Zewo Tolerans pou Mesaj Ofansif Mereng sa Yo

This post is also available in: English

 This post is also available in: English

Pandan ke mwen totalman sipòte atis sa yo nan libète pou yo pale ak eksprime yo, an menm tan mwen bay anpil valè a dwa tout moun – patikilyèman a gwoup majinal ke mwen te site yo- pou yo patisipe nan Kanaval la san okenn lapèrèz pou sekirite yo ak byennèt yo.

An 2001, kanaval king posse a te gen pawòl sa yo: “Ou mèt tifi ou mèt piti ou ka vin pran plezi w’. Fraz sa a montre aspè rasanbleman nan kanaval Ayiti a. Tout bon, kanaval se youn nan ra moman kote Ayisyen reyini pou manje, bwè ak viv ansanm nan kè kontan san gad sou ni laj, ni si w’ fi ni gason, ni konviksyon politik ak mwayen ekonomik. Se yon chans Ayisyen gen pou bliye difikilte ak fristrasyon, epi pase yon bon moman nan eta ki pi pi ki genyen. Se maji sa a ki atire touris ak dyaspora pou yo fè vwayaj la chak ane. Lanmou mwen pou kanaval se eritaj manman m’ ban mwen, se li ki te premye mennen mwen nan kanaval lè mwen te nan vant li. Depi moman sa a m’ ale nan tout kanaval jiskaske mwen kite Ayiti an 2003.

Sa ki kreye yon bon pati nan atmosfè Kanaval la se diaz ki ap patisipe nan defile a. Atis yo gen anpil enfliyans pandan epòk sa a, paske Kanaval ba yo posibilite pou moun tande yo an Ayiti kou peyi lòt bò dlo men tou pèmèt yo kreye on bagay kap dire. Ekspresyon ki sot nan Kanaval ki pi popilè yo tou rete kole nan fason pale nou. Youn nan egzanp nou ka pran se mizik  BigO a “Kase lezo” ki tounen ti non jwèt maladi chikungunya an Ayiti. Ou ka plis santi enfliyans mizik sa yo pandan  defile Kanaval kote banbochè yo ap eseye swiv chak pawòl atis yo ap di : vole ponpe, balanse, retire rad epi leve men anlè. Selon tradisyon yo, sof pou kèk, mizik Kanaval yo te toujou ankouraje moun k’ap fete yo fè rèspè yo e pa fè vyolans pandan ke y’ap danse nan bann nan, sa ki te garanti yon bon moman plezi pou tout moun.

IMG_1753

Ak tout enfliyans sa a ak platfòm kote moun ka tande yo, pawòl mizik Kanaval yo patikilyèman gen yon gwo enpak. Se sa ki fè ke ane sa a Kanaval tankou pa PowerSurge ft Frap la ak pa Mass vocal yo bay anpil pwoblèm. Tou de mizik sa yo montre a klè ke fanm ak byennèt fanm pa vle di anyen pou chantè sa yo. Nan Kanaval pa Powersurge la ki rele “N’ap manyen yo” ke li fè ak Frap la, atis yo ap chante ke y’ap manyen fanm menm si li pa dakò. De atis yo pran san yo pou yo detaye tout kote an patikilye y’ap manyen fanm yo (m’ap epanye nou detay yo) e ki tip fanm yo gen lentansyon agrese seksyèlman (lesbyèn, fanm geto, elatriye…). Powersurge ak Frap la fini kanaval  sèt minit mizojin yo a ak yon pasaj patriyòt tèt anba kote yo di  : ou mèt manyen ti sè’m, madanm mwen, kouzin mwen, ou pap manyen peyi m. Pandan m’ap ekri sa a la a, mizik sa a gen plis ke 22,000 play sou PLezikanaval e yon gwo ekout sou radyo ayisyen yo.

Kanaval Mass vokal la “m’anvi gwòs ou” menm si li pa pi popilè, li bay kè plen. Pandan prèske 5 minit, atis la ap chante sou jan l’anvi gwòs fanm epi vire do l’ kite yo pou ba yo “on bagay pou fè” epi “mete yo nan wòl yo”. Pawòl mizik Mass Vokal se bon jan  jijman sou fanm pa rapò a vi seksyèl yo e malerezman li reflete relasyon ant fanm ak gason an Ayiti.

Mizik sa yo se rezilta ekriven ki parese, ki montre a klè yon mank kreyativite ak imajinasyon. Men, nan yon peyi tankou Ayiti kote gen yon nivo byen wo de vyolans seksyèl ak seksis, mizik sa yo pa sèlman manke gou men ensansib a viktim vyòl,  mesaj sa yo iresponsab e gen anpil danje ladan yo. Lè ou melanje foul moun nan Kanaval ki anba gwòg  ak yon kilti ki baze sou devalorize fanm, mizik sa yo gen posibilite pwovoke agresyon ak asèlman sou fanm ki ap patisipe nan Kanaval la.

Atis k’ap pwodwi mizik pandan sezon Kanaval dwe vreman fè atansyon ak mesaj nan mizik yo. Mizik k’ap fè pwomosyon nenpòt tip vyolans, espesyalman vyolans sou gwoup majinal tankou fanm, timoun, LGBTQ, dwe gen zero tolerans. Pandan ke mwen totalman sipòte atis sa yo nan libète pou yo pale ak eksprime yo, an menm tan mwen bay anpil valè a dwa tout moun – patikilyèman a gwoup majinal ke mwen te site yo- pou yo patisipe nan Kanaval la san okenn lapèrèz pou sekirite yo ak byennèt yo. Ministè lakilti ak Ministè kominikasyon dwe pran mezi pou dekouraje atis k’ap sòti mizik ki ap fè pwomosyon pou vyolans. E mezi sa yo dwe gen: paka patisipe nan defile a, yon amand elatriye… Radyo ak televizyon dwe kanpe sou difizyon mizik konsa yo.

Kanaval nasyonal la se yon tradisyon ki gen yon kokenn richès e la depi lontan. Eritaj nasyonal sa a se pou nou tout li ye e li dwe rete yon evènman ki rasanble nou tout, kote timoun, fanm ak gason santi yo alèz pou yo patisipe e pase yon bon moman. Si manman mwen te pè pou sekirite li ak pa m’ pandan tout lanne sa yo, li pa t’ap janm fè m fè konesans  ak bèl moso kilti nou sa a. Se devwa nou pou nou kenbe tradisyon sa a vivan, e asire ke Kanaval la tounen  yon espas ki sekirize ase pou tout moun. Nan lespwa ke m’ap ka pataje yon benyen ak yon kout wonm avèk nou sou Channmas, mwen swete nou tout nèt yon bon Kanaval nan lapè!

Feature Photo credit: Tina Cerin
Instagram: @TifiPhotography
Photo #2: Gio Jules
www.GioJules.com

Perpetua Chery

A “natif natal” Haitian, Perpetua Chery currently hangs her hat in West Africa. She cares about human rights, issues affecting youth and women, and all things Haiti. She suffers from an incredible case of homesickness, treatable only by sunshine, seafood, and lots and lots of coconut water. She can be found on a beach near you or on twitter: @IamPerpetua

No Comments Yet

Comments are closed