Soup Joumou: yon bòl istwa, lanmou ak nitrisyon

This post is also available in: English

Mwen pa gen memwa anvan soup joumou.

Mwen pa gen memwa anvan soup joumou. Pa gen okènn referans nan tèt mwen pou lè kò m premye fè konesans ak manje sa a. Nan tout ane mwen fè ap ransanble souvni nan lespri m, soup joumou te toujou la.

Lè mwen fouye nan bibliyotek souvni mwen pou m jwenn albòm foto ki make “soup joumou” a, albòm mwen jwenn l an gwo e lou. Si ta gen yon foto pou chak fwa mwen bwè soup sa pou boure nan albòm foto sa, pil la t ap men wotè. Foto yo t ap an dezòd, chifonnen, t ap gen kèk ki foure san konsiderasyon. Mwen pa t janm rann mwen kont ke memwa soup joumou mwen yo te merite yon respè espesyal, ni okenn refleksyon ditou. Memwa sa yo gen plas yo nan lavi mwen menm jan ak solèy la, menm jan ak kòk k ap chante, ak kreyòl.

Jodi a tan an sonb nan mitan ivè nan Vermont. Mwen chita nan kwizin mwen ap gade deyò fenèt la. Je m tonbe sou glas k ap pandye nan plafon lakay mwen. Mwen pa tande kòk k ap chante depi dènye fwa mwen sot Ayiti, e kreyòl tounen yon ti ponyen mo k ap woule nan tet mwen tankou wòch nan yon rivyè.  Kounye a, mwen panse a soup. Mwen anvi soup la, menm jan zorèy mwen anvi tande yon moun rele mwen “ti cheri mwen”, menm jan mwen anvi santi kè poze ki anvayi m chak fwa mwen tande kòk chante leswa. E po mwen bezwen chalè solèy la.

Eske se pa sa soup joumou ye? Yon bòl plen solèy, yon bonm lakay, yon veso ki livre Ayiti dirèkteman nan bouch ou, ki fè ke lè w manje l ou santi kòd ki mare nou tout ansanm a zansèt yo vin pi sere?

Soup sa se yon nosyon. se yon tradisyon. Li se yon senbòl, yon sètifika pou patisipasyon. Se yon prèv idantite. Yon jou kou jodia, nan yon 100 lane ankò, Akeyològ oubyen Jenetisyen oubyen moun ki fè mòd travay sa yo ap pran yon echantiyon nan kò yon moun e yo ap konnen ke moun sa se Ayisyen paske selil yo ap gen ADN joumou ladan l.

M ap ka konnen kiyès ou ye sou jan ou reponn keksyon sa: kisa ki premye manje ou manje chak premye janvye?

M ap ka konnen kiyès ou ye sou jan ou reponn keksyon sa: kisa ki premye manje ou manje chak premye janvye? Si ou reponn nenpòt bagay ki pa “soup joumou”, nou ka zanmi men nou pa fanmi. Soup sa se premye bagay ki glise sou lang mwen lè tout moun bò kote m ap selebre yon nouvo ane.

Yon ti enfòmasyon sou joumou:

IMG_3431Soup joumou te kreye pa premye premye dam Ayiti, Enperatris Marie Claire Heureuse Félicité Bonheur Dessalines, kòm manje ideyal pou nouri solda ki t ap konbat kont kolonizatè pou ba nou libète. Se pou sa nou bwè soup joumou chak premye Janvye. Jou sa siyifye yon nouvo ane pou pi fò emisfè a, men pou Ayisyen, se jou endepandans nou.

Soup joumou fèt ak sa yo rele Ozetazini “Kabocha squash”. Vyann joumou a gen on bèl koulè jòn. Lè ou pire ou kraze li, li vin lis e epè, dous e sale an menm tan. Ou ka prepare li avèk ou san vyann. Soup joumou diferan chak kote ou goute li depandaman sou preferans chak moun. Papa mwen te toujou ensiste yo mete seleri ladann, si non, pou li, sa pat soup joumou. Mwen menm, mwen pa bezwen seleri men mwen pa negosye ten lè m ap prepare li. Si ou mete lòt legim nan joumou a apre ou kraze li, fòk ou koupe yo an ti mòso. Ti mòso legim sa yo reprezante ti medayon pou pwosperite. Men an reyalite, sèl sa ou bezwen pou soup la se joumou a ak dlo. Ak sèl, w ap toujou bezwen sèl.

Kabocha, tankou tout lòt plant ki fè pati de fanmi joumou a, se yon manje ki gen anpil benefis. Lè ou bouyi ou kraze li ak grès (bè se fòm de grès prefere mwen, mwen itilize demi a yon pakè pa joumou, men tradisyonèlman moun sèvi ak grès kochon.) Joumou trè fasil pou sistèm ou dijere e eleman nitritif yo disponib fasilman a kò ou. Mwen renmen itilize soup ak joumou bouyi pou moun ki gen pwoblèm dijesyon ou byen moun ki paka manje anyen ki pi solid ke bouyon.

Li trè ba an idrat kabòn men an menm tan trè rich an vitamin ak mineral. Lè ou blende li ak grès, sa fè kò ou konvèti vitaminIMG_3417 A ak K pi fasil. Li gen anpil potasyóm, ak molybdène. Konteni fib joumou trè ba, sa rann li bon pou moun ki gen sistèm dijestif ki irite, men si kò ou pi fò ou ka ogmante fib la si ou bouyi joumou a ak tout po li sou li.

Kredi pou foto yo: Jennifer Martineau

Jennifer Martineau

Jennifer Martineau

Jennifer Martineau, originally from Haiti, is a Certified Nutritional Therapist Practitioner, Lifestyle Coach and Writer.

No Comments Yet

Comments are closed