Lavi yon manbo an Ayiti

This post is also available in: English

 

Mwen deside yon fanm devosyon paske anba yon peristil mwen dekouvri on fasèt nan mwen ke mwen pa te konnen ki egziste.

Dekouvri depi ou jenn tifi ke pi devan lavi w’ gen poul diferan de pa gwoup zanmi ou se youn, men viv etap sa yo se yon lot. Mwen leve ak yon manman ki goumen anpil pou li chanje desten mwen. Li mete m’ lekòl kay mè, fè mwen rantre nan koral ak al li pasaj biblik lamès katolik; yon fason pou wè si anviwònman sa a te kapab anpeche mwen fe lòt chwa. Desten mwen se te kisa? Se te eritaj Grann mwen, pwen ke lespri ki ap pwoteje fanmi an toujou chwazi bay on fanm sou chak jenerasyon. Desten mwen sete pou mwen sakre manbo.

Mwen pa te pran lontan pou mwen te konprann pouki manman mwen te vle pwoteje mwen konsa. Vwazen ki te konnen mwen depi mwen te piti pa te jennen fè fanmi mwen konprann ke mwen p’ap rive fè anyen serye nan lavi mwen paske mwen chwazi vodou. Lè mwen dekouvri ke sa y’ap pale mal la se pi gwo fòs mwen e ke don sa pèmèt mwen ede moun, san ankenn konplèks mwen kanpe dèyè sa mwen ye a. Mwen fè tout moun konprann ke mwen pa chwazi Ginen men se li ki chwazi mwen. Mwen deside yon fanm devosyon paske anba yon peristil mwen dekouvri on fasèt nan mwen ke mwen pa te konnen ki egziste. Sa ki te pèmèt fanmi mwen ki konprann dimensyon desizyon sa sipòte mwen, se menm li menm ki fè sa ki te konn rele mwen zanmi koupe kontak avèk mwen e mache di mwen rantre nan dyab.

Se kòmsi lasosyete gen diksyonè pa li ak pwòp definisyon “manbo” ladan li. Mwen te chita sou ban lekol, mwen gen diplòm ak lisans, men sa pa anpeche fanmi yon nèg ki deside genyen mwen nan vi li mande li: “Epa se yon manbo ou chwazi nan vizaj nou?” oubyen “Kote w’ prale sou moun ak manbo sa?” Ayisyen parèy mwen pran on tit sakre ki sòti nan eritaj pa yo tou e fè li tounen yon etikèt sal pou desann on pitit tè a. Nan bouch moun sa yo, manbo se tankou yon fanm ki ap abiye tout jounen ak twal sal e ki san lespri.

Se sòti nan yon ekstremite rive nan yon lòt. Gen gason tou, depi yo dekouvri sa mwen ye, yo panse yo ka vin antre nan vi mwen paske si yo se nèg yon manbo, wanga ap boule toutan pou ba yo pouvwa ak lajan. Kidonk lè yo pa kouri nan pran nou pou lougawou, yo vle vini eksplwate nou.

Nan vi pwofesyonèl tou se traka. Kòlèg ak patwon pa te ka ban mwen move jan ni di mwen yo pa vle wè mwen, men vye blag yo te konn bay te montre sa yo panse. Yo te konn di bagay tankou:  “Pa ale sou biwo Sophia pou djab li yo pa manje ou.” Oubyen  “Pa fè Sophia fache pou li pa vin simen poud pou ou”. Nan bouch yo se kòmsi mwen pa ka fè anyen lòt ke bagay mal, e se youn nan bagay ki te pi pouse mwen al travay ak tèt mwen.

Diskriminasyon vini tout kote.  Mwen ka pran kòm egzanp pwopriyetè ki fin deside lwe mwen yon kay en 2013 epi ki chanje lide jou li wè yon rad Afriken sou mwen. Li di mwen kareman li p’ap lwe SATAN kay li. Lontan sezisman yon moun ki dekouvri mwen se yon manbo paske mwen konn li, mwen konn ekri, e mwen pa sal te konn enève mwen anpil. Men jodi a se de istwa ki fè mwen ri.

Pouki si yon moun pa sèvi vodou li oblije devalorize sa ki ladan li konsa?  Li t’ap bon si anvan yon moun met tout moun nan menm panyen, li ta chache konnen idantifye tèt pa li paske vodou a se rasin li tou. Epi, pou yo sispann fonksyone ak vye imaj ki p’ap pèmèt kilti lakay nou vanse.

Ginen pa mande on pitit li pou li “parfait”, li mande li pou li sèlman toujou onèt ak tèt li anvan tout bagay.

Ginen pa mande on pitit li pou li “parfait”, li mande li pou li sèlman toujou onèt ak tèt li anvan tout bagay. Yon mambo se anvan tout bagay on gid. Se yon sèvant ki la pou li fè sèvis Ginen an. Nan tout sitiyasyon li dwe gen fòs pou li kanpe djanm kouwè poto mitan, e degaje lanmou ak sajès bay lantouray li kouwè lespri ki nan poto sila tou. Se mesaje Lochan Ginen an ki la pou li rasanble pitit kay e kore sa ki pi fèb yo.  Se anbasadè kilti peyi a ak eritaj li. Se pa yon malfektè ki la pou li boule wanga pou regle koze pa li ak fè mal tout lajounen. Yon manbo se yon fanm tankou tout fanm depi li pa nan sèvis mistik li. Sa vle di li ka manifeste tout santiman moun an jeneral konn met deyò : soti nan kè kontan, rive nan tristès.

 

Photo credit: timoza
timoza.com

 

Sophia Fecu

Sophiphie se on mambo-makout, on eritaj ke Grann li kite pou li ak on bitasyon nan vil Leyogan. Li ap dirije Biznis li ki rele BTS (Bossou Technical Services) kel fonde depi 4 lane ki ofri sevis entretyen nan jeneratris.

2 Comments