Chaloska Elatriye : kèk Tradisyon Kanaval Ayisyen Nou pa Negosye

This post is also available in: English

This post is also available in: English

Kanaval nan peyi Dayiti se on kokennchenn manifestasyon kiltirèl ki marye mizik ak dans. Youn nan poto mitan li se degizman ak pil koulè, ki reprezante nan defile a. Tradisyon sila a kòmanse ofisyèlman nan lane 1927 kote tout moun ki te vle patisipe te konn sòti depi 3 zè al gade bann a pye kap pase epi gwoup kap defile ak degizman tout koulè, pami yo te genyen: endyen, endou, Arab, Janb debwa, Madan Deboure, Bèf, Chaloska elatriye. Sete yon evennman a lepòk ki te konn fini anvan soley kouche.

unnamed-7

 

via Christian Nerette fotokanaval.com
IMG_1662
 
via Gio Jules giojules.com
 

Nan tout gwoup degizman sa yo, se Chaloska a ki te pi popilè paske se li tout timoun e menm kèk granmoun te pè, depi yo wè l yo kouri. Tonton tou de nwa ak dyòl wouj epi gwo dan sa yo te parèt pou premye fwa nan kanaval Jakmèl e li te reprezante jeneral “Charles Oscar Etienne” on militè ki t’ap kòmande vil la sou prezidans Vilbrun Guillaume Sam e ki te asasinen plis pase on santèn prizonye politik.

               IMG_5125

IMG_5124

Choukoun nan kanaval se on degizman an fanm kreyòl kote fòk fi a byen makiye ak gwo zanno, bouch li byen woze ak mouchwa mare tèt li. Sa ki bèl ladan l,  pafwa fanm ki degize a gen yon pil twal ki boure l pou l parèt gen gwo dèyè ak gwo tete. Pawòl sa a rete kote jiskaprezan depi on moun abiye ak gwo rad yo konn joure l “Madan Deboure.”

unnamed-3

unnamed-2via Christian Nerette fotokanaval.com                                                           

Youn nan degizman ki chaje siksè ankò nan kanaval e ki fe bèl anpil nan defile se endyen yo, yo menm ki la pou raple peryòd anvan kolon yo te debake sou zile nou an. Yo degize avèk jip pay epi pil koulè. Yo enspire anpil paran ki jiskaprezan itilize modèl sa a anpil pou degize pitit yo lè kanaval etidyan.

DCIM106GOPRO

 via Christian Nerette fotokanaval.com

Kanaval kòmanse rive lanwit a pati 1948 e kèk lane apre vinn genyen cha ki gen Renn ak Wa kanaval sou yo menm jan ak gwoup mizikal ki vinn pote anbyans.

unnamed-6

via Samuel Dameus tisamy2k.tumblr.com 

Kounye a kanaval dewoule nan peyi a an 3 pati: nan apre midi ou jwenn tout degizman, apre se ti  bann a pye ki vinn bay koulè lokal la, epi rive lannwit se gwoup mizikal ki gen plis siksè ki monte sou cha vin pote anbyans rive jouk douvanjou.

unnamed-5

 via Christian Nerette fotokanaval.com

Polemik nan mitan gwoup k ap defile nan pakou kanaval kounya vinn tounen yon tradisyon tou. Jenerasyon apre jenerasyon sòti sou Nemours-Sicot; Dipi-Scorpio; Sweet Micky-Mizik Mizik rive nan TVice-Djakout ak lòt ankò, chak lane batay sa vinn pi domine evennman sila a, ke degizman ak koulè kite vreman poto mitan l lontan lè li te fèk kòmanse. Kounye a chak gwoup ap chache gen plis son, pi bèl mereng pou bay plis plezi e gen plis fanatik.

Tout chanjman ke chak jenerasyon pote nan kanaval depi 87 lane egzistans li pa anpeche ke li rete sal te ye depi li kòmanse: yon evennman ki rasanble tout Ayisyen e fè yo fyè de kilti yo. On banbòch ki janbe tout baryè sosyal, ki bay rich, pòv, milat ak nwa randevou on sèl kote. On manifestasyon ki rale pitit tè a ki lwen pou tounen nan rasin yo nan epòk la e ki pèmèt tout Ayisyen danse ak nanm yo sou menm son e degaje menm enèji pozitif ke defoulman sa fè travèse yo.

Sophia Fecu

Sophiphie se on mambo-makout, on eritaj ke Grann li kite pou li ak on bitasyon nan vil Leyogan. Li ap dirije Biznis li ki rele BTS (Bossou Technical Services) kel fonde depi 4 lane ki ofri sevis entretyen nan jeneratris.

No Comments Yet

Comments are closed