Foutbòl Ayisyen: yon Maryaj Tèt Chaje ant Amatè ak Pwofesyonèl

This post is also available in: English

This post is also available in: English

Èske nou ka fè federasyon an konfyans pou li kreye yon atmosfè ki ka kondwi ekip la sou chimen la reyisit? Eske pwofesyonèl yo vin pi fò ke federasyon an ak tout ekip la?

Relasyon Ayisyen genyen ak ekip nasyonal la, gwo tonton Grenadye yo, yon jan bankal nan de bout yo. Nou pase de vole ponpe lè gen viktwa— a  dan di lè nou pèdi. Pawòl popilè ki di « pa ni twò cho ni twò frèt » pa mache pou nou ditou. Nou ka esplike yon pati nan konpòtman ekstremis sa nou genyen an pa rapò a jan nou se yon on nasyon plen fanatik ki gen anpil konesans sou foutbòl. Eliminasyon ekip la nan Koup Di Mond FIFA 2014 la fas a Antigwa nan mwa novanm 2011 te youn nan pwen pi ba pou fanatik Ayisyen yo. Nou pa te ka dijere ke yon peyi ki gen tradisyon nan jwe krikèt e ki gen yon tyè popilasyon Petyonvil la te ka bat nou.

Nan ete 2013, yon seri de rezilta ankourajan ke nou pa te atann  kont grann pwisans tankou peyi Litali ak Lespay te fè ekip Grenadye yo rejwenn atansyon fanatik Ayisyen yo. Ak tout bèl match sa yo ki te pwomèt anpil, angouman pou Grenadye yo te monte an flèch.  Kote nou te sòti nan pesimism total kapital, nou vin rive a tann yon mirak lè Grenadye yo ta pral antre nan Koup Dò. Eliminasyon nan yon gwoup kote Grenadye yo te gen ase avantaj pou yo te ka genyen te kontre ak dekourajman. Sa ki rann koze sa a pi mal, se ke Grenadye yo te ale nan batay la ak jwè ki gen nivo pwofesyonèl, malgre sa ekip la vin bay menm rezilta dekourajan sa yo.

IMG_8481

San bay tèt nou manti, nan listwa foutbòl Ayisyen an, nou pa janm gen tout jwè pwofesyonèl sa yo nan ekip la tankou sè jou si. O mwen kenz (15) Grenadye ki te prezan nan kalifikasyon pou Koup Dò 2015 lan se jwè ki ap jwe nan lig nan peyi Ewòp ak Lazi. Yon ponyen nan yo, tankou Jeff Louis, Jean Sony Alcenat ak Donald Guerrier te montre talan yo nan stad preliminè lig chanpyon UEFA oubyen nan gwoup lig Ewopeyen an. Pil ak pakèt kalite sa yo ta dwe garanti nou ase siksè pou fè konpetisyon ak dezyèm pati CONCACAF la (nou vle pale de Ondiras, Jamayik ak Trinidad.) Poutan apènn si nou ka sove yon match kont Antigwa, e nou toujou poko ka kanpe fas a teknik fizik ekip Jamayik la. Poukisa ekip nasyonal nou an ap debat pou plas li nan mitan dezyèm nivo CONCACAF la ? Repons lan chita nan yon maryaj difisil ant amatè ak pwofesyonèl.

Federasyon  foutbòl Ayisyèn lan bloke nan yon move enpas. Strikti òganizasyon an twò demòde. Nan mitan lig nasyonal la, gen yon sitiyasyon tèt anba ak yon lespri amatè ki vin pwodwi yon dezas total kapital. Federasyon an ak lig nasyonal la, make pa enkonpetans e koripsyon ki vin fè yo pèdi konfyans fanatik foutbòl Ayisyen yo. Aksyon movèz fwa yo fè ke lig Digicel la preske disparèt. Kòm konsekans, nouvo manadjè Marc Collat pa te gen lòt chwa ke konte sèlman sou apwi pwofesyonèl jwè lòt bò dlo yo. Kounya, lè yo vin mete pwofesyonèl sa yo nan anviwònnman amatè sa a, yo vin gen yon endiferans emosyonèl ki anpeche konsantrasyon ak atansyon ki enpòtan pou yo rive gen siksè. Èske nou ka fè federasyon an konfyans pou li kreye yon atmosfè ki ka kondwi ekip la sou chimen la reyisit? Eske pwofesyonèl yo vin pi fò ke federasyon an ak tout ekip la? Sa vin fè yon maryaj trè konplike.

An 2015, Grenadye yo gen 2 gwo defi pou yo leve. Premyèman, yo pral nan konpetisyon pou koup di mond 2015 ki ap ba yo 2 tikè pou gwo kokenn chenn konpetisyon Copa America centenario an 2016. Aprè sa,  yo gen pou yo al nan kalifikasyon pou Koup Dò 2018. Eske y’ap rive reyisi ? Yo vrèman gen kalite pou sa. Men an atandan, konpatriyòt mwen yo an nou eseye pa ni twò cho ni twò frèt.

 

Kredi pou foto yo:

– fnfhaiti.com

– JovanJulien.com

Ralph Ganthier

Ralph is a financial analyst, educator, and sports journalist currently living in Haiti. He is a lover of politics, music and cinema, and is an expert at all trivia games.

No Comments Yet

Comments are closed