Istwa kache: viv ak lupus, èske mwen se yon Fanm Fò?

This post is also available in: English

This post is also available in: English

« Fanm fò » se konsa yo souvan rele mwe paske mwen ap viv ak maladi ki rele lupus la depi 8 lanne. Bon zanmi mwen renmen fè mwen sonje ke mwen se yon konbatan. Mwen apresye sipò a, mwen vreman apresye sa. Men anpil fwa mwen ri, e anpil fwa mo rekonfò sa yo fè mwen fristre paske mwen pa santi mwen fò. Mwen pa kwè mwen janm santi mwen fèb fizikman konsa nan vi mwen, apenn si mwen ka kenbe kò mwen. Mwen pa santi mwen tankou yon konbatan non plis, mwen pa janm te aprann batay yon jou na lavi mwen. Kèk fwa, mwen paka sipòte doulè a. Mwen pa santi mwen lakay mwen nan pwòp kò mwen depi plis ke de zan. Mwen pa santi mwen nòmal depi tèlman lontan ke mwen pa menm ka sonje kisa nòmal vle di. Tan sa fòse mwen apresye chak ti grenn jou/lè/minit kè kontan mwen ka jwenn, menm si yo ra, nan mitan tout doulè ak fatig sa a. Mwen oblije pran yon poz ak lavi mwen, e sa fè mwen santi m’ fèb e ke mwen echwe. Pandan tout moun ap jwi lavi yo, ap siviv, mwen menm mwen lakay mwen ap soufri. Kijan pou mwen ta santi mwen fò menm? Kijan viv tout sa fè mwen yon konbatan? Mwen pa gen yon lide.

Mwen te eseye goumen pandan yon tan, goumen pou eseye pa malad. Nenpòt lè mwen te sòti nan kay la, mwen te eseye fè sanblan. Mwen te konn fòse tèt mwen pou mwen mache dwat; mache ak yon enèji ke mwen pa santi. Mwen te konn ri ak zanmi mwen yo pandan ke mwen pat menm santi mwen gen ase fòs pou kenbe je mwen louvri. Mwen te konn di “mwen anfòm” pandan ke andedan mwen t’ap mouri. Mwen te jwe yon espektak, ki fè mwen tounen yon bon komedyen nan bay moun may. Men apre dènye fwa mwen te malad anpil la, mwen deside sere tèt mwen byen fon. Sentom maladi mwen an fè ke mwen paka fè anyen san èd lòt moun, tankou mache, boutonnen manto mwen. Mwen pa te vle kontinye fè sanblan. Mwen te pito rete lakay mwen ap neye anba doulè ak depresyon. Mwen mande tèt mwen : èske tout bagay sa yo dekri yon moun ki “fò”?

Mwen sipoze ke mwen pa renmen ke yo kalifye mwen de fò sèlman paske mwen ap eseye siviv ak lupus. Se pa yon chwa mwen te fè.

Mwen sipoze ke mwen pa renmen ke yo kalifye mwen de fò sèlman paske mwen ap eseye siviv ak lupus. Se pa yon chwa mwen te fè. Mwen pa te gen chwa ke siviv depi lè ke yo di mwen ke mwen gen maladi a an 2007. Ou mèt kwè mwen si mwen di w’ ke si mwen te kapab, mwen t’ap kouri kite kò malad sa. Yo di mwen fò paske mwen parèt yon moun ki kenbe tèt pou tèt ak maladi a. E poutan, o mwen 10 fwa pa jou mwen lamante sou jan mwen vle bay vag. Depresyon ki mache ak maladi mwen an fè mwen las. Mwen pa t’ap rive pase yon jounen san sipò ak ankourajman moun ki renmen mwen yo.

Chans pou mwen, pandan ke kò mwen malad, lespri mwen klè e an sante. Mwen te gen ti bout depresyon men ki se efè sekondè maladi mwen an ak jan mwen raz pandan ke mwen ap reprann mwen. Men pi gwo avantaj mwen se ke mwen gen yon lespri ki chaje ak enèji pandan ke li bloke nan yon kò ki malad. Fòs mwen, se lespwa ke mwen genyen. Mwen chaje plan antan ke jenn fanm, ak antan ke fanm ayisyen. Mwen admèt ke lè mwen santi kò a anfòm, mwen konn sezi wè jan mwen ka espere. Apre tout jou mizè sa yo, gwo kè kontan mwen genyen paske mwen vivan preske pa reyèl. Men malgre sa, se moun ki renmen mwen yo ki ede mwen vanse. Kè kontan ke yo gen pou mwen lè mwen pote bon nouvèl ba yo, se sa ki ban m motivasyon pou mwen vanse. Kidonk, mwen espere pi bon jou. Mwen priye, e mwen pran fòs nan ankourajman ak lanmou ki antoure mwen. Si moun ki renmen mwen yo kanpe de pye fèm dèyè fòs ke mwen gen lakay mwen an, mwen sipoze ke mwen dwe genyen li kèk kote nan mwen vre. 

Eske mwen se yon fanm fò? bon, kèk jou mwen santi mwen fò, e gen lòt jou ke mwen pa santi sa. Dè fwa mwen vreman ta swete ke mwen pa oblije fò. Antouka mwen la, pou bon oubyen move tan, ap siviv ap espere, ap eseye fò.

Pou plis enfòmasyon sou lupus:

Kisa lupus ye?? | Lupus Foundation of America

Ki jan ou ka ede | Lupus Research Institute 

Photo Credit: Tina Cerin
instagram.com/TifiPhotography
No Comments Yet

Comments are closed