Kote Pou’w Jwenn Soup Joumou Pandan Ane A

This post is also available in: English

This post is also available in: English

Jou a rive! Nap selebre ansanm ak fanmi, bay blag ak zanmi, fè ti mennaj vakans nwèl la, men sa’k pi enpòtan se lè pou manje Soup Joumou a resi rive! Pa gen pi bon jan pou’w selebre nouvo ane a epi komemore Endepandans Ayiti ak moun ki pwòch nou ke pataje kokenchenn manje sa a. Pi bon memwa anfans mwen se nan sezon sa! Manman mwen ak granmè mwen te toujou met tèt ansanm pou fè pi bon Soup Joumou ki egziste. Kiyès nan nou ki ap li sa kwè ke se Soup Joumoun manman ki pi bon pase tout lòt?! Ayibobo!!

Donk, apre nou fin plen paj Twite ak IG tout moun premye janvye ak #SoupJoumou (fon ti cheke achtag sa, gen nan foto ane pase yo ki pa fin yes yes…), wap antre lakay ou, ou ka pa gen manman ak grann la pou gate’w ak on bon bòl Soup Joumou pandan ane a….oubyen gen nan nou k’ap eseye konvenk yo pou yo fè soup, men yo pa sou sa. Nan mache chèche, mwen reyisi rasanble yon lis restoran kote ou ka jwenn Soup Joumou pandan tout ane a.

1. Le Plaza Hotel, Port au Prince 

IMG_4483

Mkomanse jounen Soup Joumou sa nan Le Plaza Hotel, Pòtoprens. Se yon bèl ti kote byen pezib nan mitan Pòtoprens, e mwen te byen kontan ak sèvis la.

Men ki nòt m’ap bay Soup Joumou Le Plaza a:

-Soup la te yon ti jan sèch

-Li te chaje makawoni, li te gen twòp menm

-Vyan: Yon ti kras vyann bèf, yo pat mete ase ditou 

-Li te chaje pòmdetè, men yo pat mete ase legim

Bon, daprè mwen li te te gen gou Gerber, manje pou ti bebe, byen ke malgre’m fin granmoun m’byen renmen manje bebe! 

-Pri: Bifè dejene nan Le Plaza a se 12 dola ameriken.

-Mwayèn: 3 etwal

 

2. Hotel Cyvadier, Jacmel 

IMG_4480

Wooo Jakmel! Soley la tap briye. Sèn lan se pa pa pale. Hotel Cyvadier anndan Jakmel se yon kote ki bèl tou natirèlman, e sa te deja mete’m nan bon lespri pou’m bwè yon ti Soup Joumou e pataje ba li yon mwayèn..

Men ki nòt m’ap bay Soup Joumou Hotel Cyvadier a:

-Li te on ti jan epè.

-Li te twò pike pou gou bouch mwen. (Men si ou renmen soup pike, ou tap fanatik soup sa.)

-Chaje legim, sitou chou ak kawòt (M’te renmen sa anpil!)

-Men, tann mwen, KOTE VYANN LAN!?

Jiska prezan m’ap mande tèt mwen kote rès vyann lan te ye!

Pri: Soup Joumou Hotel Cyvadier a koute 8 dola ameriken

Mwayèn: 3 etwal

3. La Reserve Restaurant, Petion-Ville 

IMG_4482

Sete yon bèl Dimanch matin. Yon jou kote yon gason Ayisyen tankou’m ap chache detann yo devan kèk match foutbòl. M’te deside monte al gad match La Reserve e mwen te tou pwofite manje nan bifè dejene yo a. Ah, mwen pat regret sa ditou!

Men ki nòt m’ap bay Soup Joumou La Reserve la:

-Li te bien epè!

-Yo te mete bon ti epis ladan li (Se te koupe dwèt!)

-Yo pa te mete makawoni (Nou konnen Ayisyen renmen ti farin nou, fòk gen makawoni nan soup la!)

-Anpil Anpil vyann (Sanble yo te griye vyann lan anvan yo metel nan soup la, ki bal yon bèl ti gou fimen. Lè’m di’w li te bon an!)

– Yo pa te mete legim (bon lavi a se konsa li ye, ou paka jwenn tout bagay)

– Anpil Pòmdetè (sèl ti eksè ki te gen nan soup la)

An verite soup sa te gou anpil! Se sèl ti legim lan ak makawoni yo pat mete an kit e fè’m on jan desi.

Pri: Bifè Dimanche La Reserve la koute 470 gd Ayisyen.

Mwayèn: 4 etwal

4. Sunrise Bakery, Fort Lauderdale 

image2

Mwen te pase de twa jou florida, epi kòm mwen t’ap fè yon ti fouye pou atik sa, mwen te panse li t’ap bon pou’n wè kijan djaspora yo ap viv nan koze Soup Joumou sa. Donk bon zanmi’m Ralph mennen mwen yon kote yo rele Sunrise Bakery nan Fort Lauderdale la. Msezi! Nan Sunrise Bakery a yo pare Soup Joumou yo chak Dimanch maten a 8hr boul. An jeneral, moun plase kòmand yo depi an avans, ki vle di depi a 8:30am, ou gen tout chans pou’w pa jwenn soup. Genyen yon istwa yo renmen rakonte nan restoran an sou yon Ayisyèn ki, yon bon Dimanch, te kòmande on pakèt soup pou li pote legliz li epi li mache di tout moun nan legliz la, ke se li ki fè soup la. Kòmsi, Soeur Myrlande Se vre! Tout sa pou mwen montre’w jan soup la bon!

Men ki nòt m’ap bay Soup Joumou Sunrise Bakery a:

-Li te byen epè

-Epis: Li te byen epise e li te gen bon asid (ki vle di vyann lan te byen sizonnen)

-Yo te mete bon ti Makawoni ladan li.

-Bèl bout vyann ak zo (Nou konn ayisien pa jwe ak zo yo!)

– Bon kout legim, chou ak kawòt

– Pomdetè yo te fre (Gou yo ret sou bouch mwen)

-E pi bon pati a: Yo sèvi’l ak pen tou cho.

Rivyou jeneral: Nou kite restoran an ak bòl soup nou e nou pase yon bon ti tan ansanm ap trip. Mwen toujou di ke bon manje gen pouvwa pou ransable moun, e se sa bòl soup Sunrise Bakery a te fè pou nou jou sa.

Pri: Yon bòl la soup ak pen koute 6 dola ameriken. (Si Sr Myrlande pa gentan ale ak tout, ou ta dwe achete 2. Haha ok Tile kite anmedan)

Mwayèn: 4 ½ etwal, paske sèl Soup Joumou kay manman’m lan ki ka pran 5 sou 5!

5. Manman’m, manman’w, matant ou, Granmè’w – lakay se lakay

IMG_4484

Ou te met mache goute tout soup joumou ki gen nan peyi a sel pla k’ap bien mache gou bouch ou se sa yo sevi lakay ou a. Kit se manman’w, granma, matant ou ou bonne la ki prepare soup Joumou an, pa gen pase sa ki fet lakay. Ki fet ak lanmou. Vyan lan asezone ak gantiyess, yo mete legim yo ak tendress, et le yo melanje yo ansam li few santi’w lakay.

Soup Joumou, depi 1 Janvye 1804 l’ap pote bèl moman pou fanmi Ayisien.

Tilé

Tilé

A daydreamer who manages projects from 8 to 5. The rest of the time, he can be found playing vinyls, grinding coffee or drinking chai tea.

No Comments Yet

Comments are closed