Ayisyen Komemore Tranbleman Tè 2010 la avèk #12JanvyeMDeside

This post is also available in: English

This post is also available in: English

Woy Magazine te envite nou pataje desizyon ke tranbleman tè trajik 12 Janvye 2010 la te pouse nou pran pou peyi nou. Anpil Ayisyen ak moun ki renmen Ayiti te pataje istwa yo, inisyatif yo ak rèv yo sou rezo sosyal yo. Nou vle remèsye tout moun ki te pataje avèk nou. Istwa nou yo pwisan e bèl.

 

Men kèk pòs ki te pataje avèk nou ki te touche nou jodi a:

 

“Wi. Mwen konmanse yon konpayi vwayaj pou pataje bèl peyi mwen, kilti li e moun li yo avèk mond lan. Ki jan ou te enspire ou menm? @maitrenath chak 12 Janvye mwen toujou santi’m tris. Ane sa, 5 an pita, mwen refize kite dezespwa mwen te santi jou sa fini avè’m. #12JanvyeMdeside ke mwen pap kite politisyen tèt chat anpeche’m travay pou peyi’m!”

 

“Sa gen 5 lane, mwen te tounen Ozetazini apre on semènn ap fè volontarya e ap gade pèp mwen kap soufri apre tranbleman tè 12 Janvye a, avèk èd yon kominote sipòtif, mwen deside mete efò mwen nan leve fon ak konsays sou Ayiti sou kampous lekòl mwen. Mwen fonde yon gwoup ki te rele Hawks for Haiti. Nou leve plizyè milye dola pou ede rebati lekòl nan Pòtoprens. 12 Janvye mwen deside ke mwen pap ka abandone peyi mwen. #NouPasaBliye #12JanvyeMDeside”

 

(#12JanvyeMDeside itilize eksperyans mwen nan dwa imen pou travay ansanm ak Ayisyen ki t’ap batay pou yon Ayiti pi jis, e pou yon politik entènasyonal pi jis anvè Ayiti.)

 

#12JanvyeMDeside “Mwen konmanse ofri kou kouti gratis sou entènèt  pou nenpot moun ki te deplase, oubyen ki te bezwen jwenn yon fason pou fè lajan. Klas mwen yo se pou moun ki gen sèlman zegwi ak fil, machin a koud, e si yo gen machin endistriyèl, nou ofri sèvis pou fè pwodui yo parèt pi pwofesyonèl e pi vandab.” – @nit_ra via Instagram.

#12JanvyeMDeside “Nou konmanse Belle Vue Tours pou pataje istwa ak kilti nou, e ede kèk nan nou rejwenn wout nou vè peyi nou pou patisipe nan devleopman peyi a.” – @bellevuetours via Instagram.

#12JanvyeMDeside “…Depi kèk tan m’ap travay pou pote yon konpayi teknoloji an Ayiti, avèk sa mwen ta renmen onore tout moun ki te pèdi vi yo e kreye yon wout pou sivivan yo ak jenerasyon k’ap monte la a. Pou tout sa ki pèdi lavi yo, nou p’ap janm bliye nou. Jamè. Mwen onore nou ak tout zansèt nou yo. Ayibobo!!!” – @Toussainttech via Instagram.

 

Nou envite nou kontinye pataje desizyon #12JanvyeMDeside nou nan seksyon konmantè a.

Team Woy

Team Woy

Haiti through our voices. Ayiti nan vwa pa nou.

No Comments Yet

Comments are closed