10 jan ou ka reyaji lè yon moun mande w “KILÈ W AP…?”

W ap eseye viv lavi ou jan ou kapab, eseye wè kibò ou ka rive, kisa ou vle ye, kisa ou vle fè… epi yon moun parèt san bwi san kont epi li di w:

1. KILÈ W AP gen yon mennaj/marye?

Pa di mwen… ou deside w ap rete san pyès moun nan vi w, pou yon jou nou deside marye paske laj ap monte jiskaske lanmò separe nou?

*twouse nen* Fè yon ti chita pou ou ka aprann ke gen moun ki vle rete san yon moun. Oubyen ki deside yo pa vle marye paske sa pa enterese yo, oubyen paske yo pa kwè ke yo bezwen maryaj la pou yo viv an koup ak yon moun.  Konsa tou gen moun ki deside pran san yo, ou ki refize  pran presyon pou maryaj paske yo kòmanse gen laj … Laj… LAJ.

Epi kijan 2 chif ka fè ou jwenn moun ou vle pase rès vi w /moman nan vi w avèk li menm ?

 

2. KILÈ W AP fè pitit?

Ki dwa ou gen pou ou deside ou p ap ban mwen yon ti bebe pou mwen souke (menm si depi li kòmanse kriye nou tout ap lage li vire do nou ale)?

*Hein!?!* Non non se pa siyati moun ki te ka papa a ke li pa renmen, ni se pa paske li gen yon pwoblèm. Gen moun sou tè a ki deside yo pa vle fè timoun ni adopte, yo p ap ogmante la ras. Menm jan genyen ki pito adopte oubyen ede youn oubyen plizyè ke yo konnen. Pou w papa oubyen manman, se yon gwo kokenn chenn responsabilite keslkeswa jan an e se pa tout moun ki vle viv sa!

Epi kot chèk pa mwa ak tan moun  ki poze kestyon sa a?

 3. KILÈ W AP gen kay/ kite kay paran w?

Eske ou ka fè yon jan ou kite kay la pou mwen tanpri (menm si li pa pou mwen e se pa mwen ki ba ou manje ladann, epi menm si mwen pa konn konbyen kòb w ap touche?)

*leve tèt gade moun lan* ban mwen fè yon ti esplike ou yon bagay. Gen moun depi yo kapab yo al viv poukont yo. Konsa tou gen moun ki deside se lakay paran yo yo ap rete e yo twò byen kontan kontinye viv ansanm. Konsa tou gen moun ki pito viv nan lwaye olye ke yo gen kay pa yo e tout sa pou rezon pèsonèl yo. Menm jan tou gen moun ki pa gen chwa ke lwaye a.  Pa bliye ke fè kay pa yon bagay ki senp… Mezi lajan w mezi wanga w.  

Epi, Nou janm wè moun sa yo met non nou nan lis eritye tè yo?

 4. KILÈ W AP mete/retire pèmanant? aprann ak sispann makiye ak mete bijou?

Bon mwen ba  ou yon kò kenbe pou mwen, epi ou di mwen ou p ap fè sa mwen di w la?

*souke tèt ou* Ban mwen  aprann ou ke chak moun fè sa yo vle ak kò yo e yo pa bezwen ke ou apwouve yo nan okenn sans, a mwens ke yo mande ou sa ou panse. Yon moun makiye, mete bijou oubyen fè sa li vle ak tèt li selon jan li vle wè tèt li nan glas ak jan li vle mete tèt li an valè.

Ou pa renmen l? Ok. Men kite moun lan eksprime li jan l vle.

Epi eske objektif lavi yon moun se pou li bèl nan je pa li …oubyen nan je pa w?

 5. KILÈ W AP fè bagay?

Kijan ou fè viv san yon bagay ke mwen sipoze ou pa konnen (paske ou pa pale de sa) ?

*poz anvan tchwuipe a* Kijan pou mwen esplike sa la a…gen yon seri de moun ki pa gen atirans seksyèl pou pyès moun ak yon lòt seri ki vle yon moun espesyal ak yon lòt kategori ki p ap ni tann yon moun espesyal ni pa tann li, yo sèlman poko fè sa. Epi gen moun tou ki pito fè sa poukont yo. Chak moun viv seksyalite yo jan yo vle e seksyalite nou tout pa menm. E ou dwe respekte chwa chak kategori moun sa yo. Pa enkyete w yo respire ak viv byen menm jan ak ou.

Epi, depi kilè pale de fè bagay montre ke ou konn fè bagay?

 6. KILÈ W AP fin etidye a laj ou?

Pandan ke mwen pa peye lekòl pou ou ni mwen pa ede ou etidye ak ba ou sipò, ban mwen mande ou sa w ap fè / sa w pral fè lekòl toujou?

*yon ti ri jòn* Chak grenn moun sou tè a gen entelijans pa li. Kidonk chak moun vanse nan etid yo jan yo kapab malgre presyon, malgre yo gendwa pa alèz nan sistèm ledikasyon ke y ap etidye ladann lan. Men sa ka rive ke X pran plis tan ke Y pou li fini. Oubyen ke A paka sispann aprann yon bagay epi B li menm ak ti sa li konnen an li bon.  Konsa tou gen moun ki pa renmen lekòl yo ale paske yo dwe / ka ale. Tout moun pa oblije fè menm wout la pou yo rive viv depi wout li pran an bon.

Epi, nou janm wè pòs travay moun sa a kite pou ou lè w fini ak lekòl la?

 

7. KILÈ W AP megri/gwosi?

Ou dwe fè yon jan wi paske mwen pa doktè, ni espesyalis, ni yo pa mande mwen opinyon mwen, men ban mwen di ou– ou paka kontinye konsa.

* leve defile men nan ren * jan ou wè kò yon moun ye pa souvan di kijan sante li ye.  Li ka gwo li an sante epi li mèg epi se li ki soufri maladi ke yo toujou panse moun ki gwo soufri yo: kolestewòl pa egzanp. Konsa tou moun ki gwo oubyen ki mèg yo pa bezwen ke ou di ke yo te ka pi bèl, pi nòmal si yo te tèl jan tèl mannyè. Pa gen yon kò estanda, chak moun kreye estanda bote pa li. Yo pa bezwen konnen sa ou panse de yo ni yo pa bezwen ke ou fè yo sonje yo gwo ou mèg oubyen manke si nan kò yo pou yo bon!

Epi, depi kilè yo dwe redwi sa yon moun ye a kò li?

 8. KILÈ W AP konvèti?

Ou pa panse ou se yon moun ke satan achte lajan kontan paske ou pa mache nan menm legliz avè m?

*respire respire respire* ou nan relijyon X lòt la nan relijyon Z ak yon lòt ki pa nan okenn, n ap viv nan menm kominote a nan tèt ansanm nan respè youn pou lòt men kijan pou sa ye. Poukisa ? Paske chak grenn moun gendwa kwè nan sa l vle oubyen pa kwè nan anyen. Konsa tou yo ka chwazi pratike relijyon yo a pwen pa pwen. Oubyen yo sèlman idantifye yo a li san anyen ankò. E se pa paske ou nan bò diferan ak lòt la pou ou pase relijyon/kwayans li anba pye ou!

Epi, kijan on moun fè santi li tèlman sen pou li di yon lòt li pral nan lanfè ou ke li se yon move moun?

 9. KILÈ W AP pati?

Ou pa panse mwen fè yon ti wè ou twòp e ke ou ta sipoze al fè yon tan lòt bò dlo?

*mete men nan machwè* Leve pati pou vakans, travay, etid elatriye mande yon òganizasyon ak yon kòb ke moun lan gendwa pa genyen. Menm jan tou, moun lan gendwa pa anvi al wè lòt kote menm si li gen posibilite a paske li pa renmen vwayaje oubyen paske li pè kelkeswa mwayen transpò a oubyen pè dekouvri tout sak nouvo pou li. Konsa tou, pati pou ou ka se ale Miyami, Kanada, Sen Domeng epi moun lan li menm ap reve Japon, Espay, Kiba.

Epi, ou janm wè biyè sipriz moun lan i pote ba w la?

 10. KILÈ W AP li/follow Woymagazine

Ou vle fè mwen konprann ke ou poko janm ko li youn nan atik WOY ni swiv li okenn kote ni facebook, ni twitter ni instagram?

*leve danse* Se sèl KILÈ W AP ki pou ba ou tèt fè mal si ou poko fè li vre. Paske nou vini ak yon lòt platfòm kote moun lakay ka vin pataje lide yo sou sa yo ap viv, wè, tande nan lakou lakay kou lòt bò dlo. Epi se youn nan kote nou brase lide nan lang manman nou, sou de sijè ke anpil fwa yo refize pale lakay nou. E nan Woy nou konte tande chak moun paske chak vwa enpòtan pou konstwi yon lòt demen.

Epi, èske se pa vre ke nou menm nou nan WOY nou ekri yon lòt jan?

Doris Lapommeray

Doris Lapommeray

Doris Lapommeray (Pommeris) is a Haitian architect and co-founder of Woy Magazine. Doris is a creative and lover of the arts, a painter, drawer, and jewelry maker.

1 Comment