Kè Brize ak Solitid: Cartman se Sèl Zanmi M’

This post is also available in: English

This post is also available in: English

Lè a ap kouri jodi a e m rayi sa. Mwen pa vle al lakay mwen. Mwen pa vle rete nan vye biwo sa a men m’ pa gen okenn lòt kote pou m’ ale. Latristès makònnen nan kò m’ e lodè l’ twòp pou m’ sipòte-m pa swete sa pou pyès moun. Men m’ pa vle al lakay mwen.

“Vamonos Valeria”

Janet, ki se kòlèg dominikèn mwen, leve pou l’al pran manto li.  L’ap fè m’ siy pou m’ fè menm bagay la tou. Mwen fèmen tout dokiman travay mwen, deploge telefòn mwen epi pase men pran bous mwen. Mwen vire je gade liv “Manje, Priye, Renmen” epi san m’ pa t’ vle m santi m’ nwi. Mwen mal, m’ap neye nan pa byen an e m pa konn kijan pou m’ kanpe sa.

Mwen kòmanse planifye tout sa m’ pral’ fè lè m’ rive lakay: fè spò, fè manje, ekri- mwen gen anpil atik ke m’ dwe remèt, fòk mwen pratike yon ti kal sou fè kòd mwen. Ti plan mwen an ban m’ enèji epi m leve m’al mete manto m’.

Lè nou rive deyò a, Janet avè m kwoke youn lòt. Li gen yon moun k’ap tann li lakay, mwen m gen silans. Silans ap tiye m’ Silans ap fè m’ monte le syèl pa do e si se yon konba pou tiye m’ ebyen tiye m’ nou fini ak sa.

M’ap toufe anba li. Pa gen lòt vwa nan kay la ankò, pa gen okenn gwo kout ri, pa gen chante, pa gen ti pwezi chante tou ba sou lwayote ak santiman ke filozòf paka esplike. Pa gen diskisyon, pa gen mesaj vokal ki fèt ak anpil kòlè jis kriye mete pye. Pa gen rekonsilyasyon ankò, pa gen aksepte lòt la ak tout defo l’ menm si ou bliye tèt pa w’. Pa gen kriye pou jwenn pwoteksyon, pa gen kriye pou “fè l’ ale”. Pa gen okenn kriye ki pèdi pou plenn sa ki pèdi, pou plenn dènye zak trayizon, pou plenn fen yon relasyon ki t’ap maspinen w’ epi kòmansman netwayaj ti moso lespwa ak desizyon ki twò piti pou kole. Kounya rete silans sèlman.

E sa ap tiye m’. mwen bezwen bri. mwen bezwen yon swadizan eksitasyon. Mwen bezwen santi ke nan solitid mwen an gen lavi toujou. Kidonk m’ gade tout bagay. Mwen louvri yon Babankou, vlope nan yon sèvyèt , m kouche, imidite cheve m’ tache zòrye yo a chak mouvman ke m fè epi m pèdi tèt mwen nan tout bagay. Mwen bwè  epi m’ gade, epi tout bri kouvri silans lan.

Mwen leve nan silans lan epi la menm m frisonnen. Mwen paka gen sa a, pa kounya. Mwen bezwen yon bagay pou touye sa. Mwen monte sou facebook epi m tonbe sou yon dènye epizòd “South Park”. Yon ti komik sou yon ekip timoun dezòd ki ap viv nan yon gwo fredi kote tan pa monte li pa desann. Cho a kòmanse, m re kouche ankò men li pa retire silans lan la menm nan lestoma m’. Dènye konvèsasyon m’ te gen ak manman m’ kote li t’ap ban m’ bon konsèy ki kòmanse ak yon ti tap sou jenou m’ anvan l’ di:” an n’ pale”. Mo li yo: “sa k’ pou ou toujou pou ou” pase nan tèt mwen, men yo pa ede. Aswè a, mwen santi m’ poukont mwen. Tèlman m’ santi m’ poukont mwen ke yon ti bout tonton, Cartman ki s’ on ti komik, vin sèl zanmi m’.

Valerie Jean Charles

Valerie Jean-Charles is a Communications Strategist living in Washington, D.C. She is also an editor at Woy Magazine.

No Comments Yet

Comments are closed