10 Mereng Kanaval Prefere Woy Magazine pou 2015

This post is also available in: English

This post is also available in: English

Kanaval 2015 lan rive sa vle di gwoup ayisyen deja mete deyò nouvo mizik. nan opinyon anpil moun, mizik kanaval ane sa yo yon jan fad. Semèn pase a, gwo potorik pwodiktè mizik ayisyen an Fabrice Rouzier te gen yon ti chhita pale ak Kompa Magazine kote li t’ap esplike desepsyon li ak mizik kanaval ane sa yo. Rouzier menm kouri dèyè kèk nan gwo gwoup nan endistri a, kote l’ap di ke dènye sa yo ofri nan mond mizikal la “raz, y’ap repete tèt yo e san okenn kreyativite”. Nou vreman pa pral diskite ak yon konèsè mizik ayisyen. Pandan se tan, nou rive jwenn kèk ki gen valè pami tout kanaval ane ke nou paka sispann jwe nan iPod nou. Men 10 pi bon kanaval WOY MAGAZINE yo pou ane 2015 lan:

10. LEADER – P-BOYS FEAT. BAKY

Se dezyèm Kanaval yo, e yo montre anpil potansyèl!

9. 2 CHAY — CHALÈ

Paske nan WOY se pa 2 chay nou pa gen sou do n!

8. YON TAN POU CHAK — REV

“Goumen pou moun ki pap trayi nou, renmen moun ki renmen nou…”

7. TOUTOUNI — BARIKAD CREW

Yon lòt T ke nou apwouve!

6. TOUT KÒ M’ SE ZO — JAHMAN

Eyo men Jahman! Souke dyèd yo!

5. SUR LA POINTE DES PIEDS — KING POSSE

Se pa Kanaval pi orijinal yo men nou kontan jwenn King Posse nou ankò.

4. SYMPHONY DU GHETTO — RAM

Ki moun ki pa renmen yon bon rara?

3. IPOKRIT — ZATRAP

paske timoun yo nan kanaval la ni nan videyo a fè kè nou kontan!

2. TI PATI’M KANPE — VWADEZIL

Metafò gwoup sa a pa janm desevwa nou nan Kanaval!

1.PÈPÈYÈ — BOUKMAN EKSPERYANS

 Paske… BOUKMAN!!! E chak ane yo pote yon bagay nouvo!

 

E ou menm? Ki Kanaval ki plis mache nan san’w ane sa?

N’ap salye Plezi Kanaval!!!

 

Photo credit: Gio Jules

 

Team Woy

Team Woy

Haiti through our voices. Ayiti nan vwa pa nou.

No Comments Yet

Comments are closed