Istwa Kache: Mwen se yon Ayisyen ki Soufri Depresyon

This post is also available in: English

 This post is also available in: English

“Istwa Kache” se yon seri  sou Woy Magazine kote Ayisyen ka rakonte istwa yo san pataje idantite yo, tout se sijè ke moun ka konsidere pa apwopriye pou pale an piblik. Tout se istwa ki merite atansyon nou. N’ap konmanse seri sa avèk yon sijè ki trè enpòtan ke nou vrèman bezwen abòde nan kominote ayisyen an: sante mantal.

 Avètisman pou moun ki sansib: pòs sa genyen kontni ki pale de swisid

Mwen fatige goumen pou m’ viv  men mwen reve temwaye avè w’ yon jou, menm si jodia a mwen vid e bouke men mwen VLE KENBE LESPWA AK OU!

Mwen pa gen lontan depi mwen reyalize ke mwen malad. An nou di 2 zan sèlman. Men jiska jodia mwen pat panse ke mwen te soufri maladi, e youn maladi ki ka trete, mwen te jis konnen ke mwen pa nòmal. Ke mwen pat fèt pou mond sa a…(mwen kontinye panse sa). Mwen soufri depresyon, depi tout tan e kounya mwen sou enyèm kriz mwen.

Mwen te di fanmi mwen ke mwen te gen lide touye tèt mwen an 2013, paske mwen te pè ke mwen patap ka kenbe pou jis lòt ane. Premye reyaksyon yo sete voye m kay doktè, youn epsikològ, e yo tout te kanpe avèk mwen. Lè mwen di “fanmi,” mwen vle pale de de twa nan yo sèlman. Pou mwen ta di tout fanmi m’ sa tap fatigan anpil, paske pifò moun toujou pare pou yo pa konprann oubyen pare pou jije moun ki soufri maladi mantal.

Mwen pran pòz mwen byen pandan tèlman lontan, ke sè dènye tan lè yo mande mwen kòman mwen ye (ou byen lè mwen fèmen tèt mwen nan yon silans), e m’ reponn ke mwen pa byen, moun ki kote m’ jwenn sa dwòl. Mwen eseye otan ke mwen te kapab pou mwen te kenbe lide de moun mwen ta sipoze ye an e malgre tout efò’m, mwen pat rive moun sa a : yon ti jèn fi ki renmen lavi e ki kontan. Alòs ke pa anndan li t’ap mouri tou dousman. Li pa te pèmèt li pale de sa, paske pou li, tout jèn fi ta sipoze kontan e kòm se li ki pat kontan li panse li te madichonnen/li pat gen chans, pou site sa yo sèlman. Tank jou pase, maladi an pran yon lòt dimansyon. Mwen sòti de ti jounen tris pou m’ tonbe nan de jounen gri jouk mwen tonbe nan tenèb total kote sèl sa ki rete pou m’ fè, se disparèt. Wi, lanmò sanble pi bèl, pi lejè e m’ ap menm pèmèt mwen di bay plis kè kontan.

Lè alkòl ak fo griyen dan pa retire la penn nan nanm mwen, sèl sa ki rete pou fè se tann ou byen chache lanmò. Chak jou mwen goumen pandan lontan kont gwo anvi sa yo. Dèfwa yo vin fò e gen de lè yo vin depase m’. E se lè sa a ke fatig la vin yon chay sou nanm mwen. Fatige chèche nenpòt ti detay pou ede m’ rete anvi. Dèfwa sa mache. Mwen di sa souvan, lanmou fanmi m’ ak kèk zanmi mwen sove m’ anpil fwa. Men, gwo kesyon an se jiska kilè lanmou sa yo ap kontinye sove mwen? Eske m’ap ka kenbe jiska lòt kriz lan? Eske vrèman si mwen mande medikaman m’ap ka konbat demon sa a?

Lè bon jou yo vini, mwen repoze lespri mwen ak nanm mwen. A fòs ou rete deprime, menm kò ou li afekte : doulè nan do, doulè nan zo. Mwen te al wè doktè plizyè fwa pou doulè jiskaske mwen reyalize ke se depresyon an ki ban mwen doulè sa yo. Sak pi rèd lan, sè ke bon jou yo pa janm vrèman fin bon nèt paske mwen toujou wè kote ki pi mal nan tout bagay, e manke konfyans nan mwen. Mwen pa fouti di konbyen pwojè mwen oblije bay vag poutèt vye bagay sa yo. Mwen viv avek li, m’ pa fòse mete pèson alèz ankò, sitou epòk fèt fen ane (MEZANMI!) e mwen pa fòse yo viv move jan mwen yo non plis. M’ ret fèmen sou mwen, pou m’ pwoteje tèt mwen e reprann fòs. Mwen gen chans gen yon gwoup moun nan vi’m ki konprann e toujou la pou mwen. Sa a se yon kado lavi fè mwen.

…moun toujou ap raple’w ke Ayisyen fò e paka soufri depresyon e paka santi yo pa anfòm paske nou se yon pèp ki fèt pou nou goumen ak batay. Bon, mwen ak anpil lòt ki pa pale de sa, nou ta renmen di nou ke NON

Nan anvi ede (mwen panse) moun toujou ap raple’w ke Ayisyen fò e paka soufri depresyon e paka santi yo pa anfòm paske nou se yon pèp ki fèt pou nou goumen ak batay. Bon, mwen ak anpil lòt ki pa pale de sa, nou ta renmen di nou ke NON, ke nou gen dwa pou nou pa santi nou anfòm, ke nou gen dwa pale de sa, e nou sitou gen dwa cheche èd ak sipò ke nou bezwen. Nou se moun e li nòmal pou moun gen moman ke bagay yo pa anfòm pou yo. Daprè mwen, viv bon ak move moman lavi an rantre nan pwosesis pou n’ grandi. Ou bezwen konnen ke w’ pa byen pou w ka konn kijan pou w’ chanje sa. E lè ou di nou pou nou fè yon jefò, kòm si se nou ki responsab sa ki rive nou an, li pa ede nou ditou, ou pi pouse nou a rann tèt nou responsab, koupab.

Si ou vle ede tout bon, aprann tande, pote atansyon a ti detay yo, ti jès, sitou pawòl nou pa pale yo. Kite moun nan di w’ si li vle ou pale avèk li pou remonte moral li oubyen si l’ ta pito ou kenbe la avèk li. Cheche èd pou li/ ak li, m’ vle di yon espikològ ou byen youn epsikyat (sa pra l’ depann de nivo maladi a ye kay moun lan). Gen de jou terapi ap difisil anpil paske w’ap oblije louvri de maleng pou w’ ka jwenn kote doulè an te kòmanse, men tout sa nesesè, e se nan moman sa ke moun nan ap pi bezwen sipò moral. ke w’ LA pou moun lan ! Men kijan ou ka ede. Epi kenbe tout jijman ak vye kòmante yo pou ou. Si ou soufri menm jan avè’m, lè sa pa bon eseye fè yon ti jès/aktivite pou fè tèt ou plezi oubyen ki ka pote yon ti limyè nan moman fè nwa sa a , pa bay tèt ou presyon ni pa pran presyon. bay tèt ou tan pou li pran kap li. Si sa rive ke w’ pa anvi rete poukont ou oubyen ke w’ anvi pale, chwazi yon moun ke w’ vreman fè konfyans e k’ap eseye konprann ou. si sa rive ke w’ pa gen moun sa a, ekri… ekri sa k’ap fè w’ mal la. sa ki enpòtan se chache chanje move lide yo an bon lide e pou sa fòk ou mete yo deyò.

E ou menm kap soufri an silans, m’ ta renmen w’ konnen ke anpil moun renmen w’ e ke ou s’on moun ki gen plas li sou latè, ou plis ke vye lide sa yo, ke w pa poukont ou, ke dapre sa yo di maladi sa ka geri e ke ansanm nap jwenn bout li. Mwen fatige goumen pou m’ viv  men mwen reve temwaye avè w’ yon jou, menm si jodia a mwen vid e bouke men mwen VLE KENBE LESPWA AK OU!

E ou menm ki kite nou deja a kòz depresyon, repoze an pè <3

 

Woy Magazine: Nou chèche anpil pou resous ki ka disponib pou moun k’ap soufri ak depresyon an Ayiti, men nou pa jwenn anyen. Si ou ka retwouve tèt ou nan istwa sa, si ou santi ou deprime, e w’ap panse a fè tèt ou mal, tanpri pale avèk fanmi ou ak zanmi ou. Si ou konnen resous ki disponib pou moun an Ayiti ki ap soufri ak depresyon, souple pataje yo avèk nou nan seksyon konmantè a. 

Si ou Ozetazini, nimewo telefòn “suicide prevention hotline” se  1 (800) 273-8255. Pa ezite chache èd si ou bezwen li, e si ou gen yon moun ki pwòch ou ki sanble li bezwen èd, pa ezite ede li.

Kesyon ak repons sou prevansyon swisid

Ki jan ou ka jwenn èd (USA)

2 Comments
  1. Mwen vreman salye kalite koken chen kouraj moun ki ekri atik sa e mwen santim touche anpil ak gwo temoyag…mwen pa kwe gen oken liv ki dekri maladie depresyon jan ou fel la.ou di tout bagay e mwen santi anpil kouraj deye tout febles vid ke ou ap dekri la se déjà ou gwo posesis terapetik.mwen ap kite nimewo tel ki se 3633 8866. Paske mwen se yon espesyalis ki travay lan domen lan..e ak moun ki soufri depresyon par ezute relem souple ou bien kite ou mesaj se ap ou plezi pou mwen

  2. Wow… This article is leaving me really concerned… I wish I could just hug the author… This is indeed a very serious mater. Only 3 days ago, I have learned that an old classmate had committed suicide and I was livid… Many decades ago, (teenage years) I too, use to be very sad and depress a lot… Though I have never shared it with anyone at the time- I ended up being free and heal from all depression in my life. Personally, I have found my help in Jesus… I am fully aware that belief in God is now a “taboo” subject (smh) but though I have gone through questioning the very existence of God when I was younger, I feel so bless that he had saved me and bless me with my faith in him. This said, to the author: I don’t know if you have a relationship with God, or if you even believe in God for that matter- but I can’t help to think that he wanted me to read this article to let you or anyone know that he is the solution to all problems. He is the loving, consoling father in whose arms we do find all comfort and healing. Thus, I urge you to seek help in him… What the Psy can’t do, my God can ☺️ I can testify to that!

    Love you so much you awesome beautiful anonymous person ❤️

    PS: sorry for not writing in kreyol- I’m writing from my cell and the auto correct is simply soooo retarded ????