Ayisyen Nan Zafè Renmen: Yon Bil Telefòn 300 Dola

This post is also available in: English

This post is also available in: English

“Ayizyen Nan Zafè Renmen” se yon seri sou zafè womantik nan eksperyans Ayisyen. Brenda ap pale nou de yon eksperyans li viv ke anpil nan nou viv tou: gason Ayisyen ki tonbe damou anvan ou bat je’w. Èske ou janm viv yon eksperyans konsa? Li e pataje istwa pa ou!

Mwen rankontre Reginald pandan mwen t’al nan yon vwayaj ak papa m’ Monreyal. Nou te dwe ale nan lantèman yon zanmi fanmi an e sa rive ke li te vini vizite moun yo tou.

Li te wo e bèl gason. li pa t’ vreman pale angle, e lè li t’ap pale lang li te yon jan lou. Nou pase sware a ap bay blag nan salon an. Limyè lalin lan te klere figi li pandan mwen t’ap tande ak ri tout istwa lavi li an Ayiti. Mwen rete la jis papa m’ parèt nan pa pòt la pou l’ di m’ al dòmi.

Apre lantèrman an, nou te nan wout pou nou ale lè li vire pou li mande mwen nimewo telefòn mwen.

Mwen te ka santi je papa mwen dèyè do m’ men mwen te sezi wè jan ti tonton an te brav. Li te gen kouray mande mwen nimewo telefòn mwen devan papa m’. Mwen ki tou kapon men ki pran pòz brav mwen tou, mwen ba li nimewo a kòmsi se te bagay ki te pi natirèl nan mond lan.

Pandan nou sou wout tounen lakay apre anpil tan pase, papa mwen resi louvri bouch li pou l’ di m: “ ou pa sipoze bay etranje nimewo telefòn ou” Mwen te pito pa reponn. Mwen te twò okipe nan mande tèt mwen si misye ap rele m’ vre. Misye rele mwen vre, nan demen swa men sou yon kat telefòn. nou pale jis li pa rete minit ankò.

Nou te tèlman diferan. Li leve Ayiti, li al viv Kebèk pou li te ka ale lekòl. Chak fwa li pale de paran li mwen te toujou tande yon ti kè sere nan vwa li. Li pat ka ale vini a koz de viza etidyan li genyen an, ni li pat’ gen lajan pou sa. Mwen ki te ale Ayiti 2 fwa sèlman nan vi m’, mwen pa t vreman konnen peyi a, men mwen vin gen oon ti lide dapre tout sa li te esplike m de lavi li. Li te konn ri aksan Ameriken mwen an lè mwen te pale kreyòl e mwen te aprann li kèk fraz an angle.

Nou te konn pale prèske chak swa pandan 2 semèn. ak tout bèl ti moman nou t’ap viv yo nou te menm ap panse ke mwen te ka al wè li Kebèk; nou te menm konmanse kwè ke sa te ka fèt. Ti apèl li yo te fè vakans mwen an pi enteresan. Se te pi bon relasyon mwen te ka genyen; mwen pa t bezwen abiye chèlbè, ni depanse lajan oubyen bay manti ba papa’m pou mwen te ka f’on ti pachat pou m’ sòti nan kay la. Pi fò swa nou te pale yo, mwen te kouche nan kabann mwen ak rad drive mwen, epi telefòn lan kwoke nan zòrèy mwen.

Li pale avè m’ an kreyòl e pou li te ka bay sa l’ap di a plis piman. Li te konn mete ti mo franse pou li di’m ke mwen bèl e ke l’ renmen pale avèk mwen. Sete san bay manti, viv nan yon mizik Alan Cavé. Pandan mwen ap di sa a, li te menm jwe kèk nan mizik li pi renmen yo pou mwen.

Mwen te renmen ti atansyon an menm si mwen te konnen li pa t’ anyen serye. Mwen pa t’ espere sa t’ap kontinye apre grann vakans. Nan tèt pa mwen sa t’ap fini byen vit, e nou chak sou bò pa nou t’ap bliye sa lè nou kòmanse okipe ak lekòl. Mwen te panse li te santi menm bagay la jiskaske li di m’ li renmen m’… “I love you.”

Mwen pa te konn kisa pou m’ te di. Mwen di misye  ke li twò bonè pou nou pale de sa. Li te mande mwen, pou mwen di li ke mwen te renmen li tou.

“Di m’ ke w’ renmen m’ aswè a.”

Mwen te refize e la menm, yon bagay nan vwa li febli. Mwen te santi mwen mal paske mwen te kraze yon istwa damou, men mwen pat ka bay misye manti.

Mwen pa janm tande li ankò. Lekòl vin louvri epi mwen resevwa bil sa m dwe konpayi telefòn lan: 300 DOLA VÈT!

 

 

 

 

photo via GraphicStock

Brenda Fadeyibi

Brenda Prince Fadeyibi is a NYC based Occupational Therapist, blogger (cakeandeggs.com), and aspiring novelist. Fluent in Kringlish, lover of all desserts, breakfast foods, and books, she is determined to live her truth one word at a time. Follow her on twitter: @cakeandeggs

No Comments Yet

Comments are closed