Likid maji a: lwil maskriti ak JBCO (Jamaican Black Castor Oil)

This post is also available in: English

This post is also available in: English

“Manman, non pa mete bagay sa a sou mwen.” timoun lan di pandan li ap gade manman li avèk dlo nan je li. Ou ka panse a nenpòt manman ayisyen ak pitit li epi ou gen koze #LwilMaskritiGeriToutBagay. Kit ou gen nen ou ki ap fè sòs, yon maleng, zo fè mal, yon chit oubyen lafyèv, pitit ayisyen an konnen ke san grate tèt se konsa li ap geri. Pyès timoun pat vle yo badijonnen tout kò yo avèk lwil sa ki fòse yo respire nan bouch pou evite sant dwòl la. Manman yo toujou fè timoun yo pe bouch yo epi kontinye ba yo remèd natirèl sa a ki pa janm pase tan. Sa timoun sa yo pat konnen se ke manman yo te gen rezon.

Si nou vanse nan tan kounya, gen yon gwo revolisyon ki ap fèt prèske tankou revolisyon ki te mete franse yo deyò an Ayiti. Diferans lan kounye a se ke lagè a pa pou libète moun, men se yon revolisyon pou libète pou cheve, cheve fanm nwa. Nan tout mond lan gen yon batay k’ap mennen kont ansyen rejim ki se pèmanant, e kont jan manke moun nwa ki responsab antrepriz ak magazen pwodwi pou cheve moun nwa. Times.com fè konprann ke pandan 5 dènye lanne sa yo, lavant pèmanant lan bese 14%. Dapre bostonglobe.com “nan fen lanne 1960, Angela Davis, yon militan ameriken, te gen yon gwo tonton afro ki te yon siy politik e ki te kòmanse yon mouvman sou cheve natirèl.” Sa te enspire nouvo jenerasyon yo. Nouvo kanpay sou cheve natirèl sa a fè pati yon revolisyon kiltirèl pou reprann kouwòn bote fanm nwa ki nòmalman majinalize li: teksti natirèl li.

Toujou gen anpil deba ak chòk lè moun pale de cheve natirèl fanm nwa. Youn nan pi gwo estad nou ka wè deba sa se sou televizyon ameriken. Konbyen moun ki te aplodi pandan ke lòt t’ap voye pye lè Olivia Pope te deside kouche nan solèy la san cheve dwat long li an men pito ak bèl bouklèt li yo? Oubyen lè Annalise Keating, ke fanm fò ki rele Viola Davis jwe a, te retire makiyaj li ak perik li pou montre cheve kout li anvan li al dòmi? Fanm nwa gen dwa pou li fè sa li vle ak cheve li, men yo pa janm te vle ba li dwa sa a. Kounya ke yo gen fè chwa mete oubyen pa mete pèmanant, cheve natirèl la kòmanse pi prezan. Tout sa gras a yon gwo kokenn chenn pwodwi ki sipòte revolisyon an ak lajan ki sòti nan mouvman an.

Figi revolisyon an se pa yon grenn lidè men yon pwodwi ki rasanble tout fanm nwa pou fè yon sèl kò antye. Jamaican Black Castor Oil, ke yo rele JBCO, tounen yon ewo nan lavi tout fanm ki ap kite pèmanant pou yon kwafi pi natirèl. Se nouvo remèd pou tout bagay ak sovè mouvman cheve natirèl la. Li pa sèlman ede pou cheve a pa kase, li ede bò tèt kale repouse ak konbat cheve sèk. Lòt sekrè li se jan li ede po ak sante, tankou fè sikatris parèt mwens, idrate po sèch, diminye doulè atrit, li se yon fòtifyan pou sistèm defans kò ou epi ou ka itilize li lè ou gen ti blese.

Sa sanble yon bagay ou konnen? E byen, e si mwen di ou ke tout manman ayisyen yo te konnen trè byen depi lontan de ki kalite a avantaj yo te gen nan men yo ak lwil maskriti, « likid maji » a. Lwil maskriti ke yo konnen sou non lwil palma christi, gen menm kalite ak JBCO a. Bon se menm pwodwi a ke yo ye, tou de sòti nan grenn ki pouse ni Ayiti ni Jamayik, ke yo pije jis li vin yon likid san koulè, yon jòn pal oubyen mawon. Sèl diferans lan se ke JBCO gen yon teksti ki pi fen a kòz de jan konpayi an mete li sou mache a, men sa pa vle di ke li pi bon ke lwil maskreti a. Tou de mache menm jan an e sòti menm kote. Kote yon boutèy 8 ons JBCO ap koute  ou 10-12$ vèt nan boutik ki vann pwodwi bote yo, dènye boutèy lwil maskreti ke yo vann sou amazon lan koute 12-15 $ vèt. Epi Yve-Car Momperousse ki se yon ayisyen ki gen Kreyol Essence yon boutik sou entènèt ki vann pwodwi ki sot Ayiti, vann li kòmanse a 12$ pouu rive 17$.  Pandan sa ka parèt twò chè pou konsomatè ki pa vle depanse twòp lajan, gen yon lòt opsyon ki pi senp. Tounen kay manman ou oubyen matant ou, mande yo padon pou tout plenyen ou te konn fè pou sant lwil maskriti lè ou te timoun, epi tounen lakay ou avèk lwil gratis. W’ap jwenn li nan prèske tout kay Ayisyen, e li bokou mwen chè nan fòm natirèl li ke vèsyon komèsyalize w’ap jwenn nan magazen oubyen sou Amazon.Sèjousi, JBCO vin popilè anpil, men lwil maskriti lakay la pa yon fenomèn ki ka vin ni a la mòd ni demòde., se yon bagay ki rete konstan nan pase ak prezan lavi ayisyen. Sa se yon etap nan liberasyon kont plizyè ane kote lasosyete te di nou ke nou bèl sèlman lè nou defrize cheve nou ak pwodui chimi. Menmsi nan moman an, se JBCO ki ap mennen nan mouvman sa, lwil maskriti ayisyen an ap vin pi popilè nan mouvman an tou. Avèk tan, ti sekrè pou cheve ak zam gerizon ayisyen sa a pral fame nan tout mond lan.

Men yon lis kèk maladi ke lwil maskriti ka ede ou jere:

atrit

enflamasyon

migrèn (gwo tèt fè mal)

kal pye

chit/cheve kase

enfeksyon vajinal

 

Photo Credit: Doris Lapommeray

Priscilla Brissault

Priscilla Brissault

Ah, poor Priscilla. The only Haitian American girl in her West Philly class who still till this day has no clue what an African booty scratcher really is. So instead she focused her average brainpower on romance books, Horror / Sci-Fi movies, and art. When she is not teaching ESL to her students in South Korea, she is traveling the globe culturally exchanging, making jewelry, creating art in its various forms, and just generally being a kickass ninja at night.

No Comments Yet

Comments are closed