Zouti Pou Ede Ou Aprann Kreyòl

This post is also available in: English

Pou anpil nan nou, li kreyòl ka yon gwo tèt chaje. Li tout sa Woy Magazine gen an kreyòl yo ka ede w’ pratike  pou w’ amelyore jan ou li kreyòl. Menm si w’ap eseye rekonekte ak kilti lakay nan amelyore kreyòl ou, oubyen ou fenk fè konesans ak Ayiti e ou ta renmen aprann lang lan, nou fè yon konpilasyon de kote ou ka jwenn enfòmasyon pou sa.

Haitian Creole Language Institute of New York

HCLI se yon enstitisyon ki ofri kou sou entènèt ak nan yon espas fizik tou. “Pwogram nou itilize a chita sou filozofi konsyans  ki vin fè ke travay nou depann de sa ou bezwen. Nou aprann konnen etidyan nou yo, nou etidye kote yo sòti, epi ede yo itilize tout sa pou yo ka vanse nan etidye lang lan. Nou gen pwòp pwogram pa nou”- Wynnie Lamour, fondatris
enstitisyon an

Sweet Coconuts

Sweet Coconuts se yon sit pou ou aprann pale kreyòl ayisyen an a pati leson ke ou ka tande chak semèn ke doktè Hans ak Mandaly Louis Charles fè. Sweet Coconuts (kokoye dous) toujou resan e reskonsab yo reponn kestyon moun k’ap li yo sou kreyòl ak sou aprann kreyòl. Sweet Coconuts, ansanm avèk Inisyativ MIT-Ayiti a, reskonsab 2 bèl videyo sa yo sou alfabè ak òtograf lang kreyòl la.

Ou ka ale sou lyen sa pou achte DVD sa.

Haiti Hub

Haiti Hub se yon sit pou moun ki pa konn anyen nan lang kreyòl e ki ta renmen aprann lang lan. Paj entènèt sila a itilize yon kourikoulòm ki baze sou liv ki rele Creole Made Easy. Li pwopoze leson ke ou ka wè ak tande, ak egzèsis kote w’ap li ak ekri an menm tan epi tou gen pwofesè ki la an dirèk.

Pimsleur.com

Se yon sit ki pèmèt ou aprann kreyòl poukont ou ak metòd pimsleur la. Ou ka enskri pou yon kou gratis sou paj entènèt yo a.

The Boston Langugae Institute

Enstiti sa a nan vil Boston. “Li fè w’ fè konesans ak ni ekri ni pale lang lan, ki gen pou premye objektif, fè w’ kapab fè yon konvèsasyon. Kou yo plis konsantre yo sou gramè, kanpe pale ak tande pou konprann epi li ede etidyan ki fenk ap kòmanse yo yon jan pou metrize lang lan.”

Libreri Mapou

Li! Li! Li se metòd k’ap plis ede w’ nan vanse ak kreyòl. Sa a, se yon libreri ayisyen sou entènèt. Se yon bon kote pou w’ jwenn literati an kreyòl men tou bon jan liv lotè ayisyen ekri an franse, kreyòl ak angle.

Sosyete Koukouy –  Lengwistik

Sosyete koukouy se yon paj entènèt sou kreyòl ayisyen ki dedye a prezève ak fè lang kreyòl la vanse. Sou sit la, ou ka jwenn anpil enfòmasyon tankou paj entènèt ki ka ede ou ak literati kreyòl. Nan adrès anlè a ou ka jwenn yon atik sou Sosyete Koukouy ki dekri jan règ fonetik ak alfabè kreyòl la evolye. Li trè enteresan pou li.

Diksyoné Angle – Kreyòl

Educa Vision’s catalog bay yon lis ak yon kantite diksyonè kreyòl ayisyen ke ou ka komande ki ka itil ou.

 

Team Woy

Team Woy

Haiti through our voices. Ayiti nan vwa pa nou.

No Comments Yet

Comments are closed