9 Pi Bèl Mizik Team Plenyen ki Egziste

This post is also available in: English

Team Plenyen se yon tèm Ayisyen sou Twitter itilize pou dekri mizik kote gason ap kriye pou fanm. Menm si kriye a ka fè nou ri, Team Plenyen responsab pou kèk nan pi bèl mizik Konpa ki janm fèt. Nan lis sa, Toto ap prezante nou 9 pi bèl mizik Team Plenyen ki egziste.

Confession – Rodrigue Milien

Rodrigue se papa “Team Plenyen.” M serye wi. Ban m’ yon mizik Rodrigue Millien kote misye p’ap plenyen pou on bagay. Se misye ki responsab mouvman plenyen sa a. Se pa san rezon non misye premye nan lis sa a! Misye se Kasa Nova ayisyen an. Malgre sa, se mizik li yo ki ba nou sa nou renmen rele “Team Plenyen” jodi a.

 

 

Ou Pi la – Magnum Band

Mizik sa a se yon hit! Lè ou tande li ou ta di se on mizik ki fèk sòti paske aprè tout tan sa, mizik la kenbe frechè li. Anpil nan nou ka jwenn nou nan sitiyasyon nèg nan mizik sa k’ap sonje bon moman li te pase ak ansyen menaj li. “Byen ke m twouve yon lòt cheri, m panse avè’w toulèjou.” Sa a pa bon mezanmi, men fò m di sa rive m deja. Si sa se mizik prefere menaj ou nan moman an, ou ta dwe sispèk wi!

 

Mwen Mouri – Djakout

Imajine : ou rive lakay ou, ou wè on machin ou pa rekonèt devan, ou ouvè pòt la, ou tande bwi, epi lè w gade ou wè madanm ou nan kabann ak on lòt nèg! Sa se pi gran kochma tout moun.

You Don’t Want Me – Klass

Relasyon ki dekri nan mizik sa a se youn nan relasyon kote ou bay tout sa ou kapab pou fè sa mache (kò ou, espri ou, menm lajan w) e ou pa jwenn anyen an retou. 🙁

 

Je t’aimerai toujours – Alan Cave

Si ou gen plis ke 25 lane e ou poko janm itilize pawòl mizik Alan Cave pou file on fi, monchè ou pa serye. Alan se tip de nèg ki pa pale anpil, men lè li pale se pawòl dous ki sot nan bouch li (Mèt dam!) Ou pa ta dwe kite menaj ou zanmi ak misye non, manmzèl ka tonbe pou misye nan men w. Nan mizik sa, Alan ap chante pou yon fi li renmen anpil, e l’ap sipliye li pou li pa janm kite’l. “Mwen vle w jwenn la jwa menm si m pa la”?? Ah non!

 

Pito n pa t Zanmi – Zèklè

“…. Farinay lapli… W’ap mache pou ou antre… M kanpe ap gade w… Bouya t’ap karese w…. Ti kò w t’ap tranble…” Nan tèt mwen se yon bèl sèn lanmou misye t’ap dekri wi, men se pa sa! Chantè a ap pale de yon zanmi danfans li genyen ki toujou vin lakay li pou pale de menaj li. Sa pa janm rive w ke ou gen on zanmi ki gen on menaj kap fè li pase mizè, men pandan tout tan sa an sekrè, ou damou zanmi an men ou paka di li sa? Oh sa poko jan m rive w? Enben nan ka sa, mwen non plis :-/

 

Souvenir – Arly Lariviere (NU Look)

*plenn* … Men sa ki pi difisil nan chwazi Arly pou yon lis konsa, li enposib pou jwenn on mizik kote misye p’ap PLENYEN. Mwen te menm konsidere lage tout diskografi Arly sou lis sa. Nan moman an, se Arly ki chanpyon Team Plenyen.

 

Mwen Bouke – Harmonik

“Mwen p’ap twonpe w ankò” gason ayisyen priye nan pye fi pou tounen avèk yo pi mal ke anpil Katolik priye nan pye sen.

 

 

 

Photo Credit: Ricardo Saint-Cyr
Photo via facebook.com/ArlyLariviere

 

 

Toto Woy

Toto is a strange Haitian man with too many things on his mind who mysteriously appeared on the internet out of thin air one day. He is well known on Twitter under the name @PrezidanTitid

1 Comment
  1. Lolll atik la fem ri gad tout moun Rodrigue rale nan plenyen an antouka c team preferem #TeamPlenyen tan’m renmen yo