Kijan Kanaval la ka Fè Ti Ekonomi pa m Kanpe ?

This post is also available in: English

Eske Ayisyen pare pou yo ta abandone bagay sa yo pou yo kapab atire plis touris ? 

Woy, woy se Kanaval! Kit ou renmen l, kit ou pa renmen l, Kanaval la tout kote : nan radyo, nan televizyon, nan diskisyon k ap fèt sou ban kamyonèt. Menm jan sa toujou fèt chak ane, anpil moun pral pale sou enpòtans ekonomik evènman sa, e anpil pral bay lide yo sou kijan Kanaval la te ka benefisye peyi a plis. Se konsa m ap eseye reponn 2 kesyon sa yo bò isit la tou :

  1. Eske Kanaval la gen yon gwo enpak pozitif sou ekonomi peyi a?
  2. Kisa ki ka fèt pou plis Ayisyen benefisye ekonomikman de evenman sa ?

Pou premye kesyon an, repons lan senp. M ap tou di nou li : Kanaval la pa gen yon gwo enpak pozitif sou ekonomi peyi a. M konnen anpil moun pa p dakò sa m di a. Kèk nan nou ka menm deside pa fin li atik la poutèt nou wè se nan direksyon sa m prale. Pran yon ti pasyans, kite m eksplike nou. Si ou se yon mizisyen, si ou gen estidyo anrejistreman, si ou konn konstwi stann, si ou se yon ti machann nan zòn Channmas la, li evidan Kanaval la bon pou ou ekonomikman. Si okontrè ou se yon machann ki pa nan zòn Channmas la, si w se yon ouvriye faktori, si ou se yon ti bòs ou yon biznis ki pa fè kòb lè yo bay konje, li difisil pou w ta benefisye vrèman. Angwo, menm lè gen anpil moun ki benefisye de Kanaval la, pou anpil lòt sektè, se ralanti aktivite yo ralanti pandan peryòd sa. Si ou reflechi byen, w ap konprann ke gen plis moun nan dezyèm sektè a (sektè kote aktivite yo ralanti pandan kanaval la) pase premye sektè a (moun ki gen aktivite ki depann direkteman de kanaval la).

Men, pa fè m di sa m pa di. Si Kanaval la pa gen yon gwo enpak pozitif sou ekonomi an, sa pa vle di li pa enpòtan pou peyi a. Lè w gade vre, Kanaval la, ke ou renmen li ou pa, se yon gwo moman nan lavi anpil Ayisyen. Yon moun ka bay plizyè rezon pou eksplike enpak pozitif evenman an genyen nan domèn kilti, sosyoloji e menm sikolojik. E si Kanaval la ta gen tout enpòtans sa yo vre, li kapab bon pou leta finanse aktivite sa menm si enpak ekonomik li ta negatif. Sa ki enpòtan, se pou nou pa ta fè tèt nou ilizyon sou enpak ekonomik Kanaval la, epi gade byen si sa aktivite sa rapòte nou sou plan sikolojik, sosyolojik ou kiltirèl merite ke leta ak lòt sektè nan sosyete a fe sakrifis ekonomik sa pou li.

Ann gade dezyèm kesyon an kounya. Kisa ki ka fèt pou peyi a ta benefisye plis de aktivite sa? Pou mwen menm, sèl jan peyi a ka benefisye plis de Kanaval la sou plan ekonomik, se pou aktivite sa ta rale plis touris. E pou li ta rale plis touris, gen gwo chanjman ki ta dwe fèt nan fason nou fete evenman sa menm. Men gen yon pwoblèm : m pa fin kwè pèp ayisyen an vle fè chanjman sa yo.

Ann fè yon ti reflechi. Èske nou panse yon etranje ki pa konprann gran choz nan kilti ayisyèn nan pral anvi desann Channmas (Oubyen Okay, Okap, Gonayiv jan sa fèt dènye ane sa yo) nan mitan yon foul moun ki fin awoyo pou yon polemik Djakout/T-Vice, oubyen pou li al chante « Ti pati pa m kanpe » (yon « jeu de mots » li pa ka vreman apresye poutèt li pa konn lang lan) pandan Cha yo ap jwe byen fò yon stil mizik li pa fin konprann. M pa menm pale la de kè sote touris sa ka genyen pou sekirite li nan mitan yon foul li ka panse ki san kontwòl.

Yon lòt fwa, pa fè m di sa m pa di. M pa di polemik ant djaz pa bon. M pa gen pwoblèm pou « Ti pati pa m kanpe »…eskize…ak « Ti pati pa m kanpe ». Okontrè! Mwen jis panse si yon etranje pa enterese anpil pou konprann jan peyi sa fonksyone, Djakout/T-Vice oubyen Ti pati pa m kanpe pap di li gran choz e li pap peye yon tikè avyon plis lotèl pou l vin gade spektak sa. E nou tout konnen lè yon touris vwayaje, menm si li vle wè yon lòt kilti, se pa yon etid sosyolojik li vin fè, se dabò rilaks li vin rilaks kò li nan yon anviwonman ki parèt « exotique » men ki an reyalite pa twò diferan de bagay li abitye ak li.   

Pou le moman m panse Kanaval nou an pa parèt « exotique » ase pou yon etranje. Pou l ta sanble pi « exotique », sa ta mande pou Kanaval la ta chita plis sou degizman ak defile bann apye. Wi, nou gen Kanaval Jacmel ki ta parèt vle ale nan sans sa. Men menm Kanaval Jacmel la ta bezwen fè plis efò nan domèn degizman pa egzanp.  E plis Kanaval ayisyen an ta sanble ak Kanaval Jacmel, Kanaval Brezil ou Kanaval Trinidad, se mwens ap gen plas pou polemik nan stil Djakout/T-Vice, se mwens ap gen plas pou cha k ap jwe mizik fò, se plis piblik la ap oblije rete sou stand pou li gade yon defile k ap pase. Eske Ayisyen t ap toujou kontinye renmen yon Kanaval konsa ? Ak mwens polemik ? Ak mwens posiblite pou w desann al danse sou beton an ? Eske Ayisyen pare pou yo ta abandone bagay sa yo pou yo kapab atire plis touris ? M pa gen repons a kesyon sa. Men se yon kesyon pou nou poze tèt nou seryezman.

Photo Credit: Samuel Dameus
samueldameus.com
Instagram: @SamuelDameus

Kaytikal

@Kaytikal tweets and blogs mainly about Haiti and economic development. Born and raised in the proud city of Cap-Haitien.

No Comments Yet

Comments are closed