Yon anvi manje griyo ki manke kraze relasyon mwen

This post is also available in: English

This post is also available in: English

Menaj mwen vini kote mwen ak telefòn mwen nan men li.

“Kiyès ki Daniel lan?”

Mwen mare figi m’ “sa se telefòn mwen an?”

“Se ti nèg ou te bay nimewo w’ la? Poukisa l’ap voye mesaj pou ou tankou yon moun fou konsa?”

“Ah se pa anyen, m’ te bal nimewo m’ antan ke zanmi. M’ pa menm konnen pouki li plede ap ekri mwen.” M’ rale telefòn mwen.

“Li konnen ou gen menaj?”

“Wi! M’ di w’ se pa anyen.”

An nou tounen nan kòmansman istwa sa.

Mwen te fèk demenaje sot Nouyòk al Filadèlfi pou inivèsite. Ant etid mwen, ti travay weekend mwen an ak nouvo relasyon sa a mwen te yon jan okipe. Menaj mwen te yon Nijeryen-Ameriken e menm jan avèk mwen, li te anrasine nan kilti li. Fanmi li te pale Yoruba, manman li te konn fè gwo manje otantik e yo te abiye ak rad tradisyonèl Nijerya tout kote yo ale. Se te yon weekend, kay manman li, pandan li te ap montre mwen kijan pou mwen kwit di ri Jollof ke mwen reyalize; mwen te sonje kilti pa mwen, mwen te anvi wè, manyen, goute ak santi yon bagay ki sot lakay.

Mwen fèt,  e mwen leve nan yon gwo kominite ayisyen Nouyòk, mwen abitye achte pate vyann bèf ak djondjon tankou lòt moun abitye achte ji zoranj. Mwen leve ap pale ak tande lang kreyòl nan zorèy mwen chak jou. Malgre moun te di mwen Filadelfi gen yon gwo kominote ayisyen, mwen potko janm wè yo depi mwen te rive a.

Pandan mwen tap tan bis aprè lekòl yon jou, mwen tande yon ti kreyòl nan bouch yon ti jènòm laj mwen konsa. Li t’ap pale nan telefòn. San ezite, mwen mache sou li mwen mande li eske li se Ayisyen.

Li vire gade mwen, li souri. Kèk minit apre Daniel avèk mwen te nan bèl konvèsasyon nan bis la. “mwen ta renmen konnen kote Ayisyen yo ye! Kote mwen ka jwen kèk pate!?”

“Mwen ka ede w’ wi, nou la fòk ou konn kote pou jwen nou. Ou ka ban mwen nimewo ou pou nou kenbe kontak?”

Dabitid lè gason mande mwen nimewo m’, mwen te toujou di non. Ou byen mwen montre yo men gòch mwen ki te gen yon fo bag fiyansay mwen te toujou mete. Men fwa sa a te diferan, fwa sa a se te chans mwen pou mwen konekte ak moun mwen yo. Mwen ekri nimewo mwen nan telefòn li epi mwen desann bis lan.

Kèk jou apre, pandan mwen te nan travay Daniel kraze telefon mwen ak mesaj

Li menm: sa w’ap fè la a?

Mwen menm: mwen nan travay

Li menm: a kilè wap fini?

Mwen menm: 6 zè 30

Li menm: sa w’ap fè pita?

Li menm: ou gen menaj?

Mwen menm:wi mwen gen menaj, e ou menm?

Li menm: oui mwen gen menaj tou.

Mwen te oblije pran yon desizyon : kenbe kontak ak misye pou m’ ka konnen ki kote pou mwen jwenn griyo, oubyen rete yon bon menaj. Apre yon tan mwen sispann reponn mesaj li, apre pale anpil sa te koze ak menaj mwen an mwen efase nimewo Daniel nan telefon mwen. Li pa te vo la penn pou mwen gate relasyon mwen, e jiska prezan li pa te ko janm ban mwen enfòmasyon sou ki kote mwen te ka satisfè anvi manje griyo ki te nan kò mwen an.

Finalman, mwen fè sa mwen te dwe fè depi nan kòmansman an, mwen ale lakay mwen Nouyòk al wè manman mwen.  Premye bagay mwen wè lè mwen rantre nan kizin lan se sachè plen pate tache ak grès lan. Mwen pete ri. Mwen pat janm rive jwen yon kote pou achte manje ayisyen nan Filadelfi, se jis apre mwen te fini pa rankontre kèk jenn Ayisyen. Mwen te vin kòmanse aprann fè manje mwen te anvi manje yo, e lè mwen pa te ka jwenn anyen pou ranplase sa mwen te vle yo mwen te kon ki kote pou mwen ale kounya : kizin manman mwen.

Kisa ou t’ap fè nan plas mwen?

Brenda Fadeyibi

Brenda Prince Fadeyibi is a NYC based Occupational Therapist, blogger (cakeandeggs.com), and aspiring novelist. Fluent in Kringlish, lover of all desserts, breakfast foods, and books, she is determined to live her truth one word at a time. Follow her on twitter: @cakeandeggs

No Comments Yet

Comments are closed