi/Asosi (Momordica charantia) gen plizyè benefis tankou: prevansyon kansè, tretman pou
sik, lafyèv ak enfeksyon. Se vre ke nan kèk eksperimantasyon nan laboratwa ki montre benefis li, men yon kosyone ke “gen plis etid ki pou fèt pou rekòmande itilizasyon li.” Nan zafè itilize Asowosi/Asosi pou konbat maladi sik, plizyè etid ki fèt sou bèt ak lòt ti etid ki fèt sou moun demontre ke Asowosi/Asosi ka desann nivo sik moun. Anplis, yon etid an 2014 bay prèv ke lè yon moun konsome Asowosi/Asosi kri oubyen nan ji, li ka efikas pou desann nivo glikoz nan san.

Konya ke nou vin aprann, anpil nan pratik ke granmoun nou pat ka eksplike yo, genyen merit syantifik. Anpil lòt remèd tradisyonèl vin antre nan remèd konvansyonèl la. Anpil nan preskripsyon medikaman ki disponib jounen jodia gen orijin yo nan sa grann nou te konn bay nou yo. Kòmanse sou kafe amè pou maltèt (nou vin wè ke kafeyin se youn nan engredyan aktif nan Excedrin), rive sou tout benefis nou jwenn nan myèl, oubyen sitwon ak anpil lòt fèy, kilti nou an rich nan fason pou trete anpil kondisyon. Malgre benefis ke nou jwenn nan lanati ak tout remèd lakay, fòk mwen avèti nou  pou nou pa depann twoòp sou remèd sa yo pou tout maladi.

Jenerasyon nou an dwe ale pi lwen ke zansèt nou yo pou nou konprann remèd tradisyonèl la syantifikman, kontni yo, eleman yo, efè segondè e jan yo reyaji ak lòt medikaman. Nou pa janm konnen, petèt remèd konvansyonèl la ap benefisye de rechèch sa.

“Majorite remèd altènatif/tradisyonèl pa nesesèman danjere” deklare zanmi mwen, yon medsen ki ap pratike medsin an Ayiti Karry Jose Felix. “Pou nou menm doktè byen komprann pasyan nou yo, nou dwe konsidere kwayans paysan an, tradisyon li, olye nou inyore yo. Nou dwe toujou konsidere ki enpak serye ke kwayans pasyan an ka genyen sou maladi a. Jenerasyon nou an dwe ale pi lwen ke zansèt nou yo pou nou konprann remèd tradisyonèl la syantifikman, kontni yo, eleman yo, efè segondè e jan yo reyaji ak lòt medikaman. Nou pa janm konnen, petèt remèd konvansyonèl la ap benefisye de rechèch sa. Jenerasyon nou an tou dwe edike pasyan Ayisyen pou kreye yon anviwonman de konfyans pou nou mete disponib sant sante ki apwopriye ak remèd ki apwouve e teste. Travay la anpil, men li byen merite pou nou fè jefò sa.

Pi bon apwòch pou viv an sante se swen prevantif regilye kay yon medsen ki diplome, avèk yon stil vi byen balanse. Maladi grav tankou maladi kè, kansè, sik, responsab lanmò chak 7 sou 10 Ayisyen daprè Center for Disease Control (2013). Maladi grav sa yo prevantab si genyen yon kolaborasyon avèk yon doktè. Enfeksyon ki koze pa vye move kondisyon lavi pran chèn. Kolera, tibèkiloz, lafyèv tifoyid, malarya, H-pylori ak anpil lòt maladi anviwonmantal ka redwi anpil si pasyan yo swiv tretman yo.

Dr. Hans Michel Pierrot, yon medsin de premye swen, zanmi danfans, ak kòlèg mwen, deklare: imajine mwen menm ki ap fè yon konsiltasyon nan yon sal ki cho, mwen ap swe, epi bri nan lari a anpeche mwen tande anyen nan stetoskòp mwen. Mwen nan yon sant sante ki pa gen kabann, anyen menm.” Nou ka konprann poukisa anpil Ayisyen pa renmen ale kay doktè. Anpil lòt jis pa genyen mwayen oubyen aksè a yon doktè. Mwen menm konn tande moun ki di: “li te byen anfòm anvan li te al wè doktè a…” Yon premye atik pibliye isit la de Dr. Kenny Moise demontre anpil nan pwoblem sistèm medikal Ayiti an genyen kòmanse sou move anviwonman travay pou rive sou mank edikasyon medikal pou doktè yo. Sa se yon lòt diskisyon nèt.

Lè nou gade pasyan yo, Ayisyen afekte pa anpil faktè sosyal tankou rasism, pwoblèm moun anwo, moun anba, vyolans politik, povrete, elatriye ki rann yo siseptib a maladi. Lè ou gen yon moun ki ap bat dlo pou fè bè epi pa genyen yon sistèm ki bay aksè ak swen medikal gratis oubyen a pri abòdab, ijans pou yon moun al wè yon doktè pa ekziste. Ki fè ke, lè yo resi ale kay doktè,  souvan li gentan twò ta. Eksperyans lopital Ayiti se tèt chaje; kòmanse ak liy men longè, ekipman demòde, pou rive sou medikaman ke yo pa kapab achte swa paske yo pa genyen kòb la, oubyen paske pa genyen medikaman an nan peyi a. Anpil Ayisyen fè kòb yo de jou an jou, pa genyen anpil travay ki ofri vakans maladi, ki vle di yon vizit lopital, ki ap pran tout yon jounen, koute moun nan kòb. Lè ou nan bezwen, ou oblije pran tout mezi. Anpil moun ki pa gen tan oubyen mwayen pou ale kay doktè achte medikaman nan lari san panse ak dat ekspirasyon, itilite, efè segondè, entèraksyon ak lòt medikaman, dòz etc. Movèz itilizasyon medikaman ka gen konsekans grav; e konsekans sa yo vin ranfòse ide anpil Ayisyen genyen ke remèd modèn/konvansyonèl pa bon.

Nou ka komprann poukisa anpil Ayisyen pa fè doktè ak lopital konfyans akoz de kondisyon deplorab ki ekziste nan domèn sante ann Ayiti. Se pou tèt sa, nou pito lage nou nan sa grann nou te aprann nou.

Nou ka komprann poukisa anpil Ayisyen pa fè doktè ak lopital konfyans akoz de kondisyon deplorab ki ekziste nan domèn sante ann Ayiti. Se pou tèt sa, nou pito lage nou nan sa grann nou te aprann nou. Pou nou konbat reyalite sa yo, nou kenbe fèm tradisyon lakay yo ki se yon melanj tradisyon Afriken ak Taino ak yon ti gout nan sa nou jwenn lakay blan an. Li esansyèl pou nou genyen yon apwòch konplè sou lasante. Pou nou ka gen lasante e rete an sante, nou bezwen yon dyèt byen balanse, fè espò, pratik tradisyonèl kote nou manje manje natirèl ki pou pwomouvwa stabilite nan selil nou ansanm ak swen prevantiv kay doktè. Yon politik sante konplè ak finansman pou sante piblik dwe swiv transmisyon maladi. Nou dwe kreye yon relasyon ant remèd tradisyonèl ansanm ak konvansyonèl pou yon apwòch konplè sou lasante.

Feature photo: Jovan Julien
www.jovanjulien.com

Dr. Fritz-Gerald Laurent

Dr. Fritz-Gerald Laurent lives and works in New York. He has a background in genetics and public health. He is really passionate about all things Haiti related. He is an avid lover of live music, art and sports. He can be reached at fglaurent@gmail.com