Kisa Fanm Ayisyen Vle Di Pou Mwen?

This post is also available in: English

Ayiti cheri, Ayiti manman’m, Ayiti Manman libète, Haïti perle des antilles. Malgre tout karakteristik kontradiktwa peyi a, nou tout antann nou ke Ayiti se yon fanm. Li karese, li pran swen, li briye tankou yon pyè presye, nou menm pale de li  ak pwonon feminen. Pou mwen se yon temwanyaj a fanm Ayisyen ki reprezante tout karakteristik sa yo ke nou atribiye a peyi nou a.

Malgre yo pa selebre yo, pitit fi tè sa a montre kouraj li. Istwa yo anpil. Nan listwa Ayiti anvan lesklavaj te gen Anacaona, larèn Xaragua (Leyogan) ki te prefere mouri olye ke li abandone pèp li pou li rejwenn lennmi li yo. Cecile Fatiman, se te yon manbo ki te òganize kòt  a kòt ak Boukman seremoni Bwa Kayiman an ki te make kòmansman revolisyon Ayisyen an ki fè Ayiti vin premye repiblik nwa. Marie Claire Heureuse, Madanm Jean Jacques Dessalines, anperèz Ayiti te òganize yon gwoup Fanm pou fè manje ak bay sòlda ki te blese pandan lagè revolisyon an la swenyay. Anpil mouvman feminis ki ap lite pou dwa fanm depi lanne 1900 yo, fè anpil jefò pou kapote lwa ki di ke fanm se minè, pou bay fanm dwa pou yo vote ak okipe pòs politik. Ertha Pascal Trouillot te premye prezidan fanm an Ayiti, li te okipe post la pou yon ti bout tan, 11 mwa sèlman nan lanne 1990. Epi kounya, gen anpil òganizasyon feminis an Ayiti ki kontinye travay pou yon pi bon Ayiti: KAY FANM, KONAFAP, KOFAVIV, FEMMES EN DEMOCRATIE ak anpil lòt ankò.

Nan lavi pa mwen, gen yon pil ak yon pakèt fanm ekstraòdinpe ki te leve m’. Grann mwen bò manman te yon madan sara, fanm ki vwayaje pou pote pwovizyon sòti andeyò rive lavil. Li te travay ase pou li te kòmanse yon biznis ki t’ap byen mache, men li pa te janm legalman posede anyen nan tout sa li te travay di pou genyen yo paske la lwa ayisyen te konsidere li tankou yon minè. Manman pa mwen se yon fanm djanm ki ge yon lespri kreyatif. Mwen sonje yon listwa li te toujou ap rakonte nou sou li lè li te gen laj mwen. Pandan epòk lage chal bare dèyè rejim Duvalier a, manman mwen te konn distribiye trak ki te gen mesaj anti Duvalier pou leve konsyans pèp la. Li t’ esplike mwen, kijan li te konn ap pase bò tonton makout ak tout trak yo sere anba kilòt li pandan li pral travay. Nou tout gen yon grann ak manman ki travay san rete pou bay manje ak leve fanmi li. Anpil nan yo vwayaje al Etazini ak Kanada kote yo pa menm konnen lang lan, kote sosyete yo pa valorize yo; tout sa pou nou ka viv pi byen. Lè ou di Fanm Ayisyen, ou pale de sant lwil maskriti, men ak pye ki rèd poutèt tout travay yo, ak anpil sajès ke nou jwenn nan repètwa pwovèb lakay. Sa se san ki ap koule nan venn nou.

Mwen ap di tout sa pa sèlman pou onore fanm sa yo, men pou mwen rekonèt presyon sa fè mwen santi antan ke jèn fanm ayisyen ki ap viv nan dyaspora  nan venteyinyèm syèk la. Byensi, wòl fanm pa limite a tout bagay mwen sot dekri yo, men sa fè mwen poze tèt mwen anpil kesyon. Kisa sa vle di pou mwen, ki se pitit fi Anacaona, oubyen pitit fi premye repiblik nwa nan mond lan? Kijan m ka montre sa nan vi mwen? Mwen pa janm patisipe nan lagè, mwen pa leve yon fanmi, mwen poko janm pran tout afè mwen epi vire do bay tout bagay pou yon lavi miyò pou moun ke mwen renmen. Patisipasyon pa mwen nan lit sosyal yo, sèlman chita nan retweet hashtags sou Twitter ak ekri stati emosyonèl byen long sou facebook pou denonse enjistis. Lavi nan vwazinay kote mwen ap viv nan Philadelphia plizoumwen kalm. Pa gen okenn nesesite pou mwen sere trak nan kilòt mwen lè mwen ap travèse vil la pou mwen voye ale yon gouvènman. Okontrè mwen byen renmen Obama. Mwen mande tèt mwen, eske mwen echwe kòm fanm ayisyen? Eske mwen merite idantifye mwen ak gwoup moun ki rele poto mitan sosyete ayisyen an?

Petèt ke vrè definisyon fanm ayisyen an se travay di san rete, bliye tèt yo pou sakrifye yo epi jwenn yon ti kal la rekonesans an retou. Oubyen petèt, rezon ki fè tout fanm sa yo nan listwa ak fanm nan fanmi mwen fè tout sa se pou jodi a mwen ka pwofite plezi pa gen chay sa yo. An verite tou de deklarasyon sa yo vre. Presyon mwen santi a gen plas li. Manman mwen toujou di ke moun dwe ban mwen lanmen kelkeswa kote mwen ale a paske mwen se pitit fi zile ki bay libète. A kòz sa, mwen dwe santi presyon pou mwen pran pozisyon fas a enjistis epi pou mwen yon avoka ki fò pou kòz Fanm ayisyen ak tout fanm nan mond lan jodi a. Men an menm tan, mwen dwe gen la rekonesans pou fanm sa yo ki te vini anvan mwen ki ban mwen lavi mwen gen jodi a.

Mèsi a tout fanm Ayisyen revolisyonè ke non yo pa parèt nan liv listwa yo. Pou grann mwen, manman mwen ak Tati mwen yo ki toujou kenbe fèm. Mwen selebre nou jounen jodi sa a. E mwen priye ke apre mwen soti nan peryòd kriz sa a, ke mwen ka finalman viv yon vi ki merite tit pitit fi Ayiti: pitit manman libète a.

 

Photo credit: Samuel Dameus
TiSamy2k.Tumblr.com

Nathalie Cerin

Lead-editor for Woy Magazine. Philly-based Haitian musician and cultural creator.

No Comments Yet

Comments are closed