Rasism, Mike Brown ak Kominote Ayisyen an

This post is also available in: English

This post is also available in: English

Èske nou ka vrèman rele tèt nou pitit Dessalines si nou rete bouch be devan ka enjistis sa yo?

Lanmò Michael Brown make mwen depi lè mwen te aprann detay evènnman trajik sa ki te pase yon apremidi nan mwa dawout.  Mwen gen twa frè ak de neve, imedyatman mwen panse a avni yo, e a koman paske yo nwa, gen moun ki t’ap konsidere yo mwens ke moun olye de bon ti gason fanmi nou te leve yo. Antan ke yon dyaspora Ameriken, mwen grandi ak konesans ke moun nwa Ozetazini se yon pèp k’ap monte yon maswife. Mwen vin komprann ke majorite sosyete a ap tire konklizyon yo vle sou mwen avan mwen menm ouvri bouch mwen pou’m pale paske po mwen fonse e mwen gen trè Afriken.

Men anpil nan kominote Ayisyen an pami tout jenerasyon pa ni komprann ni aksepte nosyon sa. E se pa fòt nou non plis. Ayisyen ap viv lontan avek move eksperyans antan ke imigran nan men ni Ameriken blan, ni Ameirken nwa. Pou blan nou se boat people ki vini de « peyi ki pi pòv nan emisfè lwès la .» Pou yo, nou se moun ki sot nan koudeta, nou se vedèt pou ede yo fè lajan ak reklam sou dezas natirèl ak povrete. Pou Ameriken nwa menm : Ayisyen sal, nou santi, nou pale dwòl. Si ou te viv ozetazini nan ane 90 yo, Ameriken te di ke se nou ki orijin maladi SIDA. Yo pat janm vrèman akeyi nou bò isit la, e nou aprann fè yon mond pou tèt pa nou ozetazini. Nou bati konimonte pa nou nan Filadèlfi, Nouyòk, Boston ak Florid. Nou rete ant nou menm, nou lite pou pitit nou rive pi lwen, nou debat pou nou achte kay nan bon zon pou montre moun nou yo ki lakay toujou ke « American dream » lan ka yon reyalite pou nou tou.

Men pitit nou yo komnamse louvri ti kominote Ayisyen nou te bati nan ane 80 ak 90 ( ?) Mizik rap, televizyon, zanmi, ak kilti ki antoure nou fose nou asimile ak kilti ameriken an– ke nou vle ou pa. Lè’m gade ti frè’m ki gen 17an, diferans ant misye ak papa’m ou granpè’m tèlman gran. Ti frè’m pa pale kreyol, malgre nou eseye, lwazi li se videogame, tenis ak hoodie se stil abiye li. Menm jan George Zimmerman te pouswiv Trayvon pou tèt hoodie li nan Florid, ti frè mwen te ka reprezante menm menas sa pou yon polisye rasis nan Nouyòk. Ayisyen paka kontinye bay tet nou manti ke nou p’ap sibi menm bagay nan men blan ke konfrè Ameriken nwa nou. Kote y’ap touye kòdenn, poul pa ri. Polisye rasis pat ap mande frè’m ak neve mwen ki jan yo rele, ou byen ki kote fanmi yo moun anvan yo atake. Yo pat ap jis ba ti frè’m lanmen epi kite’l ale paske li te reponn “Jean, Charles, Ulysse” ak “Ayiti” .

Ayisyen se yon pèp ki fyè, e nou gen tout dwa nou pou sa. Istwa nou, jiska jounen jodia se youn istwa ki kè fyète tout nèg. Nou se yon pèp vanyan nan tout sans mo a. Menm si ke gen moman ke fyète sa a pa benefisye nou jan nou ta vle a. Mwen te nan inivèsite lè mwen te premye fè konesans ak travay Malcolm Gladwell. Se te yon atik nan magazin “the New Yorker” ki te entwodwi’m ak fenomèn ki se “Good Blacks” (Bon Nwa) vs. “Bad Blacks” (Move Nwa). Nan atik la Gladwell dekri kòman, paske nou etranje, yo pèsevwa imigran Karayibeyen nan Amerik di Nò (li t’ap pale de pwospektiv yon Kanadyen) kòm yon bon nwa nan zye blan yo. Akòz de tandans imigrasyon, anpil imigran Karayibeyen nan Etazini ak Kanada te soti de fanmi ki gen mwayen, ki te kapab pèmèt yo edike pitit yo epi vwayaje nan yon lòt peyi. Lè yo fè konesans ak estrikti rasism ak klas sosyal nan nouvo peyi sa yo, menm moun sa yo ki te fè pati de klas mwayèn nan peyi yo, kounya oblije ap viv e travay nan kominote pòv. Nan kontèks sa, akòz de diferans nan edikasyon ak kilti yo, blan an bay imigran Karayibeyen yo plis valè ke Black Ameriken yo.

Se yon nechèl bati sou yon ideyal ki baze sou ras, inyorans ak klas, men fòk nou admèt ke gen anpil nan kominote nou an ki dakò ak mantalite sa. Mwen konnen ke anpil nan nou ki ap li atik sa a sonje yon lè lè nou te piti kote ke paran nou ak lòt granmoun te rale zorèy nou e te avèti nou pou nou pa tounen menm jan ak Black Ameriken sa yo. E se poutèt move mantalite sa ki fè ke genyen nan nou ke lanmò Mike Brown pa fè ni cho, ni frèt…paske pou nou menm se yon Black Ameriken ki mouri – pa youn nan nou. Pakont, istwa ap demontre nou ke nou pa epanye de zak malonèt rasis ap fè kont nwa nan peyi Etazini. An 1997, Nouyòk Polis te arete Abner Louima e pandan li nan men lapolis, polisye NYPD fè kadejak sou li epi yo te maspinen li. Aprè atak sa a kominote Ayisyèn nan te pran lari e manifeste jiskaske yo te souke Brooklyn Bridge la. Men mesaj la te gentan klè – nou pa an sekirite. an 2000, yon polisye NYPD ki t’ap travay “undercover” tire epi touye Patrick Dorismond. Lajistis (grand jury) pat enkilpe li – menm jan nan ka Mike Brown nan.

Gen lòt egzanp ke mwen te ka site, men de ka sa yo fè pwen ke mwen vle fè a. Nou dwe reveye epi reyalize ke depi ke nou nwa nan Etazini, rasism ap toujou touche lavi nou. Nou paka wè diferans kiltirèl nou kòm rezon pou nou rete bouch be lè rasis ap tiye tigason nwa ki pa pataje menm san ak nou. Ti frè nou ak ti sè nou yo ap grandi nan peyi sa a – nou pap ede yo lè nou pa denonse konpòtman rasis sa yo, paske yo ka sible yo tou. Èske nou ka vrèman rele tèt nou pitit Dessalines si nou rete bouch be devan ka enjistis sa yo?

Valerie Jean Charles

Valerie Jean-Charles is a Communications Strategist living in Washington, D.C. She is also an editor at Woy Magazine.

No Comments Yet

Comments are closed