Istwa Kache: Konfesyon Chokola Fanm ak Nèg Deyò

This post is also available in: English

Sa se dezyèm piblikasyon nou pou ribrik istwa kache nou an. Dènye fwa a, nou te pale de yon sijè ki trè serye. Jodi a, nou deside pale de yon sijè ki yon ti jan pi pike. Nou pa defann ni nou pa kondane moun ki nan sitiyasyon an. Men pou listwa, nou deside pote yon lòt tip istwa damou pou Sen Valenten an. Konfesyon chokola fanm ak nèg deyò.

KONFESYON I (Gason 1)

  1. Kijan listwa ou menm ak moun lan te kòmanse? Istwa sa a kòmanse ak fini san ke nou pa vreman pale de sa. Li te annit rive. tou natirèlman mwen ak moun marye saa te toujou santi atirans sa a youn pou lòt
  2. Ki jan nou te viv istwa a? eske nou te gen yon orè espesyal ? Nou pat gen orè, nou pa t’ pase kondisyon, sèl bagay nou te konnen se ke sa k’ t’ap pase a se ant nou sèlman. Natirèlman nou te konnen kijan pou nou konpòte nou devan lòt moun, e m’ te konnen tou pou m’ fè yon jan pou gen yon lòt fanm ak mwen lè m’ konnen sa ka rive ke mwen kontre ak mari li. Dè fwa, mwen konn anvi li, men mwen pran pòz mwen pa sou bò li paske gen yon limit mwen pat vle bagay la depase. Kidonk, sete yon istwa kache. Kèk fwa sa te rive tou nou pran machin nou kondwi ale  yon kote byen lwen nou disparèt pandan yon jounen. Se la pi bèl souvni relasyon sa a te ye. Epi tou lè nou yon kote nan mitan yon gwoup moun, gen yon jan m’ te konn voye yon ti kout je sou li, li deja wè ak konprann mwen sou sa, li deja konnen se li mwen vle, ak raj. Yon sèl ti gade a. Lè konsa li tann apre epi li voye yon mesaj ban mwen pou l’ mande m’: ” jan w’ t’ap gade m’ la jodi a, ou anvi m’ ?” E mwen, m toujou reponn li menm bagay la : “e ou, ou pa anvi m’ tou ?
  3. Èske nou te fete Sen Valanten ? Non pa t’ fete Sen Valanten. Mwen pa vreman fete st valentin pèsonèlman
  4. Èske pafwa konsyans ou repwoche w’ selon kwayans ou ak prensip sosyete a ? Non, konsyans mwen pa repwoche m’. Sosyete a ipokrit, moun yo ap di yo gen kwayans ak prensip epi dèyè pòt yo se pa pale. Mwen pa janm mache selon kwayans ak prensip sosyete sa a.
  5. Èske ou te kwè nan relasyon an ? E eske w’ panse ou merite plis ke sa ? Nan lavi a,ou paka gen tout bagay… Menm jan li te kòmanse a, yon jou, konsa li tou fini tou, san nou pa janm pale de anyen ki kote nou ye ki kote nou prale.

KONFESYON II (Gason 2)

  1. Kijan listwa ou menm ak moun lan te kòmanse ? Listwa nou kòmanse konsa:  yon senp anvi, yon dezi. Nou pale nan telefòn. Nou rankontre. .. epi sa kòmanse
  2. Ki jan nou viv istwa a? Èske nou gen yon orè espesyal ? Nou viv istwa a san pale anpil, san grate tèt. Depi nan kòmansman m’ te fè li santi ke se yon anvi, epi m montre l’ ke m’ konnen sitiyasyon li. Kidonk m’ p’ap mete l’ malalèz. Nou tou lè de respekte règ jwèt la. Nou pa gen orè espesyal, li kreye tan pou mwen epi m’ kreye tan pou li. Kòm mari li ap travay, nou rankontre pi plis ke jan yon moun te ka imajine. Nou wè tout kote tou. Mwen menm  konn al wè li lakay li tou kèk fwa, men nou plis rankontre kote lwen, kote nou ka gen plis entimite, kote nou ka aji tankou se mwen ki nèg li, kote nou ka alèz ansanm. Se yon istwa kache li  ye, paske ak sitiyasyon li, nou paka ouvè kò nou konsa, pou tout moun wè anba nou. Fòk m di ke antouraj nou konnen kanmenm, bon zanmi nou chak la te konnen, konsa bon zanmi l’ vin baz mwen, jis pou nou ka alèz.
  3. Èske nou  fete Sen Valanten ? Nou fete Sen Valanten, nou fete fèt li, fèt mwen. Dabitid nou fete ant nou, nan yon lotèl, oubyen mwen gendwa òganize yon fèt sipriz pou li epi m’ envite zanmi li yo. Sa ki bèl la, se ke jou fèt li se avè m’ li  pase yo.
  4. Èske pafwa konsyans ou repwoche w’ selon kwayans ou ak prensip sosyete a ? Konsyans mwen pa repwoche m’ paske m’ konnen ke se yon bagay ki p’ap rive lwen, nou tou de se yon anvi n’ap pase, lè nou bouke n’ap kite e se p’ap on pwoblèm. Mari an toujou gen plas li, m’ rekonèt plas mwen. Lè m’ rankontre mari a, m ba l’ respè a, epi tout moun cool. Pa gen konsyans paske se plezi kò ak kò. Men depi fi a kòmanse pran feeling, kòmanse damou, lè sa a gen konsyans, e pito ou kraze relasyon an olye ou kraze yon fwaye ak kè, e jiskaprezan poko gen fwaye ki kraze akòz de mwen ni kè ki blese. PA gen regrè! M’ dezòd anpil, e m’ pa viv dapre prensip sosyete a, ki fè ke m’ pa wè sa mal. Mwen  sèlman te vle fè l’ viv yon bagay ke li pèdi lontan. Mwen paka regrèt fè yon bagay konsa monchè! E konsyans mwen an pè pou kounya antouka.
  5. Èske ou  kwè nan relasyon an? E eske w’ panse ou merite plis ke sa ? Jan mwen di l’ deja, depi nan kòmansman an m’ te konn tip relasyon an ki fè m’ pa kwè ladan l’, paske m’ konnen a nenpòt moman li ka kanpe. E m’ pat mande plis ke sa paske m konnen kisa m’ vle, kisa li vle, nou tou de jwenn sa nou t’ap chache a, sa nou merite, e nou satisfè, m pat mande plis paske m konnen ti rès la se te pou mari li!

FullSizeRender-5

KONFESYON III (Fanm 1)

  1. Kijan listwa ou menm ak moun lan te kòmanse ? Nou te konn pale souvan souvan sou youn nan rezo sosyal ki pi popilè yo, konvèsasyon yo te tèlman bèl ke nou deside kontinye yo pa ( whatsapp ). Yon jou swa nan mwa desanm lane dènyè, youn deside vinn sensè ak lòt, nou wè ke pataje lide nou ak entimite nou t’ap fè nou tou lè de byen. 
  2. Ki jan nou viv istwa a? Èske nou gen yon orè espesyal ? Nou toude konnen ke se pa yon vrè relasyon kidonk nou jere sa tankou de granmoun ( nou responsab zak nou ). Nou pa gen orè espesyal, lè pou youn anvi wè lòt nou planifye rankont lan epi nou wè, nou konn wè swa lakay li oswa kay yon zanmi l’ oubyen nan lotèl. Mwen pa konn si bò kote pa l’ gen moun ki konnen, men nan bò pa m’ mwen gen de zanmi m’ ki okouran.
  3. Èske nou  fete Sen Valanten ? Non nou pa fete sen valanten paske se yon lane sèlman nou genyen depi youn nan vi  lòt.
  4. Èske pafwa konsyans ou repwoche w’ selon kwayans ou ak prensip sosyete a ? Wi konsyans mwen repwoche m’ anpil, non pa selon ni kwayans ni sosyete men selon MWEN, selon moral pa m’. Li aji sou mwen paske pafwa m’ konn mete m’ nan plas madanm nan m’ konn mande tèt mwen si se te mwen ki te nan plas li m’ ta vin aprann ke mari m’ oswa menaj mwen ap twonpe m’, kijan m’ t’ap reyaji ?
  5. Èske ou  kwè nan relasyon an? E èske w’ panse ou merite plis ke sa ? Mwen pa kwè nan relasyon nou an, paske nèg la pa pou mwen sèl, m’ap pataje l’ e sa pa fè m’ byen se pou tèt sa m’ gen pou m’ mete yon fen a sa.

KONFESYON IV (Fanm 2)

  1. Kijan listwa ou menm ak moun lan te kòmanse ? Tout bagay sa a kòmanse yon ete lè mwen te an vakans an Ayiti, e mwen te nan yon peryòd kote m’ te vilnerab anpil. Mwen t’ap plede fè va e vyen ak yon  gason e bagay yo te kòmanse gate. Zanmi m’ yo t’ap plede di m’ ke m’ bezwen yon nèg pou yon nwit ki ka fè m’ bliye mesye a.  Yon jou, zanmi m’ yo te g’on zanmi yo ki vin lakay yo epi yo louvri konvèsasyon an avèl’ epi yo di l’: “pouki w’ pa ba l’ kèk konsèy sou relasyon ? Epi di li pou l’ kite ti nèg la k’ap maltrete l.” Konsa mwen kòmanse esplike l’ tout istwa a sou sa k’ pase a ant mesye an avè m’, epi li tou kòmanse esplike m’ tout pwoblèm  li te gen nan maryaj li. Mwen se yon moun ki trè ouvè, kidonk se konsa nou vin zanmi. Pita nan aswè misye voye yon mesaj bay zanmi mwen an pou l’ di ke li twouve m’ s’on moun ki cool. Nou konmanse pase tan ansanm, e nan yon semèn li di m’ ke li renmen m’.
  2. Ki jan nou te viv istwa a? Èske nou te gen yon orè espesyal ? Mwen pa sonje kijan pati seksyèl la te kòmanse li annit fèt yon fwa  e li kontinye fèt. Nou pa te gen yon orè fiks  pou nou wè. Li ka vini nan maten epi tounen nan apremidi kou sòlèy kouche. Kidonk li te konn vini lè li gen tan, sa ki vreman pa t’ deranje m’ paske mwen pa t’ gen anyen pou fè pandan tout jounen an. Nou te rankontre kay zanmi m’ paske li te konnen sa ki t’ap pase a, li te ankouraje ak sipòte nou. Se te yon sekrè pou madanm li men zanmi m’ yo te konnen ak moun ki te konn wè nou nan lari te sispèk.
  3. Èske nou te fete Sen Valanten ? Nou pa t’ gen chan s fete Sen Valanten paske li te rive apre nou te mete yon fen a sa.
  4. Èske pafwa konsyans ou repwoche w’ selon kwayans ou ak prensip sosyete a ? Mwen p at’ janm santi m’ koupab a pwopo de sa k’ t’ap pase a, men mwen pa t’ panse ke li te bon. Sa anpil moun pa kompran se ke se pa yon bagay ou fè ak entansyon. Mwen pat di nan tèt mwen : “O!  Mwen pral’ dèyè mari fi sa a e m’ap lage dèyè l’”. Li pa t’ janm konsa. Mwen santi ke se li ki te vin dèyè m’ epi li fè sa ak fòs. Tout sa li t’ap di m’ sou relasyon li ak madanm li, kit sete vre kit se pa t vre, sa pa t’ gen enpòtans pou mwen. Mwen t’ap jere bezwen ke mwen te genyen nan moman an. Mwen te konnen ke sa pa t’ bon men jiska jodi a mwen pa santi m’ mal pou sa e mwen pa bay sa regle anyen pou mwen.
  5. Èske ou te kwè nan relasyon an? E èske w’ panse ou merite plis ke sa ? Mwen te kwè nan kè kontan moman an e mwen te renmen sa. Men mwen pa t’ nesesèman  kwè ke sa t’ap dire pou toutan. Nan moman an mwen pa t’ vreman panse a sa mwen ta merite, mwen te jèn, mwen te egare e mwen te vilnerab kidonk nan moman an m’ te kontan gen yon moun la pou di m’ sa mwen ta renmen tande. Kounya, lè mwen sonje sa nou te gen ant nou an mwen konnen tou ke mwen merite plis e pi bon ke sa. Nan laj sa a, mwen pa kwè ke m’ ka renmen ak yon lòt nèg marye.

 

 

Photo Credit: Tina Cerin
Instagram: @TifiPhotography
No Comments Yet

Comments are closed