La Politique du MWEN RENMEN W’

This post is also available in: English

This post is also available in: English

Doris ofri nou opinyon li sou fason nou montre lanmou nan kilti pa nou. Èske ou dakò? Èske, dapre ou, nou di “mwen renmen w'” ase?

Yon jou ou gendwa leve ou tande timoun ak granmoun k’ap viv nan menm kay, menm kominote ap di youn lòt MWEN RENMEN W’. Yo kontan di youn lòt sa, raple lòt la jan yo renmen l’, jan li konte pou yo. Zanmi, fanmi, vwazinay, kondisip elatriye… tout rive yon laj te alèz pou eksprime santiman yo. Epi yon jou sa kanpe. Pifò fanmi lakay pa gen kilti di pitit yo, lantouray yo MWEN RENMEN W’. Mwen te ka di  fanmi lakay sèlman men mwen pa vle tonbe nan pyèj jeneralize a. Egzajere?! ok ban m’ mande nou yon bagay:

Ki dènye fwa fanmi w’ di w’ ou byen ou tande yon lòt ap di MWEN RENMEN W’?

Si ou reponn “souvan” a kesyon sa, ou se yon eksepsyon. Renmen se yon vèb ke nou plis konjige dèyè do moun lan ke devan li. Se yon vèb ke nou ezite di moun, pa paske nou pa renmen yo, men petèt paske nou pè. Li pi fasil pou ou montre lanmou w’ pou moun deyò ke pou moun andedan fanmi ou, pa fòseman paske gen dezinyon men paske sa rive ke li difisil pou w’ louvri kè w’ bay moun ki bò kote w’. Nou di tèt nou ke moun ki pwòch nou yo deja konnen ke nou renmen yo, oswa yo pa bezwen tande sa paske yo la chak jou, ou byen nou di tèt nou “m’ a gen tan di yo”.

Anpil paran di ti bebe li jan yo renmen l’  pandan ke li poko gen bon konprann, apre sa yo kanpe sa sèk kou l’ kòmanse gen lespri. Yo trete “mwen renmen’w” kòmsi s’on betiz ke yo pa dwe repete, yon epidemi ki ka touye li. Yon timoun bezwen, dapre mwen, grandi nan yon anviwònman kote yo ba li tout enpòtans li ak santi lanmou yo gen pou li, pou li ka aprann renmen tèt li. Ti detay sa yo dwe aplike pa sèlman pou timoun men pou tout moun an jeneral. Nou bezwen konnen, men sitou tande jan yo renmen nou. Nou bezwen konnen ke nou ka gen sipò lakou kote n’ap evolye a. E nan sipò sa a gen lanmou e nan lanmou an gen di l’ gen montre l’.

Gen yon tandans anpil fanmi gen pou raple timoun lan lè li al dèyè yon ti atansyon, yon ti afeksyon nan men yo, ke li jwenn manje, kay pou l’ dòmi, lekòl elatriye… kisa li bezwen ankò ?!  Ou vin gen de relasyon nan fanmi yo ki vid e ki ka koze moun ale chache lanmou sa a deyò. Frè ak sè/sèl grenn pitit la, manman ak/oubyen papa ap viv menm kote san konnen youn lòt e san apresye youn lòt pou moun yo ye a. Gen yon relasyon byen materyèl paske se swadizan sa timoun lan bezwen SÈLMAN. Sa se yon gwo erè ki fè moun grandi nan yon silans kote yo pa eksprime anyen.  Yo aprann nou sa depi piti: Tifi pa montre santiman w’ y’ap fè w’ mal, fòk ou rezève. Ti gason se gason ou ye koze santiman se bagay fanm. [anpil lojik sa w’ di ?]. Pi devan nou ka konstate dega mantal sa koze kay ni fanm ni gason. Ou fò se lè w’ konn feblès ou ak fòs ou epi ou vanse ak yo ou kontwole yo men se pa lè w’ inyore yo; ou se moun e tout moun gen dwa pou montre, pale, de kelkeswa santiman li, dout li genyen elatriye... paske tout gen plas yo nan lavi w’.

Laplipa di tan, yo vle fè kwè ke lanmou egal fè bagay oubyen tout kalite kontak fizik ki ka gen ant de moun. Yo pa konprann ke ou ka renmen nanm moun lan, ke ou ka renmen sa moun lan ye, sa li fè, jan l’ap viv, ou tou senpleman ènèji moun lan ba w’! Mwen ka menm ajoute ke ou ka renmen plizyè moun an menm tan (sa se ti opinyon pa m’, pa fè twòp atansyon, kontinye li.) Mwen vle sèlman fè  konprann ke kilti pa pale, ni viv, ni manifeste lanmou depi andedan kay la ka fè yon moun difisil pou li louvri tèt li a ni a sa lanmou ka pote pou li, ni a sa li ka bay nan renmen yon moun.

Politik pa di MWEN RENMEN W’ a yon moun andedan kay la pandan ke li fasil pou w’ pataje jan w’ renmen foutbòl oubyen mizik elatriye montre a klè ke mantalite sa a ka fè w’ pa konn kijan pou w’ montre l’ fas a kelkeswa moun lan. Ou renmen yon zanmi w’, yon fanmi w’ yon moun ki ap fè yon bagay ki bon… di l’ sa menm si ou panse ke sa p’ap chanje anyen pou moun lan, di l’. Di MWEN RENMEN W’ se youn nan pi bèl kado ki genyen. An nou sispann tann moun yo malad, mouri, nan pwoblèm pou nou di yo MWEN RENMEN W’. Menm si pa gen rezon, di l’ sa.

Nou panse nou di sa ase?! Ban m’ tou mande nou yon lòt bagay ke anpil moun pa di youn lòt nan peyi nou:

Ki dènye fwa fanmi w’ ou byen nenpòt moun lan rele w’, ekri w’ pou fè w’ KONPLIMAN?

 

Doris Lapommeray

Doris Lapommeray

Doris Lapommeray (Pommeris) is a Haitian architect and co-founder of Woy Magazine. Doris is a creative and lover of the arts, a painter, drawer, and jewelry maker.

1 Comment