Nouvo Mizik: “Ou Fè M” Riva Nyri Précil

This post is also available in: English

This post is also available in: English

Kanaval fini e li bwote ale tout sa ki ladan li. Riva Nyri Precil, ki chante nan gwoup Bohio Music ofri nou yon mizik dous kou siwo pou ede nou reprann lavi nou apre banbòch kanaval la. “ou fè m'” ki se yon bon jou mizik lakay ki dous ak sexy an menm tan. Mizik sa a ki ap  bon pou ti randevou , se youn nan mizik ki ap sou albòm  Riva a ki ap rele “Perle de Culture”. E si sa nou tande a se konsa tout albòm lan ap ye, nou Menm nan Woy nou paka tann pwojè a fini. Fè tèt ou plezi al gade videyo a. Anvan nou fini, nou ap mande menm bagay ak tout moun, kibò nou ka jwenn gwo tas “bwè” ke li kenbe a? 

 

Team Woy

Team Woy

Haiti through our voices. Ayiti nan vwa pa nou.

No Comments Yet

Comments are closed