Fanm Ayisyen “Poto Mitan”? Non Mèsi

This post is also available in: English

This post is also available in: English

Nou se fanm nou se moun ki ap boujonnen chak jou, nou pa yon poto mitan ki simante yon kote.

Fanm ayisyen gen anpil kouray!
Fanm ayisyen djanm!
Fanm ayisyen se POTO MITAN!

Kou yo pale de fanm lakay, youn nan premye ekspresyon ki vin nan tèt nou se tout sa ki gen rapò ak fòs, kouray. “Poto mitan”  se youn nan sa ki pi kouran ke ou jwenn nan kelkeswa sa ki ap fè lwanj fanm lakay la. Poto mitan sòti nan vodou, li reprezante poto ki nan mitan tanp sakre a, ki se yon eleman enpòtan anpil nan seremoni yo. Nan sosyete pa nou ak anpil lòt peyi nan antiy yo, yo itilize fraz sa pou dekri fanm,  ki vreman travay pou fè sosyete yo mache. Menm si malerezman, anpil fwa lòd sosyal kote se gason ki gen pouvwa/ lotorite  pa pèmèt yo rekonèt ni aksepte wòl fanm genyen nan devlòpman sosyete a. Depi nan elve tifi, yo aprann li fòk li se yon fanm vanyan, yon fanm total, yon fanm ak pantalèt pou fanmi li pral genyen pi douvan. Sa ki vle di:

-Yon fanm ki ap travay di anpil san plenyen.

-Yon fanm ki ap fè wòch senyen pou tout moun li yo pandan ke li bliye tèt li

-Yon fanm ki ap pran baf lavi a men ki paka di li bouke.

-Yon fanm ki ap soufri men ki oblije souri

-Yon fanm ki mare ren li lè li gen doulè paske li paka malad

-Yon fanm ki p’ap mande anyen menm paske li gen sèl tèt li

Lis tout kalite sosyete vle yon fanm genyen an long pase vandredi sen, e menm lis sa a fè ke tit fanm “poto mitan” an ka yon pwoblèm. Gen fanm ki adopte fraz la paske yo jwenn tèt yo ladann e chak fwa yo di yo sa, se pi bèl konpliman yo te ka fè yo. Konsa tou nan lòt pla men an gen tout sa 2 mo sa yo pote ki pa nan avantaj tout moun. Deja pou nou kòmanse, se pa tout fanm ki gen kapasite pou yo djanm nan sans poto mitan an, swa paske yo pa vle, oubyen paske yo pa pare pou sa. Paske pou yon fanm poto mitan  fòk ou bay ak/oubyen responsab lavi. Depi anlè yo prepare ou pou ou tounen yon manman “respektab” oubyen pou ou ka pran plas yon manman. Aspè sa gentan mete sou kote yon gwoup fanm. Yo pa ba ou chwa, pou ou di non, ni chwa pou ou di ke ou ta prefere poto mitan pwòp lavi pa ou sèlman. Yon desizyon konsa pa fè yon fanm mwen fanm ke yon lòt.

Si nou ale pi lwen, nan tan lesklavaj, atik 13 Kòd Nwa a te di ke timoun te dwe pran kondisyon manman yo kidonk: timoun lib si manman an lib e yo esklav si manman an esklav, san rantre papa a nan anyen. Sa te lakòz ke fanm lan se li ki te gen tout responsabilite a. Papa a te sèlman jwe wòl mete pitit nan vant manman an, anyen ankò. Jounen jodi a, nou gen ekspresyon fanm poto mitan an ki fè nou sonje menm enpòtans pozisyon prensipal manman an gen nan fanmi li. Pandan ke fraz sa felisite ak rekonpanse fanm pou wòl yo jwe, “poto mitan” an rale mennen vini tout yon seri chay sou do fanm, sitou sa ki gen pou wè ak kay/fwaye. Konsekans yo di, paske sitiyasyon an vin retire responsabilite kay gason an. Li ka bay gason lide ke kit li fè moso pa li a, kit li pa fè li, ap toujou gen fanm lan pou plen twou vid li kite a paske li pare pou sa. Lè gason an absan yo raple fanm lan ke li se yon poto mitan se li ki la pou fè tout bagay mache. Sosyete a pa kite fanm menm di kijan yo santi yo pa rapò a sa yo ap viv la, ni denonse abi ke yo fè li. Yo fè li fèmen bouch li ak menm sa ki ta dwe pi bon karateristik fanm Kreyòl la. Pa bliye se pa paske yon moun ka sipòte yon sitiyasyon ke li oblije viv li. 

Etikèt sa a bay yon pòsyon fòs men konsa tou li retire nan limanite fanm, se kòmsi ou mande li pou li mete baboukèt sou sa ki ap bouyi andedan li, sou santiman ak fristrasyon li yo. Paske yon fanm fò, yon POTO MITAN pa gendwa nan tout koze kredi sa yo. Mwen ka yon fanm, ou ka yon fanm, nou tout ka fanm nan dimansyon lavi pa nou san nou pa oblije kache moun nou ye a, sa nou vle ak sa nou santi. Ni moun pa bezwen ba nou valè sèlman nan fason nou ka konbat difikilte lavi a. Nou se fanm, nou tonbe nou leve, nou ri nou kriye, nou renmen nou rayi, nou kontan nou fè kòlè, nou viv nou fè bèk atè. Nou se fanm nou se moun ki ap boujonnen chak jou, nou pa yon poto mitan ki simante yon kote.

Photo credit: Frederic Gircour
via potomitan.info
Doris Lapommeray

Doris Lapommeray

Doris Lapommeray (Pommeris) is a Haitian architect and co-founder of Woy Magazine. Doris is a creative and lover of the arts, a painter, drawer, and jewelry maker.

No Comments Yet

Comments are closed