Benefis manje tradisyonèl ayisyen sou sante

This post is also available in: English

This post is also available in: English

Manje pa sèlman ke yon sous enèji. Li pa sèlman bagay pou ba ou vitamin. Li pa sèlman melanj gou li bay bouch ou: sikre, sale, si, anmè, pike, asid, nan tout kalite dimansyon. Manje pa sèlman medikaman. Se vre, manje se tout bagay sa yo ansanm, men sou tèt sa, manje se memwa, lanmou, ak koneksyon a kilti w’.

Nan lane 1930, yon dantis ameriken ak tout madanm li, Mr. ak Madan Weston A. Price te vwayaje nan lemonn antye pou pran foto dan diferan moun. Sa te pase anvan transpò ak vwayaj te fasil. Yo rankontre moun tout ras kap viv nan tout kalte klima. Ou ka jwenn rezilta vwayaj li yo nan liv li ekri a Nutrition and Physical Degeneration. Se youn nan liv ki gen plis valè nan zafè nitrisyon. Jounen jodi a, yon liv konsa pa t’ap ka janm fèt, paske pa rete anpil moun sou latè ki manje manje tradisyonèl yo, san yo pa ajoute sipleman nitrisyonèl. Mesye Price rele manje sa yo “manje deplase endistriyèl” (sik, farinn, lwil vejetal, ak lòt manje ki fèt nan faktori).

Kisa dan ak nitrisyon genyen pou wè youn ak lòt? Se pa yon bagay ki evidan nan jan nou viv nan tan modèn jounen jodi a. Nou aprann sante dantè se yon kesyon de ijyèn. Yo di nou, si nou bwose dan nou regilyèman, nap gen bèl dan ki an sante. An reyalite, dan nou se youn nan pi bon endikasyon sante jeneral nou. Dan nan bouch ou, se zo yo ye, e bouch ou, se premye pòt nan alimantasyon nou. Lè kò nou manke sèten vitamin ak mineral, oswa nou gen move dijesyon, anndan bouch ou vin chanje, pou ranje sa kò ou pran mineral sot nan dan ou, pou voye bay lot tisi nan kò ou ki bezwen yo. Zo nan kò gen plizyè wòl, e youn ladan yo se sere mineral ak vitamin pou itilize pi devan.

Mr. Price dekouvri ke lè moun manje manje tradisyonèl yo, dan yo fò e an sante. Yo pa bezwen rache poutèt yo gate oswa pouri. Figi yo laj, ak gwo nen, machwa solid, ak yon tèt byen fòme ki gen anpil espas pou sèvo yo. Tout kò yo byen fòme menm jan. Yo gen do byen dwat et byen solid, misk byen balanse, ak pye ki gen fòs. Moun sa yo pa te gen pwoblèm mantal non plis. Depresyon pat yon bagay ki te kouran. Yo te gen anpil entelijans, epi ri fasil.

Lè moun kòmanse manje manje ki pa natirèl yo, dan yo kòmanse pouri e yo kòmanse pran pwa. Jan moun yo santi yo vin chanje. Apre sa, bagay yo vin pi enteresan. Kò pitit moun ki suspan manje tradisyonèl yo vin chanje. Yo kòmanse montre siy dan doukla, poutèt machwa yo vin pi piti; dan yo vin pa gen ase plas pou yo pouse dwat nòmalman. Nen yo vin fen, epi pwoblèm mantal vin ap devlope, poutèt zo tèt yo vin pi piti, li pa kite ase plas pou sèvo yo. Defòmasyon kò yo vin pi kouran, tankou pye koubi, zepòl rantre. Kò yo vin pi frajil an jerenal.

Sa nou manje enpòtan anpil, anpil, anpil.

Manje byen, plis pase melanje ti moso grès, pwoteyin, ak glisid. Lè nou manje manje tradisyonèl, manje kiltirèl gran grann nou, bagay sa yo pèdi enpòtans yo. Grann ou siman pa te menm konnen kisa bagay sa yo te ye. Li pa te bezwen konnen. Jenerasyon ki te vini anvan yo te manje sa yo te ka jwenn nan tan pa yo ak lokalite yo te viv la.

Yon bon egzanp de moun ki gen bèl dan, se peyizan Ayisyen, ki se yon gwoup moun ke yo denigre anpil nan sosyete nou an. Dan yo blan, san tach, gen fòs; yo se bon jan moun ki an sante. Tank moun yo rete pi lwen kapital la, yo gen yon distans ak abitid moun rich yo, e yo pi an sante. Se poutèt yo pa gen aksè a manje enpòte, kifè yo an meyè sante. Yo pa gen aksè a bon ijyèn, ni dantis. Yo plis sèvi ak chabon pou netwaye dan yo chak de twa jou. Lè ou gade peyizan yo, yo gen machwa ki laj ak gen fòs; yo gen misk byen fòme, ak bèl kò byen djanm. Lè yo konpare ak moun ki ap viv nan gwo vil yo, oswa moun ki jwenn manje enpòte ki fèt ak sik ak farin, diferans nan kò yo ak sante yo trè vizib.

Enpak manje tradisyonèl genyen sou sante pa gen parèy. Jan kilti ayisyen an ye a, li vreman difisil pou ou aksepte ke moun ki pi an sante yo se akòz yo rete makònen a yon bagay ke pi fò Ayisyen ap retire kò yo sou li: ledikasyon ak lokalite. Jan nou manje pa sèl jan pou kenbe nou an sante. Men li gen anpil enpòtans. Erezman, gen fason pou ou adopte yon rejim ki pi sanble a rejim tradisyonel lakay nou kèlkeswa kote ou rete nan lemonn. M’ap esplike nou kijan nan yon dezyèm pati.

 

Tradiksyon : Geraldine Dambreville

Photo credit: Jean Cyril Pressoir
Jennifer Martineau

Jennifer Martineau

Jennifer Martineau, originally from Haiti, is a Certified Nutritional Therapist Practitioner, Lifestyle Coach and Writer.

No Comments Yet

Comments are closed